Ki sa moun ki nouvo nan mendèv la bezwen konnen sou prelèvman taks sou revni

Konsèy Fiskal IRS 2022-94, 21 Jen 2022

Pou anpil nouvo gradye ak lòt moun k ap antre nan mendèv la pou premye fwa, ranpli dokiman nouvo travay yo ka bay konfizyon - ki sa ki yon W-4, de tout fason? Nouvo anplwaye yo ta dwe asire yo ke yo konprann sitiyasyon fiskal yo epi fè kèk planifikasyon kounye a, pou yo ka anfòm nan peryòd fiskal la ane pwochèn. Li enpòtan pou konnen ki montan prelèvman taks kòrèk ki pou fèt.

Byen konprann sa prelèvaman taks la ye.

Taks sou revni federal se yon taks ki peye pa tranch. Sa vle di, kontribyab yo peye taks la pandan y ap touche oswa resevwa revni pandan ane a. Anplwayè yo retire – oswa fè prelèvman – taks sou salè anplwaye yo epi yo peye IRS la li sou non kontribyab la.

Si yon anplwaye pa fè ase prelèvman taks, li ka fè fas a yon bòdwo taks sanzatann ak yon penalite ki posib lè li depoze yon deklarasyon taks ane pwochèn. Si yo peye anplis oswa yo gen twòp prelèvman taks ki fèt pandan ane a, anplwaye a ap gen chans pou li jwenn yon ranbousman taks ane pwochèn. Ajiste prelèvman taks la alavans ka vle di yon pi gwo chèk pandan ane a.

Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a.

Nouvo anplwaye yo dwe ranpli Fòm W-4 pou patwon yo kapab fè prelèvman lajan taks federal ki kòrèk la sou salè yo. Li enstriksyon yo ak anpil atansyon. Anplwayè a pral baze montan prelèvman an sou enfòmasyon anplwaye a bay sou W-4 li a ak konbyen lajan anplwaye a touche.

Anplis de lè yo kòmanse yon nouvo djòb, moun yo ka bay yon nouvo W-4 tou lè sitiyasyon pèsonèl oswa finansye yo chanje, epi yo vle mete prelèvman yo ajou.

Kontribyab yo ka itilize Estimatè Prelèvman Taks la.

Si yon kontribyab pa sèten sou ki montan prelèvman li ta dwe fè, li ka itilize zouti Estimatè Prelèvman Taks la ki sou IRS.gov pou:

  • Evalye prelèvman taks federal sou revni li.
  • Gade kijan ranbousman li, lajan li pote lakay li, oswa taks li dwe yo afekte pa montan prelèvman li a.
  • Chwazi yon estimasyon prelèvman ki bon pou li.

Pou itilize zouti a, kontribyab yo bezwen dènye relve salè yo oswa estimasyon salè yo, lòt sòm revni ak dènye deklarasyon taks sou revni yo. Zouti a pa mande enfòmasyon pèsonèl tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès, oswa nimewo kont labank.

Se pa tout travayè ki se anplwaye.

Travayè yo klase kòm swa kontraktyèl oswa anplwaye, dapre sèten règleman konsènan kontwòl finansye ak konpòtman biznis la genyen sou travayè a ak kalite relasyon yo genyen. Travayè ki se kontraktyèl endepandan yo bezwen peye taks yo dirèkteman paske yo p ap gen yon anplwayè pou fè prelèvman lajan sou salè yo. Tou depan de kantite lajan yo touche, yo ka bezwen peye estimasyon taks sou yon baz chak trimès.

Kenbe fòm taks yo nan yon kote ki an sekirite.

Anjeneral, anplwayè yo voye dokiman taks Fòm W-2 fen ane a an janvye. Sa a se dosye yon kontribyab sou revni li te resevwa pandan ane a ak montan prelèvman lajan yo te fè pou taks federal, leta, lokal ak lòt. Kontribyab yo ta dwe asire yo ke yo kenbe tout dokiman taks yo resevwa nan ane a epi sere yo nan yon kote ki an sekirite pou ede asire ke yo ka depoze yon deklarasyon taks 2022 ki egzat.

Plis enfòmasyon:

Abòne a Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)