Deklarasyon elektwonik disponib pou Fòm 1040-X la kounyeya
Ou ka ranpli anliy Fòm 1040-X la kounye a ak lojisyèl deklarasyon enpo, pou modifye Fòm 1040, Fòm 1040-SR, oswa Fòm 1040-NR pou ane aktyèl la oswa de peryòd enpo anvan yo.
Deklarasyon sou papye toujou rete yon opsyon pou Fòm 1040-X.
Soumèt Fòm 1040-X pou:
- Korije Fòm 1040, 1040-SR, oswa 1040-NR (Fòm 1040-A oswa Fòm 1040-EZ ki te depoze deja).
- Fè kèk chwa aprè dat limit la fin pase.
- Chanje montan IRS te ajiste oparavan yo.
- Fè reklamasyon pou yo ajoute yon pèt ki pase oswa yon kredi ou pa t itilize.
Revizyon aktyèl
Sitiyasyon ki evolye dènyèman
Ou ka bezwen depoze yon deklarasyon modifye pou reklame benefis dapre Lwa Federal 2023 pou Soulajman Enpo Pou Katastwòf -- 26-FEVRIYE-2025