IRS inogire robo pou fè konvèsasyon vokal ak tekstyèl pou ede kontribyab yo ak yon seri kesyon ak tach senp; li bay yon sèvis ki pi rapid epi redwi tan datant lan

Plis fonksyon ap gen pou ajoute an 2022 pou ede kontribyab yo ak pwoblèm ki pi konplèks yo

IR-2022-56, 10 mas 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) — Jodi a Sèvis Revni Entèn anonse li kòmanse itilize robo pou fè konvèsasyon vokal ak tekstyèl sou de nan liy telefòn asistans espesyalize gratis li yo ak sou sit IRS.gov la, sa ki pèmèt kontribyab ki gen kesyon senp sou peman oswa avi koleksyon yo jwenn repons yo gen bezwen yo byen vit san yo pa pèdi tan. Kontribyab yo ka toujou pale ak yon reprezantan telefòn IRS si sa nesesè.

Komisyonè IRS Chuck Rettig deklarare: "Liy telefòn nou yo kontinye ap resevwa yon kantite apèl san parèy, epi IRS pa janm bouke chèche fason pou ede kontribyab yo epi evite fè yo rete tann pou anpil tan". "Reprezantan telefòn nou yo toujou rete yon pati enpòtan nan sèvis nou bay la, men robo sa yo ka ede kèk moun evite reta tann nan telefòn nan pou anpil tan pou yon bagay yo te kapab rezoud sou lechan. Sa fè pati yon gwo efò nou fè pou ede kontribyab yo jwenn asistans yo bezwen pou sezon taks sa a."

Nan semèn ki sot pase a IRS mete Robo konvèsasyon vokal ak tekstyèl yo an fonksyon an anglè ak an epanyòl pou liy telefòn ki ede kontribyab yo ak pwoblèm peman taks oswa konpreyansyon yon avi IRS yo gendwa resevwa. Jeneralman, moun ki gen kesyon jeneral konsènan sezon taks poko ap ka benefisye karakteristik sa yo nan moman sa a. Robo yo disponib kounye a pou ede kontribyab yo ak:

  • Ki jan yo fè peman yon sèl fwa
  • Repons kesyon yo poze souvan
  • Klarifikasyon avi koleksyon

Robo konvèsasyon vokal yo itilize lojisyèl entèlijans atifisyèl (AI), sa ki pèmèt yon moun kap rele epi navige nan yon sistèm repons vokal entèraktif (IVR) ak vwa yo, jeneralman lè l sèvi avèk lang natirèl. Robo konvèsasyon tekstyèl yo fè similasyon konvèsasyon moun atravè entèraksyon tèks ki baze sou entènèt, li itilize lojisyèl AI yo tou, sa ki pemèt li reponn kòsadwa ak mesaj nan lang natirèl. Kontribyab ki mande pou pale ak yon ajan yo ap rantre nan fil datant lan kote y ap gen pou jwenn yon reprezantan sèvis kliyan pou ba yo asistans telefònik ACS an anglè oswa an espanyòl. Pou moman an, Robo konvèsasyon vokal yo ak tekstyèl yo bay sèvis ki pa otantifye, sa ki vle di yo pa ka bay asistans ak enfòmasyon sou kont pwoteje yon kontribyab.

Darren Guillot, Komisyonè Koleksyon Ti Biznis/Travay Endepandan nan IRS di, "Robo konvèsasyon vokal ak tekstyèl yo kominike avèk kontribyab yo nan fason ki fasil pou konprann, sa vle di kontribyab yo pa oblije rete tann pou yo regle tach ki senp yo".

Pita nan 2022 a, Robo konvèsasyon vokal IRS yo pral pèmèt kontribyab yo otantifye idantite yo pou etabli plan peman, mande yon transkripsyon epi jwenn enfòmasyon sou kont yo, tankou detay peman yo. IRS planifye pou deplwaye plis robo konvèsasyon vokal ak tekstyèl pi devan nan ane 2022 a, yon fason pou kapap ede kontribyab yo ak pwoblèm ki pi konplèks yo.

Liy telefòn gratis IRS yo resevwa plizyè milyon apèl pa ane. Yon reprezantan sèvis kliyan pase an mwayèn prèske 20 minit ak chak grenn kontribyab pou ede yo sou yon pwoblèm koleksyon. Gwo avantaj robo sa yo sèke y ap pemèt nou libere asistan telefòn IRS yo yon fason pou se kontribyab ki gen pwoblèm koleksyon ki konplèks yo epi ki bezwen pale ak yon moun yo sèvi.

Anplis de liy peman yo, robo konvèsasyon vokal yo kapab ede moun ki rele nan liy gratis pou Peman Enpak Ekonomik (EIP), li ka bay repons jeneral pwosedi pou kesyon yo poze souvan yo. IRS ajoute tou robo konvèsasyon vokal pou liy telefòn gratis avans peman Kredi Taks pou Timoun yo an fevriye pou bay moun ki rele ki bezwen èd pou rekonsilye kredi yo nan deklarasyon taks 2021 yo asistans ki similè.

IRS raple tou kontribyab yo sou anpil lòt opsyon oto-sèvis ki disponib.