Benefis enpo pou pwopriyetè kay

Konsèy enpo IRS 2024-51, 21 Me 2024

Kit yon moun se yon pwopriyetè kay aktyèlman, oswa l ap achte yon kay nan ete sa a, posede yon kay ka koute chè. Gen avantaj enpo ki ka ede kontribyab yo ekonomize lajan epi konpanse kèk nan depans ki vini ak achte yon kay. Pwopriyetè kay yo ta dwe gade dediksyon enpo yo, pwogram ak alokasyon lojman pou wè si yo kalifye.

Depans dediktib ki gen rapò ak kay la

Pifò achtè kay pran yon ipotèk pou achte kay la, epi yo fè peman chak mwa bay moun ki gen ipotèk la. Peman sa a ka gwoupe ak lòt depans pou posede yon kay.

Depans pwopriyetè kay la ka dedwi yo se:

Kontribyab yo dwe detaye dediksyon yo pou dedwi depans pwopriyetè kay yo.

Pwopriyetè kay pa ka dedwi nenpòt nan atik sa yo:

  • Asirans ki gen ladan dife ak pwoteksyon konplè, ak asirans tit.
  • Kantite lajan yo aplike pou redwi prensipal ipotèk la.
  • Salè yo peye pou èd domestik.
  • Depresyasyon.
  • Pri sèvis piblik, tankou gaz, elektrisite oswa dlo.
  • Pifò règleman oswa frè pou fèmen trasaksyon yo (an anglè).
  • Depo konfiske, peman alavans oswa avalwa.
  • Entènèt oswa sistèm Wi-Fi oswa sèvis.
  • Frè asosyasyon pwopriyetè kay, frè asosyasyon kondominyòm oswa chaj komen.
  • Reparasyon kay yo.

Enterè Kredi Ipotèk

Enterè Kredi Ipotèk ede moun ti revni yo pou yo ka achte kay. Moun ki kalifye yo ka reklame kredi sa (an anglè) chak ane pou yon pati nan enterè ipotèk kay la yo peye. Yon pwopriyetè kay ka elijib pou kredi sa si yo teresevwa yon Sètifika Kredi Ipotèk ki kalifye nan men leta oswa gouvènman lokal yo. Yo bay sètifika a sèlman pou yon nouvo ipotèk ki achte yon kay rezidans prensipal.

Alokasyon pou lojman Minis ak militè yo

Minis yo (an anglè) ak manm sèvis inifòm (an anglè) ki resevwa yon alokasyon pou lojman ki pa enpozab, kapab toujou dedwi enpo sou byen imobilye yo ak enterè ipotèk kay yo. Yo pa oblije diminye dediksyon yo dapre alokasyon an.

Plis enfomasyon:

Abòne nan Konsèy enpo IRS (an anglè)