Premye etap pou yon bon planifikasyon fiskal se byen jere done ou yo

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-89, June 22, 2021

Bon done yo ede:

  • Idantifye sous revni yo. Kontribyab yo ka resevwa lajan oswa pwopriyete apati plizyè sous. Done yo ka idantifye sous revni yo epi ede separe revni ki soti nan biznis ak revni ki pa soti nan biznis epi revni ki gen taks sou li ak revni ki pa gen taks sou li.
  • Swiv depans yo. Kontribyab yo kapab itilize done yo pou idantifye depans yo kapab reklame rediksyon pou yo. Sa ap detèmine si yo dwe detaye dediksyon yo nan deklarasyon an. Li kapab ede dekouvri tou, dediksyon oswa kredi yo neglije.
  • Prepare deklarasyon enpo yo. Bon done yo ede kontribyab yo fè deklarasyon enpo yo rapid epi byen. Nan ane a, yo ta dwe ajoute done fiskal yo nan dosye yo jan yo resevwa yo a pou preparasyon deklarasyon enpo a ka pi fasil.
  • Soutni eleman ki deklare nan deklarasyon enpo yo. Done ki byen òganize yo rann li pi fasil pou prepare yon deklarasyon enpo epi li ede jwenn repons si deklarasyon an seleksyon pou yo egzamine l oswa si kontribyab la resevwa yon avi IRS la.

Anjeneral, IRS la sijere kontribyab yo pou konsève done yo pandan twa (3) lane apati dat yo te fè deklarasyon enpo a. Kontribyab yo ta dwe kreye yon sistèm k ap konsève tout enfòmasyon enpòtan yo ansanm. Yo kapab itilize yon pwogram lojisyèl pou jesyon done elektwonik. Yo kapab ranje dokiman papye yo tou, nan dosye ki gen etikèt yo.

Done pou konsève yo se:

  • Done sou enpo yo. Sa gen ladan salè ak deklarasyon rantre tout anplwayè oswa moun ki peye ou ba ou, deklarasyon enterè ak dividand bank yo, kèk pèman gouvènman an tankou alokasyon chomaj, lòt dokiman revni yo ak done tranzaksyon monnen vityèl yo. Kontribyab yo ta dwe kenbe resi yo tou, chèk ki anile, ak lòt dokiman yo – elektwonik oswa papye - ki pwouve revni, yon dediksyon, oswa yon kredi ki deklare nan deklarasyon enpo yo. 
  • Lèt , Avi IRS yo ak deklarasyon enpo ane anvan yo. Kontribyab yo ta dwe konsève kopi deklarasyon enpo ane anvan yo ak avi oswa lèt IRS voye ba yo. Sa yo gen ladan yo, avi ajisteman lè yon aksyon fèt sou kont kontribyab la, avi Pèman Enpak Ekonomik yo, ak lèt konsènan pèman avans kredi enpo pou timoun 2021 yo. Kontribyab ki resevwa pèman avans kredi enpo pou timoun 2021 yo ap resevwa yon lèt nan kòmansman ane k ap vini an k ap gen ladan montan pèman yo te resevwa an 2021 yo. Kontribyab yo ta dwe refere yo nan lèt sa a lè y ap fè deklarasyon enpo 2021 an nan lane 2022 a.
  • Done sou pwopriyete yo. Kontribyab yo ta dwe konsève done sou pwopriyete yo genyen oswa vann tou. Yo dwe konsève done sa yo pou detèmine kalkil baz yo pou gen oswa pèt.
  • Revni ak depans nan biznis. Pou kontribyab pwofesyonèl yo, pa gen yon metòd espesyal yo dwe itilize pou konsève done. Sepandan, kontribyab yo ta dwe jwenn yon metòd ki byen reflete revni brit yo ak depans yo. Kontribyab ki gen anplwaye yo dwe konsève tout done enpo sou travay yo pandan kat (4) lane pou pipiti apre enpo a dwe oswa peye, nan yon dat annapre.
  • Asirans sante. Kontribyab yo ta dwe konsève done kouvèti asirans swen sante pa yo ak pa manm fanmi yo. Si y ap reklame kredi enpo sou prim nan, y ap bezwen enfòmasyon sou tout pèman avans kredi yo resevwa atravè Mache Asirans Sante a ak prim yo te peye yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)