Kòman pou fè prelèvman enpo selon la lwa | Internal Revenue Service

Kòman pou fè prelèvman enpo selon la lwa

FS-2023-01, janvye 2023

Enpo sou revni federal se yon enpo kontribiyab yo peye chak lè yo resevwa yon salè oubyen yon revni. Kontribiyab yo peye enpo chak lè yo touche salè yo oswa lè yo resevwa yon revni pandan ane a. Kontribyab yo ka evite jwenn sipriz nan moman y ap peye enpo yo lè yo verifye ki kantite kòb yo retire nan lajan y ap touche an detanzantan. IRS ankouraje anplwaye yo ak moun k ap resevwa pansyon yo oubyen anwite pou yo verifye montan prelèvman yo chak ane. Men sa ou bezwen konnen sou prelèvman enpo yo e poukisa li enpòtan pou w verifye li.

Konprann prelèvman enpo yo

Anplwayè yo toujou pran enpo sou salè anplwaye yo epi li remèt montan enpo sila bay IRS sou non anplwaye yo. Nan fen ane an, patwon an dwe voye ale Fòmilè W-2, Anplwaye a ki se salè ak deklarasyon enpo sou revni anplwaye a (an anglè), Fòmilè sa gen ladan li montan salè anplwaye a ak kantite enpo yo pran sou salè li.

Kijan yo kalkile prelèvman enpo an

Montan prelèvman enpo an depann de:

Anplwaye yo dwe di yo ranpli e deklare fòmilè W-4 lan, yo kapab ranpli lòt pati nan fòmilè an si yo ta vle genyen revni silplemantè, si yo vle yo prelèvman depase prelèvman estanda a, oswa kredi sou enpo. Yo pa kapab sèlman di yon montan an dola ke patwon yo dwe pran pou enpo.

Anplwaye yo dwe verifye prelèvman yo

IRS rekòmande pou anplwaye yo tcheke kantite kòb enpo yo pran sou salè yo, espesyalman pou nenpòt moun ki gen yon ranbousman ki pi wo oswa pi piti pase sa yo te espere. Pou moun ki dwe yo, ogmante kantite kòb enpo yo abitye pran sou yo nan ane aktyèl la se pi bon fason pou evite peye enpo lè yo pral depoze deklarasyon enpo pou ane k ap vini an. Anplis, kontribiyab yo dwe toujou tcheke kantite kòb enpo yo pran sou yo lè yo genyen yon gwo evènman ki rive nan lavi yo oswa lè revni yo chanje.

Kilè pou w verifye montan prelèvman an:

  • Nan kòmansman ane an, pou asire w montan prelèvman an kòrèk pou ane fiskal k ap vini an.
  • Lè genyen yon chanjman nan lwa sou enpo yo ki afekte sitiyasyon yon kontribiyab.
  • Lè kontribiyab la gen chanjman ki fèt nan lavi li oubyen nan finans li tankou maryaj, divòs, fè pitit oswa adopte yon timoun, achte yon kay, ale nan retrèt, osinon si li pèdi tout sa l te posede.
  • Lè gen yon chanjman nan salè yon kontribiyab, tankou kontribiyab la oswa mari oubyen madanm li kòmanse osinon sispann travay oswa kòmanse oubyen sispann yon dezyèm travay.
  • Si kontribiyab la gen yon revni enposab ki pa sijè a prelèvman depi nan sous la, tankou enterè, dividann, pwofi sou kapital li, revni li fè sou yon travay endepandan ak revni ekonomi gig epi distribisyon IRA.
  • Lè yon kontribiyab ap kalkile montan prelèvman an ta dwe ye oubyen kredi sou enpo li ta dwe gen aksè pou yo, avèk tou lòt frè tankou depans pou lopital, enpo yo, enterè li dwe peye, kòb li fè la charite ak yo, kòb li depanse pou moun ki se yon depandan, kredi pou edikasyon, kredi sou enpo pou timoun yo oswa revni sou kredi su enpo kontribiyab lan fè.

Men ki jan kontribyab yo kapab verifye montan prelèvman yo:

  • Anplwaye yo. Anpil anplwaye kapab sèvi avèk Estimatè Prelèvman Taks ki la pou kalkile montan prelèvman yo sou IRS.gov.

Zouti sila kapab ede pifò anplwaye yo konnen si y ap bezwen bay patwon yo yon nouvo Fòm W-4. Yo kapab itilize rezilta yo jwenn nan pou ranpli fòmilè an epi ajiste montan prelèvman an sou revni yo.

Ki jan yo modifye prelèvman an

Pou chanje montan prelèvman sou enpo yo, anplwaye ki gen salè yo kòm revni yo kapab itilize rezilta estimatè prelèvman enpo yo pou yo wè si yo ta dwe ranpli yon nouvo Fòmilè W-4 epi remèt li bay patwon yo. Kontribyab yo pa dwe voye fòmilè an bay IRS.

Gen kèk anplwayè ki sèvi ak yon sistèm otomatik pou soumèt Fòmilè W-4 lan. Kontribiyab yo dwe wè avèk patwon yo kijan pou yo soumèt yon nouvo Fòmilè W-4.

Pou plis enfòmason ale sou lyen sila yo: