IRS kontinye grandi espas pou ede moun nan taks nan anpil lang; Fòmilè 1040 lan la an Panyòl, gen enfòmasyon disponib nan plizyè lang

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-204, 9 Septanm, 2020

WACHINGTONN — Nan kad gwo efò l ap fè pou sansibilize kominote ki manke jwenn sèvis, Sèvis revni Entèn fè gwo pa lè li ouvri espas pou l mete enfòmasyon ak asistans disponib pou kontribyab taks yo nan lòt lang ankò, tankou Fòmilè 1040 lan ki nan lang Panyòl pou premye fwa.

Anplis disponib li disponib an anglè ak Panyòl, Fòmilè 1040 ane 2020 an ap bay kontribyab taks yo opòtinite pou yo di si yo swete moun kontakte yo nan yon lang ki pa anglè. Sa se yon nouvo detay ki disponib pou premye fwa nan sezon deklarasyon taks k ap vini an.

Lòt chanjman tankou Piblikasyon 1 (an anglè), Dwa W kòm Kontribyab Taks, disponib koulye a nan 20 lang. Vèsyon 2020 Piblikasyon 17 (an anglè)la, Taks Federal sou Revni W, ap disponib byen bonè nan ane k ap vini an nan sèt lang – Anglè, Panyòl, Vyetnamyen, Ris, Koreyen epi Chinwa (Senp ak Tradisyonèl).

Inisyativ ajans lan pran pou l gaye nouvèl nan anpil lang se yon detay kle pou IRS ka rive konpli objektif li ki se ede tout moun, kèlkeswa kote y ap viv, kote yo soti, oswa ki lang yo pale.

"Mendèv nou ki si divèsifye santi l byen fyè paske l ka ede rann pi fasil tray kontribyab taks genyen lè pou yo eseye ranpli ak tout volonte yo reponsabilite taks yo, tankou moun ki pi alèz nan lòt lang,," se sa Komisyonè IRS la Chuck Rettig di. "N ap kontinye mete plis enfòmasyon ak plis sèvis disponib nan lòt lang epi tou nou vle bay plis sèvis entèprèt pou nou ka kominike ak plis respè ak kontribyab taks yo nan lang yo pi alèz la. Nou espere kontinye fè efò sa yo pandan n ap travay pou nou merite konfyans ak respè chak grenn Ameriken."

Nan kad ouvri zèl nou sa, anpil nan paj ki sou sitwèb IRS.gov gentan disponib la a nan sèt lang epi gen enfòmasyon fondamantal sou taks ki jou aprè jou disponib nan 20 lang (an anglè) sou IRS.gov. Sa vle di tou kontribyab taks yo ki nan pale ak yon reprezantan IRS gen aksè pou l jwenn sèvis entèprèt nan telefòn (an anglè) nan plis pase 350 lang. IRS kòmanse pa twò lontan la a ap antre enfòmasyon sou sèvis tradiksyon ak yon bann lòt opsyon nan plizyè lang nan pakèt avi l ap mete deyò voye bay kontribyab taks yo.

Pandan IRS gen lontan l ap bay asistans an Panyòl ak kèk lòt lang, ajans lan ogmante kantite materyèl li ki disponib nan anpil lang epi l louvri kad sansibilizasyon an ak sosye nan kominote a nan plizyè lang. Pa twò lontan, IRS te travay ak sosye ki nan kominote kote moun peye pi piti kòb taks epi kote yo gen pi piti revni epi l ba yo enfòmasyon ak resous yo tradui byen vit epi fè yon efò san parèy pou mete l disponib nan 35 lang, kote y ap fè pwomosyon Pèman pou Chòk Ekonomik lan. IRS fè plan pou efò sa a kontinye nan lòt priyorite ajans lan, tankou sezon deklarasyon 2021 an. Ajans lan gentan tou ap ogmante kontak li yo nan plizyè lang sou Instagram, Twitè ak lòt tribin medya sosyal pandan 18 mwa ki sot pase yo la a.

Nan mwa ak ane k ap vini yo, ajans lan ap kontinye mete fòmilè ak Piblikasyon popilè l yo pi disponib nan plizyè lang. Sa mande pou ogmante kantite paj ki sout sitwèb IRS.gov web la pou rann yo aksesib nan sèt lang pi devan nan ane a.

Pou plis enfòmasyon sou asistans nan taks nan lòt lang, ale sou IRS.gov.