Revni poubwa yo gen taks sou yo e yo dwe deklare yo

FS-2022-37, oktòb 2022

Moun k ap travay nan restoran, salon, otèl ak lòt sektè ki sanble yo, resevwa poubwa pou sèvis yo bay kliyan yo. Poubwa yo kapab revni ki gen enpo sou yo, men li enpòtan pou moun k ap travay nan domenn sa yo konprann detay enpòtan ki konsène poubwa yo.

Kisa poubwa yo ye? 

Poubwa yo se pèman lajan kach oswa lòt fòm pèman kliyan yo bay anplwaye yo.

  • Poubwa kach yo se: sa ki soti nan men kliyan yo dirèk, poubwa anplwayè a peye anplwaye a pa vwa elektwonik epi poubwa ki soti nan men lòt anplwaye nan kad yon aranjman pataj poubwa. Tout poubwa kach yo dwe deklare bay anplwayè a.
  • Lòt fòm poubwa yo se bagay de valè ki pa lajan kach, tankou tikè, lesepase oswa lòt pwodui oswa bagay presye yon kliyan bay anplwaye a. Poubwa ki pa lajan kach yo pa bezwen deklare bay anplwayè a.

Kat (4) faktè detèmine si yon pèman kalifye kòm yon poubwa. Nòmalman, tout kat (4) faktè yo aplike ansanm:

  • Kliyan an fè pèman an san kontrent;
  • Kliyan an dwe gen dwa pou li bay montan li vle;
  • Pèman an pa dwe fèt nan negosyasyon e se pa politik anplwayè a ki pou mande sa; epi
  • Jeneralman, kliyan an gen dwa pou li detèmine kiyès k ap resevwa pèman an.

Poubwa dirèk ak poubwa endirèk

Yon poubwa dirèk se lè yon anplwaye resevwa li dirèk nan men yon kliyan, menm si se yon poubwa an komen. Ekzanp anplwaye ki jwenn poubwa dirèk yo se sèvè, sèvez, bamann ak kwafè yo.

Yon poubwa endirèk se lè yon anplwaye, ki pa konn resevwa poubwa nan men kliyan yo dirèk, resevwa yon poubwa. Ekzanp anplwaye ki resevwa poubwa endirèk yo se chofè bis yo, bamann sèvis yo, kizinye yo ak chanpouyinez salon yo.

Kenbe yon rejis poubwa ou resevwa chak jou

Anplwaye yo dwe genyen yon rejis pou poubwa yo resevwa chak jou. Yo kapab itilize Fòmilè 4070A, Rejis Poubwa Kotidyen Anplwaye a, ki nan Piblikasyon 1244, Rejis Poubwa Kotidyen Anplwaye a ak Deklarasyon Poubwa bay Anplwayè a (an anglè), pou li anrejistre poubwa lajan likid li resevwa chak jou.

Yo ta dwe genyen tou, yon rejis pou dat ak valè tout poubwa sou lòt fòm ki pa lajan likid, tankou tikè, lesepase oswa lòt objè de valè. Malgre yo pa deklare poubwa ki pa lajan kach bay anplwayè yo a, yo dwe deklare yo sou deklarasyon enpo yo.

Deklare poubwa bay anplwayè

Pa gen yon fòm obligatwa, men relve a dwe gen ladan:

  • Siyati anplwaye a;
  • Non, adrès, ak nimewo sekirite sosyal anplwaye a;
  • Non ak adrès anplwayè a (osinon non kote anplwaye a ap travay la);
  • Mwa oswa peryòd deklarasyon an kouvri a; epi
  • Total poubwa anplwaye a resevwa pandan mwa a oswa peryòd la.

Anplwaye yo dwe deklare poubwa yo bay anplwayè a anvan 10zyèm jou nan mwa ki vini apre mwa li te resevwa poubwa yo nan li a.

Anplwaye a kapab itilize Fòmilè 4070, Deklarasyon Poubwa Anplwaye a bay Anplwayè a, ki disponib nan Piblikasyon 1244 (an anglè), yon fòmilè anplwayè a bay oswa lòt sistèm elektwonik anplwayè a itilize depi li genyen eleman ki obligatwa pou deklarasyon an ki piwo yo.

Anplwaye yo pa oblije deklare montan poubwa ki mwens pase $20 pa mwa bay anplwayè a.

Deklarasyon poubwa sou deklarasyon enpo sou revni endividyèl

Poubwa anplwaye deklare bay anplwayè yo twouve yo sou Fòmilè W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo (an anglè) pou deklare sou yon deklarasyon enpo endividyèl.

Tout poubwa anplwaye a pa deklare bay anplwayè a dwe deklare apa sou Fòmilè 4137, Enpo Sekirite Sosyal ak Asirans Sante sou Revni Poubwa ki Pa Deklare (an anglè), pou li mete yo kòm salè siplemantè nan deklarasyon enpo li a. Anplwaye a dwe peye tou, pati pa li nan enpo Sekirite Sosyal ak Asirans Sante li dwe sou poubwa sa yo.

Ekzijans pou anplwayè yo

Anplwayè ki gen anplwaye ki gen poubwa yo gen ekzijans pou:

  • Kenbe deklarasyon poubwa anplwaye yo.
  • Fè prelèvman enpo, tankou enpo sou revni ak pati enpo anplwaye pou Sekirite Sosyal ak Asirans Sante, selon salè ak revni poubwa anplwaye a.
  • Peye pati enpo anplwayè a pou Sekirite Sosyal ak Asirans Sante sou total salè ki peye anplwaye ki gen poubwa yo ansanm avèk revni poubwa ki deklare a.
  • Deklare enfòmasyon sa yo bay IRS la sou Fòmilè 941, Deklarasyon Enpo Federal Trimèstriyèl Anplwayè a (an anglè).
  • Depoze prelèvman enpo yo selon ekzijans depo enpo federal yo.

Plis enfòmasyon: