Kontribyab yo ka fè apèl lè yo pa dakò ak yon desizyon IRS

Konsèy Fiskal IRS 2023-79, 12 Jen 2023

Lè kontribyab yo pa dakò ak desizyon IRS la konsènan sitiyasyon fiskal yo, yo ka soumèt yon demann alekri pou Biwo Apèl Endepandan IRS la revize desizyon an. Objektif Apèl la se rezoud konfli fiskal andeyò sal tribinal la nan yon fason ki jis, san patipri epi ki ankouraje konfòmite volontè ak lwa fiskal la. Biwo sa a separe ak rès IRS la pou asire ke li rete enpasyal.

Kiyès ki ka mande yon apèl

Yon kontribyab ka elijib pou mande yon apèl si li:

Kontribyab yo ta dwe analize eleman ak lwa fiskal ki gen rapò ak sitiyasyon yo epi rasanble tout dokiman ki nesesè pou soutni pozisyon yo.

Mande yon apèl

Si kontribyab yo elijib pou yo soumèt yon apèl, yo ka ekri yon lèt pou mande yon apèl epi poste li nan adrès IRS ki sou lèt yo te resevwa ak dwa apèl yo a. Pou evite reta, li enpòtan pou kontribyab yo voye demann yo a nan adrès ki nan lèt yo te resevwa a, e non pa dirèkteman nan Biwo Apèl Endepandan IRS la.

Kontribyab yo ka reprezante tèt yo oswa fè yon pwofesyonèl fiskal reprezante yo pandan pwosesis apèl la. W ap jwenn plis detay sou kiyès ki ka sèvi kòm yon reprezantan nan Piblikasyon 947, Egzèse Devan IRS la ak Delegasyon Pouvwa (an anglè).

Pwosedi dosye espesyal yo

Gen kèk kalite apèl ki gen pwòp pwosesis pa yo tankou:

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)