IRS: Nouvo kontra ajans prive koleksyon yo genyen; yonn nan twa (3) gwoup yo kapab kontakte kontribyab yo

IR-2021-191, 22 Septanm 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan bay twa (3) ajans koleksyon nan sektè prive a nouvo kontra pou koleksyon dèt enpo. Nouvo kontra yo ap kòmanse jedi annapre ekspirasyon jodia pou ansyen kontra yo.

Apati Jedi 23 Septanm 2021, yonn nan twa ajans annapre yo ka kontakte kontribyab ki gen fakti pou enpo yo pa peye yo:

CBE Group, Inc.
PO Box
2217
Waterloo, IA 50704
800-910-5837

Coast Professional, Inc.
PO Box
526
Albion, NY 14411
888-928-0510

ConServe
PO Box
307
Fairport, NY 14450
844-853-4875

Avi IRS la ak ajans koleksyon prive yo

IRS la ap toujou voye yon avi bay kontribyab la anvan li transfere kont li bay yon ajans koleksyon prive (PCA).

  • Premyeman, IRS la ap voye yon lèt bay kontribyab la ak reprezantan enpo yo pou enfòme yo kont yo al jwenn yon PCA epi l ap ba yo non ak enfòmasyon pou kontakte PCA a. Lèt sa a ap genyen yon kopi Piblikasyon 4518, Sa Ou Ka Espere Lè IRS la Bay yon Ajans Koleksyon Prive Kont Ou (an anglè) PDF .
  • Apre avi IRS la, PCA a ap voye pwòp lèt pa li bay kontribyab la ak reprezantan enpo li pou konfimasyon transfè kont lan. Pou pwoteje vi prive kontribyab la ak sekirite li, lèt IRS la ak lèt PCA, toude (2) ap genyen enfòmasyon k ap ede kontribyab la idantifye montan enpo li dwe epi y ap rasire kontribyab la pwochen apèl ajans koleksyon yo ka resevwa alavni ap lejitim.

Kòman sa fonksyone

Kolektè prive yo ap idantifye tèt yo antanke kontraktyèl k ap fè kòlèk enpo sou non IRS la. Anplwaye ajans koleksyon sa yo dwe swiv pwovizyon Lwa sou Pratik Lwayal Koleksyon Dèt, epi menm jan ak anplwaye IRS yo, yo dwe koutwa e yo dwe respekte dwa kontribyab yo.

Fim prive yo pa gen otorizasyon pou yo fè aplikasyon lalwa sou kontribyab yo. Se anplwaye IRS yo ki ka fè aksyon sa yo, tankou depoze yon privilèj fiskal federal oswa bay yon prelèvman.

Opsyon peman yo

Fim prive yo otorize pou yo diskite sou opsyon peman yo, ki gen ladan, tabli yon plan peman avèk kontribyab yo. Men, pou ka anplwaye IRS yo ap jere yo, tout peman enpo yo dwe fèt dirèk nan IRS la. Yon peman pa dwe janm ale nan fim prive oswa yon moun si se pa IRS la oswa Trezò Etazini. Chèk yo ta dwe fèt sou non Trezò Etazini. Pou ou konnen plis sou opsyon peman ki disponib yo, vizite IRS.gov/payments

Plis enfòmasyon

IRS la te tabli pwogram Koleksyon Dèt Prive a an 2016, jan lwa federal la otorize sa, epi nan kontra avèk plizyè ajans pou kolekte yon seri dèt enpo yo pa peye, sou non gouvènman an. Pou aprann plis konsènan pwogram koleksyon dèt prive a, vizite paj Koleksyon Dèt Prive a (an anglè). Ou ka jwenn enfòmasyon adisyonèl nan lyen annapre yo: