Konprann dwa kontribyab la pou li jwenn sèvis kalite

Konsèy sou taks pou COVID 2021-95, 1ye Jiyè 2021

Li enpòtan pou tout kontribyab yo konnen dwa yo nan ka kote yo bezwen travay avèk yon ajans sou yon kesyon fiskal. Deklarasyon Dwa Kontribyab la genyen lis epi defini 10 dwa fondamantal chak kontribyab genyen. W ap jwenn nan lis sa, Dwa pou Sèvis Kalite:

Kontribyab yo genyen dwa pou:

  • Resevwa yon asistans rapid, koutwa epi pwofesyonèl nan men IRS la.
  • Yo pale avèk ou nan yon mannyè yo ka konprann fasil.
  • Resevwa kominikasyon ou ka konprann fasil nan men IRS la.
  • Pale avèk yon sipèvizè apwopo sèvis ki pa apwopriye.

Men kèk bagay kontribyab yo ka atann nan travay avèk IRS la:

  • Reprezantan IRS yo ap koute ou objektivman. Y ap konsidere tout enfòmasyon enpòtan yo.
  • Reprezantan an ap reponn kesyon yo rapid, presi epi konplè.
  • Nan koleksyon enpo, IRS la ap trete moun yo ak koutwazi.
  • Ajans lan konn kontakte kontribyab yo ant 8 è nan maten ak 9 è nan aswè sèlman.
  • IRS la p ap kontakte anplwayè kontribyab la si ajans lan konnen anplwayè a pa aksepte kalite kontak sa yo.
  • IRS la p ap fè apèl telefòn agresif pou fè menas arestasyon oswa prizon.
  • Ajans lan dwe bay kontribyab la enfòmasyon sou kòman li ka jwenn èd nan Sèvis Defans pou Kontribyab la nan tout avi mank règleman yo.
  • Si yon moun kalifye pou Klinik pou Kontribyab ki genyen Ti Revni, (an anglè) IRS la ap bay enfòmasyon sou opsyon pou èd legal .

Kontribyab yo ka jwenn repons pou majorite kesyon yo sou IRS.gov. Kontribyab yo kapab kontakte IRS la dirèk tou, lè yo rele nimewo ki nan kwen anlè adwat tout avi yo ak lèt yo.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)