IRS-CI konte 10 prensipal ka ane 2021 an

Ka yo gen ladan yo evazyon fiskal, anak, fwod COVID, sibèkriminalite

IR-2022-04, 7 janvye 2022

WACHINTONN — Ankèt Kriminèl sou Administrasyon Fiskal (IRS-CI) kòmanse konte 10 prensipal ka pou ane fiskal 2021 an sou kont Twitter (an anglè) li jou ki te 3 janvye a. Ka sa yo gen ladan yo ankèt ki pi enpòtan epi ki pi medyatize ajans lan mennen yo an 2021.

"Travay envestigasyon ki fèt pou ane 2021 an gen tout engredyan yon fim sou tele - detounman fon yon òganis ki pa gen bi likratif, yon rezo fwod familyal ki vòlè plizyè dola nan fon sekou ki la pou Kovid, ak yon milya dola anak yo itilize pou achte ekip espòtif ak machin de liks. Men sa se lavi reyèl epi m santi m rekonesan pou travay ajan IRS-CI nou yo reyalize nan pousuiv pis sa yo epi asire yo ke yo pousuiv otè yo pou krim yo komèt, responsab IRS-CI a Jim Lee deklare."

10 prensipal ka IRS-CI yo gen ladan:

10. Koup Albuquerque a kondane nan prizon federal nan ka Ayudando Guardians lan 

Susan Harris ak William Harris kondane pou pase 47 lane ak 15 lane nan yon prizon federal respektivman. Yo te vòlè fon nan Ayudando Guardians Inc., yon òganizasyon ki pa gen bi likratif ki konn founi titèl, sovgad ak jesyon finansye bay plizyè santèn moun ki gen yon seri bezwen espesyal.

9. Yon nonm ki sòti Rochester pral nan prizon epi yo òdone l peye plizyè milyon dola pou wòl li te te jwe nan anak ki eskwoke yon seri envestisè plizyè milyon dola (an anglè)

John Piccarreto, Jr. kondane pou l pase 84 mwa nan yon prizon federal epi yo òdone l pou l peye yon resititosyon ki se yon total $19,842,613.66 aprè yo te fin kondane l nan yon konplo pou li komèt fraud mail ak poutèt l li te depoze yon fo deklarasyon enpo. Li te konspire ak lòt moun pou l twe jwenn lajan atravè yon anak ki sòti nan yon envestisman fwodile.

8. Orlando yo pral nan prizon akoz yo mele nan yon anak fwod fiskal $25 milyon dola (an anglè)

Petra Gomez ak konpayèl konsipiratè li ki se sè l, Jakeline Lumucso, yo de a pral pase 8 lane ak 4 lane nan prizon federal, respektivman. Yo t ap eksplwate yon antrepriz ki fè  preparasyon deklarasyon enpo ki gen senk lokal nan sant Florid ki te pwodui plis pase 16,000 fo deklarasyon enpo pou kliyan yo sòti 2012 pou rive 2016 ki lakoz yon total pèt pou IRS ki se $25 milyon. 

7. Yon fondatè bank Ris kondane pou evazyon fiskal apre li te fin renonse ak sitwayènte ameriken (an anglè) 

Yo te òdone Oleg Tinkov, alyas Oleg Tikoff pou l peye plis pase $248 milyon dola taks epi kondane l a yon pèn prizon ak yon lane siveyans apre li te fin renonse ak sitwayènte Ameriken l nan yon efò pou li te kache gwo gen li fè nan aksyon li yo ke li te dwe deklare IRS yo, apre konpayi sa li te fonde a te tounen yon sosyete ki kote an bous plizyè milya dola.

6. Yon nonm ki sòti Ontario ki ap dirije yon antrepriz echanj bitcoin ki vo plizyè milyon dola san lisans kondane pou li pase 3 lane nan prizon federal (an anglè)

Petra Gomez ak konpayèl konsipiratè li ki se sè l, Jakeline Lumucso, yo de a pral pase 8 lane ak 4 lane nan prizon federal, respektivman. Yo t ap eksplwate yon antrepriz ki fè  preparasyon deklarasyon enpo ki gen senk lokal nan sant Florid ki te pwodui plis pase 16,000 fo deklarasyon enpo pou kliyan yo sòti 2012 pou rive 2016 ki lakoz yon total pèt pou IRS ki se $25 milyon. 

5. Yon pwopriyetè echanj bitcoin kondane pou blanchiman lajan

Rossen G. Iossifov, yon Bilgaryen, kondane pou li te pase 121 mwa nan yon prizon federal pou patisipasyon li nan yon  anak kote vant ozanchè ak vant sou entènèt anliy — tankou Craiglist ak eBay — fè fo piblisite pou pwodui ki koute chè anpil (jeneralamn machin) ki pa t egzite an reyalite. Yon fwa viktim yo peye pou pwodui yo, konspirasyon an angaje l nan yon estratajèm blanchiman lajan  konplèks kote kèk asosye ki baze Ozetazini ap aksepte fon viktim yo, konvèti fon sa yo an kriptomonè, epi transfere fon sa yo  bay blanchisè lajan ki baze aletranje.

