Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou an

Si w resevwa yon avi oswa yon lèt IRS

IRS ekri moun pou rezon sa yo:

  • Ou dwe yon balans
  • Ranbousman w soti pi gwo oubyen pi piti
  • Nou gen yon kesyon konsènan deklarasyon w
  • Nou bezwen verifye idantite ou
  • Nou chanje oswa korije deklarasyon w lan
  • Nou en reta nan tretman deklarasyon w lan

Pou jwenn detay sou yon avi oswa lèt IRS, chèche li pa nimewo oswa sijè. Ou ka jwenn nimewo CP oswa LTR nan kwen adwat lèt la.

Kisa pou w fè si w resevwa yon lèt oswa yon avi

Revize li ak anpil atansyon epi kenbe li pou dosye ou. Si nou mande w pou reponn, aji nan dat limit la. Sa pou w fè depann de sitiyasyon ou:

Si ou dakò ak avi a oswa lèt la

Pran nenpòt aksyon yo mande yo. Ou pa bezwen reponn sof si nou mande w espesyalman.

Si ou pa dakò

Swiv enstriksyon ki nan avi a pou w konteste sa li di. Mete enfòmasyon ak kopi dokiman pou nou revize lè nou konsidere pwotès ou a.

Pou garanti dwa w pou fè apèl, reponn nan dat limit la.

Si w dwe yon montan

Menmsi ou pa kapab peye tout kantite lajan ou dwe a, peye nan dat limit la . Sa a ka diminye enterè ak chaj penalite.

Si nou chanje oswa korije deklarasyon enpo w la

Konpare enfòmasyon ki nan avi a oswa nan lèt la ak deklarasyon w la. Si ou dakò, note koreksyon yo sou kopi pèsonèl ou nan deklarasyon enpo la epi kenbe li pou dosye ou.

Ou bezwen pran aksyon sèlman si nou mande plis enfòmasyon, si ou gen yon balans ki dwe oswa si ou pa dakò ak avi a (an anglè),

Si ou sispèk yon frod

Si lèt la pa parèt nan rechèch ou an oswa si li sanble sispèk, rele 800-829-1040. Swiv enstriksyon reprezantan IRS la.

Frod ak alèt konsomatè yo

Avi san papye

Ou ka jwenn sèten avi ak lèt nan kont sou entènèt ou an .

Avi ak lèt aksesib

Pou jwenn avi ann bray, gwo lèt ak fichye odyo, ranpli Fòm 9000, Preferans Media Altènatif(an anglè) PDF.

Pwodwi ak sèvis aksesib (an anglè)