Kont sou entènèt pou moun yo - kesyon yo poze souvan | Internal Revenue Service

Kont sou entènèt pou moun yo - kesyon yo poze souvan

Jwenn repons kesyon sou kont anliy ou a:

Jeneral

Kouman mwen ka mete imèl ak adrès lapòs mwen an ajou? (mizajou 13 septanm 2022)

Sou Paj Pwofil la sou kont anliy ou, ou kapab aktyalize adrès imèl ou epi kite oswa chwazi preferans pou avi sou papye yo. Pou chanje oswa aktyalize adrès postal ou, ou kapab soumèt Fòm 8822 (an anglè) PDF pa lapòs oswa jwenn plis enfòmasyon sou chanjman adrès yo (an anglè).

Èske yon reprezantan sèvis kliyan IRS ka monte kont anliy mwen an?

IRS Customer Service Representatives can't access your online account. They also don't have the same view as what is shown in online account.

Ki kote mwen ka jwenn enfòmasyon sou renpli yon deklarasyon enpo oswa repons pou kesyon lalwa enpo?

Pou plis enfòmasyon konsènan deklarasyon, gade enfòmasyon sou taks pou moun yo. Pou kesyon sou lwa fiskal ki espesyal pou sikonstans pèsonèl ou, gade Asistan Taks Entèraktiv la (ITA) (an anglè).

Èske gen asistans tchat ki disponib? (mizajou 14 novanm 2024)

Kounye a, sèlman kontribyab ki gen yon balans dwe gen aksè a fonksyon chat la. Li pral elaji nan itilizatè adisyonèl nan yon dat pita.

Èske gen deja kont anliy pou kontribyab biznis yo? (mizajou 3 oktòb 2023)

Wi. Aprann plis oswa konekte sou kont fiskal biznis.

Èske kont sou entènèt pou kontribyab entènasyonal yo disponib? (mizajou 21 novanm 2022)

Wi. Kontribyab endividyèl ki gen adrès aletranje yo kapab itilize sèvis sa a.

Retounen anlè

Aksè sou kont

Mwen pa kapab jwenn aksè sou kont mwen an ak enfòmasyon mwen te bay yo – kisa mwen ka fè?

Lòt mwayen pou jwenn enfòmasyon sou kont ou

Èske mwen ka otorize yon lòt moun jwenn aksè nan kont anliy mwen an?

Non. Se kontribyab la sèlman ki ta dwe ka konekte sou kont li. Nou pa dwe janm pataje enfòmasyon sou idantite nou ak lòt yo.

Poukisa mwen resevwa yon mesaj ki di ke sèvis la pa disponib apre mwen konekte sou kont anliy mwen an?

Ou ka resevwa yon mesaj k ap di sèvis la pa disponib akoz yon echèk sistèm nan aplikasyon nou an oswa yon erè nan rekiperasyon done ou yo. Ou ka toujou wè lòt opsyon disponib menm si ou fè fas ak sitiyasyon sa a, tankou bouton Resevwa Transkripsyon an oswa onglè Aktivite Pèman an. Aktyèlman, onglè Aktivite Pèman an voye ou sou sit, tankou Pèman Dirèk (Direct Pay), Peye Avèk Kat ak Plan Pèman Anliy (OPA, Online payment Agreement), endisponibilite nou an pa afekte.

Retounen anlè

Balans kont yo

Èske kontribyab yo ap resevwa kominikasyon lè akò vèsman yo ranpli?

Nou voye yon deklarasyon ba ou lè chak peryòd fin peye. Nou voye ba ou tou, yon deklarasyon anyèl sou aktivite plan pèman. Ou kapab ale sou kont pou aktyèl balans ou ak istorik pèman.

Anplis enpo sou revni, ki lòt responsablite enpo kont sou entènèt montre?

Kont anliy montre detay pou tout responsabilite fiskal ki asosye avèk kont pèsonèl ou, tankou:

  • Taks sou revni ou dwe sou Fòm 1040 ou an
  • Taks adisyonèl ou dwe sou Fòm 5329, Taks Adisyonèl sou Plan Kalifye yo (tankou IRA yo) ak Lòt Kont ki Gen Avantaj Fiskal yo
  • Pèman Responsabilite ki Pataje (pou ane fiskal soti 2014 pou rive 2018), ki aplike si yon moun sa konsène ki nan yon fwaye fiskal pat benefisye kouvèti esansyèl minimòm nan pandan yon mwa kèlkonk
  • Penalite sou Rekiperasyon Fon Fideyikomi

E si mwen te ranpli deklarasyon enpo mwen oswa mwen peye enpo mwen yo an reta?

Si ou te fè deklarasyon taks ou oswa ou te peye taks ou anreta, IRS la ka takse w ak youn oswa plizyè penalite sou kont ou. Nan kèk ka, IRS ap abandone penalite yo pou deklarasyon ak pèman anreta. Sepandan, se ou k ap mande IRS la pou li fè sa.

Prepare ou pou esplike IRS la ki difikilte ou te genyen ak kisa ki te lakoz ou fè deklarasyon taks ou oswa peye taks ou anreta. Ou ta dwe prepare ou tou pou ou montre IRS la ou te jere sitiyasyon an epi ou p ap gen pwoblèm deklarasyon ak peye atan alavni.

Aprann plis sou alèjman penalite.

Mwen te ranpli yon deklarasyon enpo ak mari oswa madanm mwen epi tout oswa yon pati nan ranbousman mwen te aplike nan yon dèt ke mari oswa madanm mwen sèlman dwe - kisa pou m fè?

Yo konsidere ou antanke yon konjwen blese si ou te fè yon deklarasyon taks konjwen epi pataj ranbousman w lan te (oswa ap) fèt kont yon dèt apa konjwen w lan sèlman te dwe. Montan ki te gen pou peye a kapab yon dèt federal, dèt fiskal sou revni leta, dèt konpansasyon chomaj leta, oswa pèman pansyon alimantè pou konjwen oswa timoun.

Aprann plis sou konjwen ki blese.

E si mwen dwe enpo paske mari oswa madanm mwen pa t enkli revni oswa reklamasyon dediksyon mwen pa gen dwa pou yo nan deklarasyon enpo ansanm mwen an?

Lè ou fè yon deklarasyon taks an komen, oumenm ak konjwen w lan, nou chak responsab pèsonèlman pou taks la, penalite yo, ak enterè ki vini yo menm si nou divòse annapre.

Si konjwen w lan oswa ansyen konjwen w lan te mal deklare dediksyon yo oswa li pat deklare revni ou pat konnen yo, ou ka yon konjwen inosan e ou ka anmezi pou w fè demann pou alèjman nan responsablite a.

Aprann plis sou konjwen inosan (an anglè).

Retounen anlè

Opsyon ak aktivite peman yo

Ki kote mwen ka wè detay sou plan peman mwen an?

Ou kapab wè detay sou plan pèman w lan sou paj akèy kont ou an epi sou paj opsyon pèman yo tou. Enfòmasyon ki afiche yo se kalite plan ou genyen an, dat limit (yo) ak montan pèman (yo).

Si kont sou entènèt mwen an montre mwen dwe yon kantite lajan zewo dola, èske sa vle di mwen pa dwe ditou?

Sa depan. Enfòmasyon nou bay yo chita sou done nou genyen nan moman ou konekte sou kont anliy ou an. Si montan ki parèt la se zewo, ebyen se sa li ye pandan moman ou konekte a; men li ka chanje annapre si done yo chanje, tankou si gen yon ajisteman ki fèt sou kont ou oswa deklarasyon taks ou a poko pibliye pou li montre montan ou dwe sou deklarasyon sa.

Ki kalite peman mwen ka fè atravè kont anliy mwen an? (mizajou 14 novanm 2024)

Ou kapab fè yon pèman pou yon kont ou dwe, yon pèman taks estime chak trimès, yon pèman sou yon Deklarasyon Amande ki fenk fèt (Fòm 1040-X), yon evalyasyon fiskal yo pwopoze (ekzanp, CP2000, Avi Defisyans), oswa yon pèman pou yon pwolongasyon pou fè deklarasyon taks sou revni ou (disponib soti janvye pou rive avril), yon frè aplikasyon òf nan konpwomi (OIC) oswa lòt peman ki gen rapò ak OIC.

Èske gen limit nan kantite lajan ak kantite peman mwen gen dwa fè atravè kont sou entènèt mwen an? (ajoute 15 jen 2023)

Wi, ou ka fè peman jiska 3 fwa pa jou epi chak peman yo limite a $9,999,999.99. W ap bezwen retounen apre minwi ET pou fè peman adisyonèl yo (jiska 3 pou jounen an).

Èske kont anliy ban mwen yon imèl konfimasyon ki montre ke peman mwen an te fèt? (mizajou 14 novanm 2024)

Wi, si ou fè yon pèman apati kont anliy ou, ou ka chwazi pou w resevwa yon imèl konfimasyon. Ou kapab gade pèman w (yo) ki ankou, trete, pwograme, anile ak retounen nan Payment Activity (aktivite pèman).

Si mwen ranpli yon deklarasyon enpo ansanm, èske mwen ka wè enfòmasyon pou mari oswa madanm mwen oswa fè peman pou yo? (ajoute 22 desanm 2021)

Moun ki fè deklarasyon an komen yo kapab wè enfòmasyon sou balans, pèman ak dosye taks pou tout deklarasyon taks yo fè an komen. Pou ane fiskal yo poko deklare yo, chak konjwen ap wè pwòp enfòmasyon yo sou kont yo.

