Konprann Dwa Kontribyab Genyen pou yo Konteste Pozisyon IRS yo epi fè Tande Vwa yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-65, 27 avril 2022

Chak grenn kontribyab gen yon ansanm dwa fondamantal lè y ap fè tranzaksyon ak IRS, nan yon mannyè kolektiv, yo rele dwa sa yo Deklarasyon Dwa Kontribyab yo. Youn nan dwa sa yo se dwa pou konteste Pozisyon IRS yo epi fè tande vwa yo.

Men kèk detay sou sans dwa sa a genyen pou kontribyab yo.

Kontribyab yo gen dwa pou yo:

  • Soulve objeksyon.
  • Bay dokiman adisyonèl pou reponn ak aksyon fòmèl IRS pwopoze yo.
  • Espere IRS ap teni kont de objeksyon yo fè yo san pèdi tan.
  • Fè IRS teni kont de nenpòt ki dokiman yo bay kòm pyès jistifikatif san okenn prejije.
  • Resevwa repons si IRS pa ta dakò ak pozisyon yo.

Men kèk avantaj espesifik dwa sa a bay kontribyab yo.

  • Nan kèk ka, IRS ap enfòme kontribyab la deklarasyon taks la gen erè matematik oswa erè ekriti. Si sa ta rive, kontribyab la:
    • Gen 60 jou pou li di IRS li pa dakò.
    • Bay kopi nenpòt dosye li genyen ki gendwa pèmèt erè sa a korije.
    • Kapab rele nimewo ki afiche nan lèt la oswa nan bòdwo a pou kapab resevwa asistans.
    • Kapab atann li ajans lan ap fè ajisteman ki nesesè yo nan kont li epi voye koreksyon an ba li si IRS dakò ak pozisyon kontribyab la.
       
  • Men ki sa k ap pase si IRS pa ta dakò ak pozisyon kontribyab la:
    • Ajans lan ap voye yon avi ki pwopoze yon ajisteman taks. Sa se yon lèt k ap vin jwenn li pa lapòs.
    • Avi sa a ap bay kontribyab la dwa pou li konteste ajisteman ki pwopoze a.
    • Kontribyab la ap depoze yon rekèt devan yon tribinal fiskal ameriken pou li fè kontestasyon an. Kontribyab la sipoze depoze rekèt la nan yon entèval 90 jou aprè li fin resevwa avi a, oswa 150 jou si li ta fè li andeyò de Etazini.
       
  • Kontribyab la kapab bay dokiman epi fè objeksyon pandan yon odit. Si IRS pa ta dakò avèk kontribyab la, ajans lan ap voye yon avi kote l ap bay eksplikasyon sou rezon ki lakoz ogmantasyon taks la. Avan kontribyab la peye taks la, li gen dwa pou li ale devan yon tribina fiskal ameriken pou li konteste desizyon Ajans lan.
     
  • Nan sèten ka, IRS sipoze bay kontribyab la yon chans pou li fè tande vwa li devan yon biwo apèl endepandan. Ajans lan sipoze fè sa
    • Avan menm li poze aksyon pou li fè kontribyab la peye li taks li dwe yo pa lafòs. Aksyon sa yo gen landann, pran lajan an sou kanè bank kontribyab la. Tousuit aprè li fin depoze yon avi privilèj fiskal nan eta kote deklarasyon an te fèt la. Si kontribyab la pa dakò ak desizyon biwo apèl la, li gen dwa depoze yon rekèt devan yon tribinal fiskal ameriken.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)