IRA yo se yon zouti nan bwat zouti planifikasyon retrèt la

Konsèy Fiskal IRS 2022-107, 14 Jiyè 2022

Gen plizyè fason yon moun kapab planifye pou pran retrèt li. Plan Retrèt Endividyèl yo (an anglè), oswa IRA yo, se sa ki pi komen yo. IRA yo bay sitwayen yo ensitasyon fiskal pou fè envestisman ki kapab ba yo sekirite finansyè lè yo pran retrèt yo. Kont sa yo kapab fèt nan yon bank oswa yon enstitisyon finansyè, yon konpayi asirans vi, fon komen oswa koutye.

Men kèk bagay ou sipoze konnen konsènan IRA tradisyonèl yo.

  • Yon IRA tradisyonèl se yon plan ekonomi pèsonèl ki gen avantaj fiskal kote dediksyon taks gendwa fèt sou kontribisyon yo.
  • Jeneralman, lajan ki nan yon IRA tradisyonèl pa taksab jiskake ou fè retrè a.
  • Gen  limit kontribisyon anyèl, tou depan de laj moun nan ak tip IRA a.
  • Lè ou planifye pou ou fè retrè nan yon IRA, kontribyab yo sipoze konnen:

IRA Roth yo similè ak IRA tradisyonèl yo, men gen kèk diferans ki enpòtan.

Yon IRA Roth se yon lòt plan ekonomi pèsonèl ki gen avantaj fiskal ki chita sou menm règleman ak IRA tradisyonèl yo men gen eksepsyon (an anglè):

  • Yon kontribyab pa ka dedui kontribisyon li fè nan yon IRA Roth.

  • Distribisyo ki kalifye (an anglè) pa sijè a taks.
  • IRA Roth yo pa mande pou se lè pwopriyetè a mouri pou retrè fèt.

Men kèk lòt tip IRA:

  • Plan ekonomi Match Ki Ensite Epay pou Anplwaye yo. Yon IRA SIMPLE (an anglè) pèmèt anplwaye yo ak anplwayè yo kontribye nan yon IRA tradisyonel ki fèt pou anplwaye yo. Li se yon plan retrèt pou kòmanse ekonomize, pou anplwaye ki poko ap esponsorize yon plan retrèt.
  •  Plan retrèt senplifye pou anplwaye. Se yon anplwayè ki gen dwa fè yon IRA SEP (an anglè). Anplwayè a depoze kontribisyon yo dirèkteman nan IRA li te fè pou chak anplwaye li yo.
  • Refinansman IRA. Sa a se lè yon pwopriyetè IRA resevwa yon peman nan yon plan retrèt epi li depoze li nan yon lòt IRA (an anglè) nan 60 jou.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)