Gran chanjman nan plan retrèt yo akòz COVID-19 la

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou Taks pandan COVID la 2020-85, 14 Jiyè 2020

Moun ki merite l epi COVID-19 la afekte yo ka rive retire menm $100,000 dola maksimòm nan plan retrèt yo ki pèmèt sa, tankou IRA yo, soti depi premye Janvye pou jouk rive 30 Desanm 2020.

Kòb retrè sa yo ki fèt akòz kowonaviris la p ap genyen pou moun peye 10% taks siplemantè a sou yo, sa vle di taks moun konn peye si yo retire kòb sa yo avan laj 59 an edmi, men ap genyen pou yo peye taks nòmal kanmenm sou yo. Kontribyab taks ka antre retrè yo fè akòz kowona viris la kòm revni nan deklarasyon y ap fè pandan yon peryòd twa zan konsa. Yo gen twazan devan yo pou yo retounen kòb yo te retire nan yon plan oswa nan IRA.

Gen kèk plan ki pa twò di nan kantite kòb yo ka prete ni nan ki jan pou yo retounen kòb la. Dènye wotè maksimòm kòb pou moun ki prete depi soti 27 Mas pou jouk rive 22 Septanm 2020 monte menm nan $100,000 dola. Gen plan ki ka fè ti kanpe sou dèt moun te dwe remèt yo nan dat ant 27 Mas ak 31 Desanm 2020.

Kalifikasyon pou èd

Daprè lalwa, yon moun ki merite èd se yon moun ki:

  • te teste pozitif oubyen yo te dyagnostike li genyen COVID-19
  • Genyen yon depandan obyen mari l oswa madanm li ki te teste pozitif oubyen yo te dyagnostike li genyen COVID-19
  • Razè lajan epi pase move moman akòz ni yo, ni madanm oswa mari yo, yon moun lakay yo:
    • Olije rete an karantèn, pran konje, chita lakay oubyen oblije redui kantite lè yo travay
    • Pa ka travay paske manke mwayen pou l jwenn gadri pou timoun yo
    • Genyen pòt pwòp biznis pa l oswa yon biznis l ap jere swa fèmen swa lè travay yo diminye
    • Vin touche pi piti kòb oswa revni travay endepandan l desann
    • Ki wè yo anile yon òf travay oubyen jou pou travay la kòanse a rekile

Anplwayè yo ka chwazi si wi ou non yo ka egzekite lwa sou prete kòb oubyen retire kòb sa yo ki lye ak kowonaviris la.

Moun ki gen dwa sa yo ka reklame avantaj taks lwa resevwa kòb sa yo ki lye ak kowonaviris la menm si pwovizyon plan an ofri pa chanje. Administratè yo ka baze yo sou sètifika yon moun genyen ki bay prèv li merite avantaj sa yo.

Retrè Minimòm Obligatwa

Moun ki te gen tan fè yon retrè minimòm obligatwa nan yon kont retrèt kèlkonk pandan ane 2020 an, ka transfere fon sa a ankò mete nan yon kont retrèt.

Swasant jou yo te bay pou transfè a fèt la pwolonje koulye ale jouk nan 31 Dawou 2020.

Daprè plan alèjman an, kontribyab taks ki genyen retrè minimòm obligatwa nan deseri plan retrèt ka sote yo pou ane sa a. Retrè moun ka sote yo te dwe fèt an 2020 epi yo te dwe soti nan yon plan retrèt ki genyen kontribisyon l byen defini. Pami yo ou ka konte yon plan 401(k) oswa yon planr 403(b), epi yon IRA tou. Pami moun ki ka sote yo, gen ki ta dwe fè premye retrè yo nan dat ki pa depase premye Avril 2020. Anilasyon sa a pa valab pou plan ki gen avantaj yo byen defini.

Plis enfòmasyon

Abòne ak Konsèy IRS sou Taks (an anglè)