Enfòmasyon enpòtan pou moun ki panse fè retrè bonè nan fon retrèt yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-162, 24 oktòb 2022

Kèlkeswa jan moun yo planifye, gen evènman k ap rive sanzatann. Souvan, evènman sanzatann sa yo lakoz depans yo pat prevwa. Pou kouvri depans sa yo, pafwa moun yo fè retrè nan fon retrèt yo anvan lè. Pandan sa sanble yon mwayen fasil pou jwenn lajan likid rapid, retrè ki fèt bonè yo kapab vini avèk gwo penalite ak konsekans fiskal ki koute. Men kèk enfòmasyon enpòtan pou moun yo konsidere anvan yo rantre nan epay pou retrèt yo travay di pou fè a.

Plan retrèt nan travay: 401(k), 403(b) ak 457(b)

Plan sa yo kapab distribiye benefis sèlman lè gen yon seri evènman ki rive. Deskripsyon somè plan an ta dwe di byen klè kilè ka genyen yon distribisyon. L ap di tou si plan an pèmèt distribisyon nan ka difikilte (an anglè), retrè oswa prè anvan lè.

  • Distribisyon nan ka difikilte yo se retrè ki soti nan kont yon patisipan, ki fèt akoz yon nesesite lajan ijan e enpòtan epi ki limite nan montan ki nesesè pou satisfè bezwen lajan sa. Nesesite anplwaye a se nesesite konjwen oswa depandan anplwaye a.
  • Distribisyon nan ka difikilte yo dwe enkli nan revni brit yo sof si yo se kontribisyon Roth ki deziyen.
  • Distribisyon ki fèt anvan patisipan an gen 65 lane, oswa laj retrèt nòmal plan an, si l fèt anvan, ka lakoz yon enpo sou revni siplemantè ki egal a 10% montan retrè a.
  • Ranbouse distribisyon nan ka difikilte yo nan plan an oswa retounen li nan yon lòt plan oswa IRA pa posib.

Moun ki prete yo ranbouse prè yo fè nan plan sa yo nan kont retrèt la. Moun ki prete yo ta dwe gade limit sou montan prè yo ak lòt ekzijans yo (an anglè). P ap gen enpo sou lajan sa si prè a respekte règleman yo epi ranbousman an fèt atan.

Distribisyon minimòm yo ekzije

Kontribyab dwe fè distribisyon minimòm yo ekzije a chak ane apati ane kote kontribyab la gen 72 lane, 70 zan edmi (70 ½) si kontribyab la te gen 70 zan edmi (70 ½) an 2019. Moun yo kalkile RMD (Required Minimum Distribution, Distribisyon Minimòm yo Ekzije) a lè yo divize balans kont IRA a nan dat 31 desanm ane ki pase a pa peryòd distribisyon oswa esperans vi ki aplikab la. Yo retire RMD yo pou 2020 an akoz dispozisyon alèjman pou COVID-19 la. Distribisyon minimòm yo ekize yo pa obligatwa pou IRA Roth.

IRA yo ak plan IRA yo

patikilye yo kapab pran distribisyon nan IRA yo, SEP-IRA oswa SIMPLE-IRA yo nenpòt lè. Kontribyab yo pa bezwen montre yon difikilte pou yon pran yon distribisyon – yo kapab kontakte enstitisyon finans k ap jere kont lan sèlman.

Distribisyon antisipe yo fèt se lè patikilye yo retire lajan sou yon Kont Retrèt Endividyèl oswa plan retrèt anvan yo gen 59 an edmi (59½). Distribisyon plan retrèt sa yo gen enpo sou revni sou yo. Patikilye yo dwe peye tou, yon 10% enpo pou retrè antisipe siplemantè sof si yon eksepsyon pou enpo sou distribisyon antisipe a (an anglè) aplike.

Kèlkeswa laj la, moun ki posede kont lan dwe depoze yon Fòmilè 1040 Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl k ap montre montan retrè a epi ranpli li pou mete yon Fòmilè 5329, Enpo Siplemantè sou Plan Kalifye, Tankou IRA yo, ak Lòt Kont ki gen Avantaj Fiskal yo (an anglè), avèk deklarasyon enpo a. Sa yo se ekzijans pou retrè ki fèt anvan lè yo ak distribisyon regilye yo.

Distribisyon ak prè ki an rapò ak kowonaviris

Lwa CARES la te rann li pi fasil pou jwenn aksè nan IRA yo ak plan retrèt nan travay yo pou sila yo kowonaviris afekte yo (an anglè). Kèk distribisyon ki te fèt depi 1ye janvye 2020 rive 30 desanm 2020, nan IRA oswa plan retrèt nan travay pou endividi kalifye yo (an anglè) ka trete kòm distribisyon ki an rapò ak kowonaviris (an anglè).

  • Distribisyon sa yo pa nan 10% enpo siplemantè sou distribisyon antisipe yo, ni 25% enpo siplemantè sou yon seri distribisyon SIMPLE IRA.
  • Ranbousman nan yon IRA oswa plan retrèt nan travay kapab fèt nan twa (3) lane.

Kontribyab yo kapb mete distribisyon ki an rapò ak kowonaviris yo nan revni yo sou 3 zan, yon tyè chak ane, oswa si yo fè chwa a, nan ane distribisyon an.

Distribisyon ki an rapò ak divòs

Distribisyon antisipe ki soti nan yon IRS tradisyonèl pou reponn ak ekzijans divòs oswa òdonans tribinal (an anglè) dwe reponn ak ekzijans regilye enpo sou revni an ak 10% enpo siplemantè a sof si gen yon eksepsyon ki kalifye.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)