  • Pèman taks estime yo kapb fèt pa nenpòt nan konjwen yo men lè sa se pou konjwen ki fè pèman an l ap afiche sèlman jiskaske yon deklarasyon an komen fèt.
  • Pèman enpak ekonomik yo se te yon pèman avans, kidonk, kontribyab ap wè pòsyon pa yo nan pèman an sèlman.

Èske mwen ka fè chanjman nan plan peman mwen genyen kounye a? (mizajou 28 jen 2021)

Ou ka anmezi pou ou:

  • Chanje montan pèman chak mwa ou
  • Chanje dat pou pèman chak mwa ou
  • Konvèti yon plan akoutèm an pèman chak mwa
  • Konvèti yon plan ki la deja an plan Debi Dirèkt
  • Chanjee nimewo kont labank ak nimewo routing lan sou yon plan Debi Dirèk
  • Retablisman apre defayans

Aktyèlman, ou kapab fè chanjman sa yo atravè zouti Plan Pèman Anliy lan.

Ki kalite metòd peman ki disponib? (mizajou 22 desanm 2021)

Pèman yo kapab fèt atravè yon debi Konpansasyon Otomatik (ACH, Automated Clearing House) apati kont epay oswa kont chèk ou oswa avèk kat debi oswa kredi ou. Ou ka chwazi nenpòt nan metòd sa yo lè ou konekte sou kont anliy ou epi seleksyone Make a Payment (fè yon pèman). Si ou chwazi "Pay by Card" (peye avèk kat) (sou yon lòt sit entènèt), y ap voye ou sou yon sit entènèt ki diferan.

Èske rapidman peman mwen te fè sou kont mwen an ap parèt nan Aktivite Peman mwen an? (mizajou 22 desanm 2021)

W ap kapab wè pèman ou yo anba onglè “Payment Activity" (aktivite pèman) an.

  • Pèman ki soti nan kont labank ou ki fèt atravè kont anliy ou, Pèman Dirèk IRS, lojisyèl taks ou, oswa pwofesyonèl taks ou ap parèt touswit sou kont anliy ou.
  • Pèman Plan Vèsman Debi Dirèk yo parèt nan apeprè kat (4) jou anvan yo soti sou kont labank ou.
  • Pèman pa kat debi oswa kredi yo ap parèt ant yonn (1) ak de (2) jou apre dat pèman w lan.
  • Pèman chèk oswa manda ka pran jiska twa (3) semèn pou yo parèt.

Èske IRS ka konsidere aksepte sèlman yon pati nan sa mwen dwe? (mizajou 14 novanm 2024)

Yon pwopozisyon konpwomi (OIC, offer in compromise) se yon akò ant oumenm ak IRS la, kote IRS la dakò pou li pran mwens pase tout montan ou dwe a.

Aprann plis sou pwopozisyon konpwomi. Tcheke OIC Eligibility Payment (options elijiblite OIC) ou anba Payment Options (opsyon peman) nan kont sou Entènèt ou a pou wè si ou kalifye pou soumèt OIC

Genyen de (2) gwo rezon ki fè IRS la ka dakò pran pi piti pase tout montan ou dwe a:

  • Dout sou posiblite lakòlèk: Sa vle di ou pa genyen ase revni oswa aktif pou peye tout dèt ou.
  • Bon jesyon taks: Ou kapab peye tout dèt ou, men sa t ap kreye yon difikilte ekonomik, oswa li pa t ap jis.

Yon lòt rezon ki ka fè IRS la aksepte pèman pi piti pase tout montan taks ou dwe a se dout sou responsablite (sa vle di, ou pa kwè ou dwe taks la, oswa ou pa kwè montan an kòrèk).

Itilize zouti Prekalifikasyon pou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè) IRS la pou w wè si ou kalifye pou yon OIC.

Retounen anlè

Dosye enpo

Èske kont anliy la montre montan Peman Enpak Ekonomik mwen yo?

Wi, kont anliy montre montan Pèman Enpak Ekonomik yo avèk konsèy pou ede, avèk yon lyen k ap mennen sou paj EIP a sou IRS.gov. Pou plis enfòmasyon konsènan pèman sa yo, gade Pèman Enpak Ekonomik yo.

Èske gen frè ki asosye ak telechaje/enprime transkripsyon mwen yo?

Pa gen frè pou telechaje/enprime transkripsyon ou yo. Ou ka jwenn aksè nan yo nan kont sou entènèt ou, anba tab "Records and Status" (dosye ak estati).

Ki diferans ki genyen ant yon Rapò Konfòmite Enpo ak yon transkripsyon?

Si yon moun mande yon verifikasyon konfòmite enpo, li pi bon pou ba yo yon rapò konfòmite enpo olye de yon transkripsyon. Yon rapò konfòmite enpo prezante mwens enfòmasyon pèsonèl, kouvri yon peryòd ki pi long, epi li bay yon rezilta verifikasyon enpo. Yon transkripsyon enpo montre tout detay sou deklarasyon enpo ou (ki gen ladan l revni, depandan yo ak estati ranpli) epi li kouvri sèlman yon ane. Aprann plis sou rapò konfòmite enpo ou (an angle).

Èske mwen ka fè yon chanjman nan yon deklarasyon enpo mwen deja ranpli?

Si ou te fè yon deklarsyon taks epi ape ou reyalize ou te fè yon erè, ou ka bezwen amande deklarasyon an, sa ka chanje responsablite fiskal ou.

Aprann plis sou sa epi jwenn èd pou w amande yon deklarasyon.

Deklarasyon taks ou a ka pa kòrèk oswa pa konplè pou plizyè rezon; soti nan bliye siyen yon fòm pou pa deklare revni oswa mal kalkile yon kredi. Sa kapab rive tou akoz plizyè erè nan deklarasyon elektwonik la. Toudepann de nati erè ou bezwen repare a ak lè ou reyalize ou bewen chanje deklarasyon w lan, sa yo se plizyè mwayen ki genyen pou w repare yon deklarasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konplè.

Aprann plis sou kòman pou w repare yon deklarasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konplè.

Retounen anlè

Avi ak lèt

Mwen te resevwa yon avi ki soti nan IRS, kisa mwen ta dwe fè? (mizajou 14 novanm 2024)

IRS voye avi pou avize sou sou zafè enpo ki gen rapò ak kont ou. Si w te resevwa yon avi pa lapòs oswa sou kont entènèt ou, li enpòtan pou w li l avèk anpil atansyon epi kenbe yon dosye sou li pou w refere w lè w ap adrese avi w la.

Aprann plis sou konprann avi ou a.

Ou ka jwenn kopi dijital pifò avi IRS nan kont sou entènèt ou, anba seksyon 'avi ak lèt yo'.

E si avi mwen an gen enfòmasyon ki pa kòrèk? (mizajou 14 novanm 2024)

Egzanp enfòmasyon ki pa kòrèk:

  • Enfòmasyon peman ki manke oswa ki pa kòrèk
  • Peman aplike mal
  • Pa kòrèk oswa w te peye yon balans konplè
  • Akò vèsman ki pa kòrèk
  • Reflete yon erè pwen desimal (sa vle di $225444442.44)

Tcheke kont sou entènèt ou pou enfòmasyon sou balans ak peman.

  • Chèk oswa peman kad lajan ka pran jiska twa semèn pou parèt.
  • Peman kat debi oswa kredi ap parèt 1-2 jou apre dat peman w la.

Si w bezwen asistans, al gade nan avi w la pou w jwenn enfòmasyon pou kontakte w pou w rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

E si avi mwen an pa gen adrès mwen ye kounye a? (mizajou 14 novanm 2024)

Mande yon aktyalizasyon adrès nan pwofil kont sou entènèt ou an.

Si w bezwen asistans, al gade nan avi w la pou w jwenn enfòmasyon pou kontakte w pou w rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

E si enfòmasyon pèsonèl mwen yo parèt mal?

Si w gen kesyon oswa si w bezwen èd, ou ka refere ak enfòmasyon kontak yo bay nan avi a.

E si avi mwen te resevwa a pa pou mwen?

Al gade nan avi a pou enfòmasyon kontak pou rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

E si avi PDF la pa lizib? (mizajou 14 novanm 2024)

Si ou pa ka louvri PDF ou oswa enfòmasyon kontak yo pa ka li, tanpri vizite Konprann avi oswa lèt IRS ou a. Pou jwenn detay sou yon avi oswa yon lèt IRS, chèche li pa nimewo oswa sijè. Ou ka jwenn nimewo CP ak sijè a anba seksyon “Notices and Letters” (avi ak lèt yo) nan kont sou entènèt ou an. Si ou pa t 'kapab jwenn sa w'ap chache, kite nou ede ou.

Èske tout avi yo disponib sou entènèt? (mizajou 14 novanm 2024)

Non, se sèlman yon kantite limite nan avi yo w ka wè oswa telechaje sou kont sou entènèt ou an. Tanpri kontinye tcheke lapòs ou pou avi IRS yo.

Kouman pou mwen ale san papye? (mizajou 14 novanm 2024)

Ou ka jere preferans san papye ou nan kont sou entènèt ou. Ale nan pwofil ou a epi mete ajou pou ale san papye. Pandan ke ou gen opsyon pou ale san papye pou sèten avi, gen kèk avi legalman oblije voye pa lapòs.

Retounen anlè

Dokiman deklarasyon enfòmasyon

Ki dokiman deklarasyon enfòmasyon ki pral disponib ak ki lè dokiman deklarasyon enfòmasyon yo pral disponib pou mwen wè li nan kont mwen an? (mizajou 11 mas 2025)

Ou pral kapab wè dokiman sa yo ki nan lis nan tablo ki anba a, ki rapòte revni ou te resevwa pandan ane a. Emetè yo oblije voye dokiman deklarasyon enfòmasyon yo bay IRS nan dat sa yo, byenke ou pral resevwa yo pi bonè dirèkteman nan men emetè a. Dokiman pou ane enpo aktyèl la pral disponib nan kont ou lè IRS resevwa yo.

Dokiman

Fòm Tit Dat limit (papye) Dat limit (e-file)
Fòm 1095-A Deklarasyon Mache Asirans Sante 31 jan. 31 jan.
Fòm 1099-NEC Konpansasyon Moun ki pa Anplwaye 31 jan. 31 jan.
Fòm W-2 Deklarasyon Salè ak Enpo 31 jan. 31 jan.
Fòm W-2C Deklarasyon Korije pou Salè ak Enpo N/A N/A

Èske enfòmasyon enpo leta ak gouvènman lokal yo enkli nan dokiman deklarasyon enfòmasyon mwen an? (ajoute 18 fevriye 2025)

Non, dokiman ki disponib nan kont ou pral sèlman montre enfòmasyon enpo federal yo. Nenpòt enfòmasyon enpo eta oswa lokal ki te rapòte sou fòm orijinal la pral grize nan kont sou entènèt ou an. Tanpri gade nan dokiman orijinal yo te ba ou a oswa kontakte antite ki te peye a oswa ajans ki bay fòm nan pou jwenn fòm konplè ki gen ladan l tout enfòmasyon yo.

Poukisa gen kèk nan kare yo nan dokiman mwen an ki grize? (ajoute 18 fevriye 2025)

Dokiman deklarasyon enfòmasyon nan kont ou an ka gen kare ki grize akòz enfòmasyon ki pa disponib. Tanpri gade nan dokiman orijinal yo te ba ou a oswa kontakte antite ki te peye a oswa ajans ki bay fòm nan pou jwenn fòm konplè ki gen ladan l tout enfòmasyon yo.

Konbyen fwa IRS pral mete ajou enfòmasyon ki nan kont mwen an? (ajoute 18 fevriye 2025)

Yo fè mizajou nan dokiman deklarasyon enfòmasyon yo chak semèn, nan kont entènèt ou a.

Èske kont sou entènèt la limite kantite dokiman deklarasyon enfòmasyon mwen ka wè? (ajoute 18 fevriye 2025)

Kont sou entènèt ou pral montre tout dokiman deklarasyon enfòmasyon ki disponib nan kont sou entènèt ou a, eksepte pou Fòm 1099-B ki limite a yon maksimòm de 100 dokiman. Si ou gen plis pase 100 dokiman Fòm 1099-B, w ap bezwen kontakte antite ki te peye a oswa ajans ki founi fòm nan pou jwenn nenpòt dokiman ki pa disponib nan kont sou entènèt ou a.

Si mwen se yon patnè, aksyonè, oswa benefisyè, èske mwen ka mande Barèm K-1? (ajoute 18 fevriye 2025)

Patnè endividyèl nan patenarya ak aksyonè endividyèl nan biznis kòporasyon S ka vizite IRS.gov/businessaccount pou jwenn deklarasyon enfòmasyon Barèm K-1.

** Trust ak Estate - Barèm K-1 yo pa disponib nan moman sa a men yo ka mande yo pa mwayen Fòm 4506-T, Demann pou Transkripsyon nan Deklarasyon Enpo.

Ki jan pou mwen konnen ki revni ki enpozab? (ajoute 18 fevriye 2024)

Anjeneral, montan ki enkli nan revni ou enpozab sof si lalwa espesyalman egzante li. Revni ki enpozab yo dwe rapòte nan deklarasyon ou epi li sijè a enpo. Revni ki pa enpozab ka bezwen parèt nan deklarasyon enpo ou men li pa enpozab. Gade nan Piblikasyon 525, Revni enpozab ak non-enpozab (an anglè), pou ede ou detèmine taksabilite revni ou yo.

E si mwen pa t resevwa dokiman deklarasyon enfòmasyon mwen an (sa vle di, W-2, 1099, oswa 1098), oswa li pa kòrèk oswa li pèdi? (ajoute 18 fevriye 2025)

Si ou pa t resevwa yon dokiman deklarasyon enfòmasyon, li pa kòrèk oswa li pèdi, kontakte patwon an, antite ki te peye a oswa ajans ki founi fòm nan epi mande yon kopi dokiman ki manke a oswa yon dokiman korije. Pou plis enfòmasyon, gade nan Ki sa yo dwe fè lè yon W-2 oswa Fòm 1099 manke oswa li pa kòrèk (an anglè) ak Sijè nimewo 154 la, Fòm W-2 ak Fòm 1099-R (ki sa w dwe fè si l pa kòrèk oswa ou pa t resevwa l) (an anglè)

Èske mwen ta dwe toujou ranpli deklarasyon enpo mwen si se pa tout dokiman enfòmasyon mwen yo ki parèt nan kont entènèt mwen an? (ajoute 18 fevriye 2025)

Kontribyab yo ta dwe depoze deklarasyon enpo yo atan - dat limit enpo ane sa a se 15 avril pou pifò moun - menm si yo toujou gen dokiman ki manke oswa ki pa kòrèk. Si ou pa t resevwa yon dokiman deklarasyon enfòmasyon oswa li pa kòrèk, kontakte patwon an, antite ki te peye a oswa ajans ki founi fòm nan epi mande yon kopi dokiman ki manke a. Ou ka estime tou revni ou a lè w sèvi avèk Fòm 4852, Ranplasan pou Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo oswa Fòm 1099-R, Distribisyon ki Soti nan Pansyon, Anwite, Retrèt oswa Pwofit-Pataje Plan, IRA, Kontra Asirans, Elatriye.

Ki jan mwen korije deklarasyon enpo orijinal mwen an ak dokimandeklarasyon revni kòrèk la (sa vle di, W-2, 1099s)? (ajoute 18 fevriye 2025)

Si ou depoze deklarasyon enpo orijinal ou lè w sèvi avèk yon dokiman deklarasyon enfòmasyon ki pa kòrèk, ou ka bezwen korije enfòmasyon yo lè w depoze yon deklarasyon enpo modifye pa mwayen yon Fòm 1040-X, Deklarasyon Modifye Enpo sou Revni Endividyèl U.S.

Pou plis enfòmasyon, gade nan Konsènan Fòm 1040-X ak Sijè No. 308, Retounen amande (an anglè).

Èske mwen ka wè dokiman deklarasyon enfòmasyon sou revni konjwen m nan kont sou entènèt mwen an? (ajoute 18 fevriye 2025)

Se sèlman dokiman deklarasyon enfòmasyon yo bay nan non ou ki pral disponib nan kont sou entènèt ou. Konjwen ou dwe ouvri sesyon nan kont sou entènèt pa li pou l rekipere dokiman deklarasyon enfòmasyon li yo. Sa vre si wi ou non ou ranpli yon deklarasyon enpo ansanm oswa separe.

Ki kote mwen ka jwenn plis enfòmasyon sou depoze deklarasyon enpo mwen lè m sèvi avèk dokimandeklarasyon enfòmasyon sa yo? (ajoute 18 fevriye 2025)

Pou plis enfòmasyon sou kòman pou depoze deklarasyon enpo ou, gade nan Ki jan pou ranpli enpo w: Etap pa etap.

E si mwen te enskri nan pwoteksyon atravè yon mache echanj swen sante? (ajoute 18 fevriye 2025)

Si ou te gen pwoteksyon soti nan yon echanj swen sante, ou ta dwe resevwa yon Fòm 1095-A, ki itilize pou ranpli Fòm 8962, Kredi Enpo Prim (an anglè) PDF pou rekonsilye peman avanse ou nan kredi enpo prim lan ak kredi enpo prim ou gen dwa a nan deklarasyon enpo ou. Si ou te resevwa yon Fòm 1095-A korije oswa anile, tanpri vizite Fòm 1095-A Korije, ki pa kòrèk oswa ki anile pou plis enstriksyon (an anglè).

Kont sou entènèt mwen an gen plis pase yon dokiman ki soti nan menm emetè/antite ki peye a, ki jan mwen konnen ki kopi ki se dènye a oswa ki pi ajou a? (ajoute 18 fevriye 2025)

Dokiman ou yo pral klase nan lòd yo te resevwa yo a, sa ki pi resan yo parèt nan lis la an premye. Anvan w depoze, ou ta dwe analize epi konpare tout dokiman yo pou asire ou w ap itilize enfòmasyon ki kòrèk la.

Kont sou entènèt mwen an montre m gen yon dokiman deklarasyon enfòmasyon ki anile, ki sa sa vle di? (fajoute 18 fevriye 2025)

Si ou te resevwa yon dokiman deklarasyon enfòmasyon ki gen bwat “VOID” la tcheke nan tèt la, li jeneralman vle di ou te deja resevwa yon dokiman deklarasyon enfòmasyon yo te bay pa erè. Dokiman deklarasyon enfòmasyon yo anile a – menjan ak nenpòt dokiman deklarasyon enfòmasyon ou te deja resevwa a - pa ta dwe itilize pou ranpli deklarasyon enpo ou. Si w kwè dokiman deklarasyon enfòmasyon an te voye pa erè, ou ta dwe kontakte antite ki te peye ou a oswa ajans ki founi òm nan.

Bwat 4, nan Fòm W-2 mwen an, vid men patwon mwen an te rapòte revni adisyonèl ak prelèvman federal adisyonèl federal, ki kote mwen ka jwenn enfòmasyon sa a? (ajoute 18 fevriye 2025)

Ou pral bezwen kontakte anplwayè a, antite ki te peye a oswa ajans ki founi fòm nan epi mande enfòmasyon ki te rapòte nan Bwat 14 nan Fòm W-2 ou a.

Retounen anlè

Vòl idantite ak fwod

E si moun ki te prepare deklarasyon enpo mwen an chanje enfòmasyon sou deklarasyon enpo mwen an san pèmisyon mwen?

Yon avi IRS ka ba ou yon alèt sou yon erè nan deklarasyon taks ou oswa pou fè w konnen gen odit sou li. Ou kapab verifye enfòmasyon IRS la te trete yo pandan w ap gade yon relve deklarasyon an pou w konpare li avèk deklarasyon ou te siyen osa apwouve a. Ou kapab aksede a dosye fiskal ou atravè kont ou. Si ou viktim fwod oswa move kondwit moun k ap prepare deklarasyon yo, w ap bezwen pwouve IRS la sa.

Aprann plis konsènan pwoblèm moun k ap prepare deklarasyon yo.

Mwen kwè ke yon moun te vòlè idantite mwen - kisa mwen bezwen fè? (mizajou 14 novanm 2024)

Gen vòl idantite ki gen rapò ak taks lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou li vòlè pou li fè yon deklarasyon taks pou li reklame yon fo ranbousman. Ou ka pa remake sa jiskaske ou soumèt deklarasyon w lan pa vwa elektwonik; se la ou pral konnen gen yon deklarasyon ki fèt deja avèk SSN ou. Oswa, IRS la ka voye yon lèt ba ou k ap di li idantifye yon deklarasyon sispèk ki fèt avèk SSN ou. Ou dwe konnen sitiyasyon sa yo ka rive tou pou lòt rezon ki pa vòl idantite. Ou kapab verifye tou enfòmasyon IRS te trete lè w gade yon transkripsyon deklarasyon an. Ou ka jwenn aksè nan dosye enpo w yo atravè kont sou entènèt ou.

Genyen plizyè etap ou ka bezwen pase, jan yo montre sa nan Gid kontribyab nan zafè vòl idantite.

Kòman mwen ka jwenn yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN)?

Fason ki pi rapid pou resevwa yon PIN IP se mande youn nan kont sou entènèt ou, anba paj "Profil ou ". Pou aprann plis sou fason yon PIN IP ka pwoteje w kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo, vizite Jwenn yon PIN pwoteksyon idantite.

Retounen anlè

Estati odit

Mwen te resevwa yon odit (egzamen) nan deklarasyon enpo mwen an, kisa mwen bezwen fè? (ajoute 14 novanm 2024)

Si enpo w dwe a se akòz yon odit ou pat konnen oswa ou pa t 'kapab bay okenn enfòmasyon sou li, ou ta ka anmezi pou mande IRS pou pran yon lòt gade nan dosye ou atravè pwosesis rekonsiderasyon odit la.

Jwenn èd pou konprann rekonsiderasyon odit.

Si ou gen youn nan nimewo telefòn kontak sa yo sou yon lèt odit ou te resevwa (866-897-0177 oswa 866-897-0161), ou ka tcheke estati odit ou a nan kont endividyèl ou sou entènèt, anba onglet 'Records and Status' (dosye ak estati). Gade enfòmasyon sou odit ou a, tankou dat odit la te kòmanse, dat lèt yo te emèt ak dat pwochen repons lan dwe.

Si lèt odit ou a pa gen ni nimewo telefòn ki anwo a, tanpri kontakte "Person to contact" (moun pou kontakte) ki nan lis anlè lèt ou a pou diskite sou sitiyasyon odit ou a.

Kouman pou mwen wè estati odit mwen an? (ajoute 14 novanm 2024)

Ou ka wè estati odit ou a sou kont sou entènèt ou, anba onglet "Records and Status" (dosye ak estati). Odit egzamen korespondans (odit pa lapòs) se sèlman odit ki disponib nan kont sou entènèt nan moman sa a. Ou ka wè enfòmasyon sou estati odit ou a, tankou dat odit la te kòmanse, dat lèt yo te emèt ak dat pwochen repons lan dwe.

Ki jan enfòmasyon yo bay sou sitiyasyon odit mwen an? (ajoute 14 novanm 2024)

Enfòmasyon yo aktyèl depi dat ou jwenn aksè a.

Konbyen fwa estati odit mwen an mete ajou? (ajoute 14 novanm 2024)

Enfòmasyon yo mete ajou dapre aksyon ou menm ak/oswa IRS te fè, pa egzanp, si ou te voye korespondans epi nou te resevwa li, sistèm nan pral mete ajou. IRS te ka voye korespondans ou tou ki mete ajou nan sitiyasyon ou epi ou poko resevwa li.

Mwen voye dokiman, poukisa estati mwen an pa mete ajou? (ajoute 14 novanm 2024)

Estati a mete ajou dapre aksyon ou menm ak/oswa IRS te fè. Si ou te voye dokiman, tanpri pèmèt omwen de semèn pou sistèm nan mete ajou.

Poukisa sistèm nan montre yo te voye yon lèt men mwen pa resevwa li? (ajoute 14 novanm 2024)

Li ta ka pran omwen de semèn pou resevwa enfòmasyon nou te voye ba ou.

E si sa fè plis pase de semèn epi mwen poko resevwa lèt la? (ajoute 14 novanm 2024)

Verifye si adrès ou kòrèk. Si adrès ou chanje, ou ka mete l ajou lè w soumèt Fòm 8822 (an anglè) PDF pa lapòs oswa jwenn plis enfòmasyon sou chanjman adrès (an anglè). Ou ka bezwen kontakte IRS pou mande yon kopi lèt la.

Si mwen chanje adrès mwen, èske IRS voye lèt odit mwen yo ankò? (ajoute 14 novanm 2024)

Lèt yo ap toujou voye nan adrès ki nan dosye a. Lèt yo voye anvan yo chanje adrès la, yo pa reemèt amwenske yo retounen yo kòm yo pa ka bay IRS la. Tanpri rele IRS pou nenpòt lèt anvan yo pa te resevwa.

Retounen anlè

Lòt sipò

Kouman pou mwen jwenn yon rezolisyon si montan mwen dwe a ap lakòz yon difikilte finansye oswa mwen te kontakte IRS epi mwen pa te kapab rezoud pwoblèm enpo mwen an?

Si ou gen yon pwoblèm taks ou pa ka rezoud pou kont ou, Sèvis Defans Kontribyab la (TAS, Taxpayer Advocate Service) ka ede ou. Antanke yon òganizasyon endepandan anndan IRS la, TAS ap pwoteje dwa kontribyab yo avèk Deklarasyon dwa Kontribyab yo, l ap ede kontribyab yo rezoud pwoblèm taks yo avèk IRS la, epi rekòmande chanjman k ap anpeche pwoblèm yo vini alavni.

Gade Deklarasyon Dwa Kontribyab yo.

Ou ka kalifye pou w jwenn èd si pwoblèm IRS ou a lakoz difikilte finansyè oswa ou kwè yon pwosedi IRS senpman p ap mache jan li ta dwe mache.

Li plis sou kalite ka TAS trete yo.

TAS genyen biwo nan tout Eta yo, Distri Columbia, ak Pòtoriko. Si ou kalifye pou w jwenn èd, y ap ba ou yon avoka k ap akonpanye ou chak fwa. Avoka TAS yo travay avèk IRS la sou solisyon pwoblèm ou yo epi sèvis nou yo toujou gratis.

Pou w pale avèk yon avoka, rele 877-777-4778 oswa kontakte biwo lokal ou a.

Jwenn biwo TAS nan lokalite w la.

Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni (Low Income Taxpayer Clinics (LITC)) kapab reprezante ou devan IRS la oswa nan tribinal pou odit, apèl, zafè lakòlèk taks, ak lòt litij sou zafè taks. Sèvis yo gratis oswa pou yon ti kras lajan. LITC asiste moun ki gen ti revni ki nan litij avèk IRS la, li bay fòmasyon epi li al jwenn moun ki pale anglè kòm dezyèm lang (ESL). Pou kalifikasyon pou asistans LITC a, jeneralman, revni yon kontribyab dwe pi ba yon sèten sèy, epi montan ki nan litij avèk IRS la pi piti pase 50 000 dola dabitid.

Aprann plis konsènan Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo.

Èske gen nenpòt asistans pou Katastwòf ak Sekou Ijans?

Si yon katastwòf te frape ou dènyeman, aprann konsènan dènye dispozisyon alèjman fiskal yo (an anglè) pou w konnen opsyon w yo.

Retounen anlè