Tèm pou ede kontribyab yo pi byen konprann aranjman pou retrèt endividyèl yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou taks IRS 2020-129, 30 Septanm 2020

Anpil kontribyab ka tande pale de Aranjman pou pran retrèt endividyèl yo (an anglè), oswa IRA (an anglè), men gen kèk ki pa konnen kòman IRA ede yo epanye pou retrèt yo.

Moun ka mete kanpe yon IRA ak yon bank oswa lòt enstitisyon finansye, yon konpayi asirans lavi, fon mityèl oswa ajan dechanj. Men yon lis tèm bazik pou ede moun pi byen konprann opsyon IRA yo.

  • Kontribisyon. Lajan moun mete sou IRA yo. Genyen limit pou kontribisyon pa ane selon laj yo ak tip IRA a.
     
  • Distribisyon Lajan yon moun retire sou IRA yo.
     
  • Distribisyon ki obligatwa Gen kondisyon pou fè retrè sou yon IRA:
    • Jeneralman yon moun dwe kòmanse fè retrè (an anglè) sou IRA yo lè yo rive nan laj 70 lane edmi.
    • Pou Lwa 2019 SEKIRITE a, si 70èm anivèsè nesans yon moun se sou oswa apre 1 jiyè 2019, yo pa oblije pran retrè jouk laj 72 lane.
    • Règleman distribisyon espesyal ap aplike pou benefisy IRA (an anglè).
       
  • IRA tradisyonèl. Yon IRA kote kontribisyon kapab rediksyon nan taks (an anglè). Jeneralman, lajan nan yon IRA tradisyonèl pa gen taks jiskaske yo retire yo.
     
  • Roth IRA. Tip IRA sa yo ki gen pou wè ak menm règleman IRA tradisyonèl yo men avèk kèk esepsyon (an anglè):
    • Yon kontribyab pa kapab dedwi kontribisyon ki fèt sou yon Roth IRA.
    • Pou kèk sitiyasyon, distribisyon kalifye (an anglè) pa gen taks.
    • Jiskeaske mèt li mouri, Roth IRA yo pa mande pou gen retrè.
       
  • Plan pou enterese anplwaye yo fè epay Jeneralman, yo konnen li tankou IRA SIMPLE (an anglè). Anplwaye ak patwon kapab kontribye nan IRA tradisyonèl ki fèt pou anplwaye yo. Li kapab fonksyone byen tankou yon plan pou demaraj pou pran retrèt pou ti patwon yo.
     
  • Pansyon Anplwaye Senplifye. Yo konnen li tankou SEP-IRA (an anglè). Yon patwon ka fè kontribisyon ak pwòp retrèt li yo ak pa anplwaye li yo. Anplwaye a genyen e gen kontwòl yon SEP.
     
  • Ranvèsman IRA. Sa a se lè mèt IRA a resevwa yon pèman nan plan retrèt li e li depoze li nan yon IRA diferan (an anglè) pandan 60 jou.

Plis enfòmasyon:

Abone ak Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)