IR-2025-23, 19 fevriye 2025
WASHINGTON — Pandan sezon enpo 2025 lan ap kontinye, Sèvis Revni Entèn nan ankouraje kontribyab yo pou yo fè preparasyon ki esansyèl yo epi yo dwe konnen chanjman enpòtan ki ka afekte deklarasyon enpo 2024 yo.
Anons sa a make kòmansman seri Gid pou Tan Enpo. IRS itilize gid sa a pou bay enfòmasyon ki ajou pou ede kontribyab yo ranpli yon deklarasyon ki egzak. Gen yon pakèt resous (an anglè) ak zouti ki disponib tou sou IRS.gov, tankou yon paj espesyal pou èd gratis ki aksesib 24/7.
IRS ankouraje kontribyab yo pou yo li Piblikasyon 17, Enpo Federal sou Revni Ou (Pou Moun), pou plis konsèy ak mizajou.
Konsèy pou ranpli yon deklarasyon enpo ki kòrèk
Dat limit pou pou soumèt Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Ozetazini, oswa 1040-SR, Deklarasyon Enpo Moun Aje Ozetazini (an anglè), se 15 avril 2025. Pou evite erè ak potansyèl reta nan pwosesis, kontribyab yo ta dwe tann jiskaske yo resevwa tout dokiman enpo ki nesesè yo anvan yo ranpli. Kontribyab yo ta dwe toujou byen analize dokiman yo pou erè oswa enfòmasyon ki manke. Yo ta dwe kontakte patwon yo oswa moun ki peye yo san pèdi tan pou mande yon koreksyon si gen pwoblèm ki rive.
IRS rekòmande pou kontribyab yo kreye yon Kont IRS sou Entènèt, ki bay aksè sekirize a enfòmasyon enpo yo, tankou istwa peman, dosye enpo ak lòt enfòmasyon kle. Kenbe dokiman enpo ki òganize dijitalman ka senplifye preparasyon yon deklarasyon enpo ki konplè ak egzat epi li ka ede idantifye dediksyon oswa kredi yo neglije.
Kontribyab ki gen yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl oswa ITIN ka bezwen renouvle li si li ekspire. IRS ka aksepte yon deklarasyon enpo ak yon ITIN ki pral ekspire oswa ki ekspire, men gendwa gen reta nan tretman li.
Mizajou sou Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun pou ane fiskal 2024
Kantite maksimòm Kredi Adisyonèl Enpo pou Timoun (ACTC) nan ogmante a $1,700 pou chak timoun ki kalifye.
Moun ki abitetoutbon nan Pòtoriko yo pa oblije gen twa oswa plis timoun ki kalifye ankò pou yo ka kalifye pou reklame ACTC. Moun ki abite toubon nan Pòto Rico ka elijib pou reklame ACTC si yo gen youn oswa plis timoun ki kalifye.
IRS pa ka bay ranbousman anvan mitan mwa fevriye 2025 pou deklarasyon ki byen reklame ACTC a. Delè sa a aplike a tout ranbousman an, pa sèlman pòsyon ki asosye ak ACTC a.
Lòt chanjman pou ane Enpo 2024 la
Montan dediksyon estanda a ogmante. Pou 2024, montan dediksyon estanda a te ogmante pou tout kontribyab. Montan yo se:
- Selibatè oswa marye men ranpli separeman — $14,600.
- Chèf kay - $21 900.
- Marye epi ranpli ansanm oswa konjwen sivivan ki kalifye - $29 200.
Amelyorasyon Kredi Enpo pou Timoun. Kontribyab ki elijib pou Kredi Enpo pou Timoun yo pa ta dwe tann pou yo ranpli deklarasyon enpo 2024 yo. Si Kongrè a chanje direktiv CTC yo alavni, IRS pral otomatikman ajiste pou moun ki deja ranpli. Pa gen okenn ayenn adisyonèl kontribyab ki elijib yo pral bezwen fè.
Dapre lwa aktyèl pou ane fiskal 2024 la, sa ki annapre yo aplike kounye a:
- Montan inisyal CTC a se $2,000 pou chak timoun ki kalifye. Montan kredi a kòmanse redwi gradyèlman kote revni brit ajiste a (AGI) depase $200 000 ($400 000 nan ka yon deklarasyon ansanm).
- Yon timoun dwe gen mwens pase 17 an nan fen ane 2024 la pou li kapab yon timoun ki kalifye.
Chanjman nan Earned Income Tax Credit (EITC). Pou reklame EITC a san yo pa gen yon timoun ki kalifye an 2024, kontribyab yo dwe gen omwen 25 an daj, men yo dwe gen mwens pase 65 an nan fen ane 2024 la. Si yon kontribyab marye fè yon deklarasyon ansanm, yon konjwen dwe gen omwen 25 an daj men mwens pase 65 nan fen 2024 la.
Kontribyab yo ka jwenn plis enfòmasyon sou plizyè kredi enpo pou timoun nan Enstriksyon pou Barèm 8812 (Fòm 1040) (an anglè).
Kredi Adopsyon. Kredi Adopsyon an ak esklizyon pou avantaj adopsyon anplwayè yo bay yo, toulede se $16 810 pou chak timoun ki elijib an 2024. Montan an kòmanse diminye si kontribyab yo gen yon AGI modifye ki depase $252 150 epi li elimine konplètman si AGI modifye yo a se $292 150 oswa plis. Pou plis enfòmasyon, gade Fòm 8839 (an anglè) PDF ak Enstriksyon pou Fòm 8839 (an anglè).
Kredi Veyikil Pwòp. Yo rapòte Kredi Veyikil Pwòp la sou Fòm 8936 ak Barèm 3 (Fòm 1040), liy 6f. Pou plis enfòmasyon, gade Fòm 8936, Kredi Machin Pwòp (an anglè).
Kredi Veyikil dezyèmmen Pwòp. Kredi sa a disponib pou veyikil pwòp dezyèmmen yo ackte epi yo te mete an sèvis apre 2022. Pou plis enfòmasyon, gade Fòm 8936, Kredi Veyikil Pwòp (an anglè).
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sa yo ak lòt chanjman kredi ak dediksyon pou ane enpo 2024 la nan Piblikasyon 17, Enpo Federal sou Revni Ou (Pou Moun), gid pou kontribyab.
Limit kontribisyon IRA ogmante
Apati 2024, limit kontribisyon IRA a ogmante a $7 000 ($8 000 pou moun ki gen 50 an oswa plis) soti nan $6 500 ($7 500 pou moun ki gen laj 50 oswa plis) pou ane anvan an.
Kondisyon pou rapò 1099-K yo chanje pou ane enpo 2024
Limit rapò a pou ane 2024 la chanje. Òganizasyon Règleman Tyès Pati (TPSO), yo rele tou aplikasyon peman ak mache sou entènèt, kounye a oblije rapòte tranzaksyon yo lè kantite total peman pou tranzaksyon sa yo an 2024 te plis pase $5 000. IRS te pibliye Avi 2024-85 (an anglè) ki bay soulajman tranzisyon pou TPSO yo. Pou yo konprann sa pou yo fè, kontribyab yo ta dwe abitye ak Fòm 1099-K a.
Opsyon pou ranpli gratis
IRS Free File, ki disponib sèlman atravè IRS.gov, ofri kontribyab ki elijib yo, pakè lojisyèl preparasyon enpo pou itilize gratis. Kèk nan pakè Free File yo ofri tou preparasyon pou deklarasyon enpo leta gratis. Lojisyèl la fè tout travay la pou jwenn dediksyon, kredi ak egzanpsyon.
Kontribyab ki alèz pou prepare pwòp enpo yo ka sèvi ak Free File Fillable Forms (an anglè), kèlkeswa revni yo, pou ranpli deklarasyon enpo yo swa pa lapòs oswa sou Entènèt.
Direct File se yon opsyon pou kontribyab yo ranpli deklarasyon enpo federal sou Entènèt—gratis—direkteman e an sekirite avèk IRS. Direct File se yon opsyon ranpli pou kontribyab nan eta k ap patisipe yo ki gen yon deklarasyon enpo relativman senp epi rapòte sèlman sèten kalite revni, epi reklame sèten kredi ak dediksyon. Ale nan IRS Direct File (an anglè) pou jwenn plis enfòmasyon, tankou mizajou nan lis eta ki nan pwogram nan ak nouvo sitiyasyon enpo Direct File te ajoute nan sèvis la pou ane enpo 2024 la.
MilTax se yon resous enpo gratis ki disponib pou kominote militè a, Depatman Defans lan ofri. Pa gen limit revni. MilTax gen ladann l preparasyon enpo ak lojisyèl depoze elektwonikman, sipò pèsonalize nan men konsiltan enpo ak enfòmasyon aktyèl sou depoze enpo. Li fèt pou adrese reyalite lavi militè yo—ki gen ladan l deplwaman, konba ak peman fòmasyon, lojman ak lokasyon, ak depoze plizyè eta. Moun ki elijib (an anglè) yo ka sèvi ak MilTax pou depoze elektwonikman yon deklarasyon enpo federal ak jiska twa deklarasyon leta gratis.
VITA ak TCE. Pwogram Asistans Volontè Enpo sou Revni (VITA) IRS ak Konsèy Enpo pou Moun Aje (TCE) ofri preparasyon de baz pou deklarasyon enpo pou moun ki kalifye yo. Pou jwenn sit VITA oswa TCE ki pi pre a, sèvi ak VITA Locator Tool (an anglè) oswa rele 800-906-9887.
W ap jwenn enfòmasyon konplè sou chanjman sa yo ak lòt chanjman pou ane enpo 2024 la nan Piblikasyon 17, Enpo Federal sou Revni Ou (Pou Moun), ak sou IRS.gov.