4. Yon ansyen pastè nan yon legliz konte Orange kondane pou l pase 14 lane nan prizon federal paske l te òkestre yon eskwokri $33 milyon dola ki eskwoke yon seri envestisè (an anglè)

Kent R.E. Whitney, ansyen pastè Legliz Health Self la, te kondane pou li pase 14 lane nan prizon federal epi yo te òdone l pou li peye $22.66 milyon restitisyon bay viktim yo aprè yo te fin eskwoke envestisè yo $33 milyon lè yo te òkestre yon envestisman anak ki baze sou legliz. Sou direksyon li, reprezantan yo parèt sou tele ak nan divès seminè ki an dirèk pou yo fè deklarasyon ki fo epi ki ap mennen moun nan vye direksyon pou atire envestisè pou envesti nan antite legliz yo. Viktim yo te voye plis pase $33 milyon dola bay legliz la epi yo te resevwa deklarasyon fabrike chak mwa ki ap asire yo ke fon yo a te envesti , lè an reyalite, yon ti kras oubyen okenn lajan pa t janm envesti.

3. Yon nonm ki sòti nan yon Preri nan yon Vilaj kondane pou li pase 12 lane nan prizon pou $7.3 milyon dola fwod prè sou salè, $8 milyon dola evazyon fiskal (an anglè)

Joel Tucker kondane pou li pase 12 lane ak 6 mwa nan yon prizon fedral epi yo òdone pouli peye plis pase $8 milyon dola restitisyon bay IRS apre l te fin vann fo enfòmasyon oubyen dèt fiktif bay antrepriz ki bay prè sou salè epi apre li pa t pwodui deklarasyon revni federal - pou li menm ak pou antrepriz li a - ak IRS pandan plizyè ane. kondane pou li pase 12 lane ak 6 mwa nan yon prizon fedral epi yo òdone pouli peye plis pase $8 milyon dola restitisyon bay IRS apre l te fin vann fo enfòmasyon oubyen dèt fiktif bay antrepriz ki bay prè sou salè epi apre li pa t pwodui deklarasyon revni federal - pou li menm ak pou antrepriz li a - ak IRS pandan plizyè ane.

2. Pwopriyetè DC Solar la kondane pou li pase 30 lane nan prizon federal akoz yon anak ki vo yon milya dola (an anglè)

Jeff Carpoff, pwopriyetèthe DC Solar ki baze Kalifòni, kondane pou li pase 30 lane nan prizon federal epi li dwe bay $120 milyon aktif bay gouvènman ameriken pou restitisyon pou viktim yoapre li te fin kreye yon anek ki enplike lavant plizyè milye inite jeneratè solè mobil ki (MSGs) ki pa t egziste. Li te komèt yon fwod sou revni kont yo ak  lokasyon yo epi li  achte yon ekip espòtif, yon seri machin liks, byen fonsye ak yon ekip NASCAR ak pwodui a.

1. Plizyè manm nan yon fanmi nan Vale San Fernando kondane pou pase plizyè lane nan prizon paske yo fè plizyè dizèn milyon dola nan fon sekou KOVID (an anglè)

Fanmi Ayvazyan an te resevwa santans ki sòti nan 17.5 lane nan prizon pou rive nan 10 mwa pwobasyon pou yon seri krim sòti nan fwod bankè  ak fwod elektwonik rive  nan vòl idantite agrave. Fanmi sila itilize idantite yo te vòlè ak idantite fiktif pou li te soumèt 150 aplikasyon fwodile pou fon sekou KOVID pandan yo baze sou fo rejis pèman ak yon dokiman fiskal nan admisnistrasyon ti antrepriz yo, epi yo itilize lajan yo te resvwa a pou yo achte kay liks, pyès lò, sak a men kreyatè bijou yo ak plis ankò. Richard Ayvazyan ak madanm li Terebelian koupe aparèy siveyans ki nan cheviy yo a epi yo sove avan odyans ki ap detèmine pèn yo a.; nan moman n ap pale a la yo se se fijitif. 

Suiv IRS-CI sou Twitter @IRS CI (an anglè)  pou w aprann plis.

IRS-CI se bra envestigasyon kriminèl IRS-CI a, li responsab pou li mennen envestigasyon sou krim finasye, sa ki ladan li, fwod fiskal, trafik dwòg, blanchiman lajan, koripsyon piblik, fwod nan domèn swen sante, vòl idantite elatriye. Ajan espesyal IRS-CI yo se sèl ajan ki pou fè aplikasyon lwa federal ak konpetans ankèt sou ansanm vyolasyon Kòd Revni Entèn nan, ak yon to kondanasyon ki tou prè 90 pousan nan nivo federal. Ajans lan gen 20 biwo lokal ki twouve yo nan kat kwen Etazini ak 11 lòt pòs atache nan peyi etranje.