Plan preparasyon pou ijans yo ta dwe gen ladan yo dosye finansye ak enfòmasyon fiskal

Konsèy Fiskal IRS 2023-69, 17 Me 2023

Moun yo ta dwe mete sou pye yon plan preparasyon pou ijans pou fanmi yo - epi enkli kopi dosye eta sivil yo ak enfòmasyon finansye yo. Lè yo kreye yon plan preparasyon pou ijans ak mete ajou li chak ane, moun yo pral kapab kòmanse pwosesis rekiperasyon an pi vit si yo afekte pa yon katastwòf oswa yon lòt ijans.

Men kèk bagay kontribyab yo ka fè pou ede pwoteje dosye finansye yo.

Mete plan preparasyon pou ijans yo ajou chak ane

Sitiyasyon pèsonèl yo ak biznis yo toujou ap evolye, kidonk, kontribyab yo ta dwe ekzaminen plan preparasyon pou ijans yo a chak ane. Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an gen resous ak lis verifikasyon sou sit wèb Ready.gov (an anglè) yo a pou ede moun yo kreye plan preparasyon pou ijans yo.

Kreye kopi elektwonik dokiman yo

Kontribyab yo ta dwe konsève dokiman yo yon kote ki sekirize. Tankou relve kont labank, deklarasyon enpo ak polis asirans yo. Sa vin fasil kounyea paske anpil ensitisyon finansyè bay relve ak dokiman pa mwayen elektwonik. Si dokiman orijinal yo disponib sou papye sèlman, kontribyab yo kapab itilize yon eskanè epi anrejistre yo sou kle USB oswa nan nyaj la.

Dokimante bagay ki gen valè yo

Dokimante bagay ki gen valè yo atravè foto oswa video anvan yon katastwòf rive, rann li pi fasil pou reklame asirans ak avantaj fiskal yo. IRS.gov gen yon kaye ekzèsis sou pèt nan katastwòf (an anglè) ki kapab ede kontribyab yo rasanble yon lis bagay yo genyen chanm pa chanm.

Konprann alèjman fiskal ki disponib pou sitiyasyon katastwòf yo

Enfòmasyon sou Asistans nan Katastwòf ak Sekou an Ijans pou Endividi yo ak Biznis yo (an anglè) disponib sou IRS.gov. Kontribyab yo ta de gade tou Konsènan Piblikasyon 547, Aksidan, Katastwòf, ak Vòl (an anglè).

Kontribyab k ap viv nan yon zòn katastwòf yo deklare federalman, kapab vizite Nan Tout Peyi a (an anglè) sou IRS.gov epi klike sou Eta yo a pou yo ka wè ki alèjman fiskal pou katastwòf ki disponib. Sila yo kap viv nan konte ki kalifye pou èd nan ka katastwòf ap resevwa otomatikman pwolongasyon pou deklare ak pou peman pou anpil deklarasyon enpo ki anreta epi yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn èd.

Moun ki gen kesyon sou katastwòf yo kapab rele Liy asistans sèvis espesyal IRS la nan 866-562-5227 pou pale avèk yon espesyalis IRS ki fòme pou jere pwoblèm katastwòf yo.

Si moun yo te pèdi dokiman fiskal yo, yo ka kòmande relve fiskal yo oswa mande kopi deklarasyon enpo yo te deja ranpli yo ak dokiman yo te tache yo atravè Resevwa Transkripsyon sou IRS.gov, lè yo ranpli Fòm 4506 (an anglè) oswa lè yo rele 800-908-9946.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)