Konnen diferan tip otorizasyon yo pou tyès k ap reprezante yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-111, 18 Septanm 2023

Kontribyab yo ka otorize yon reprezantan tyès (an anglè) pou travay avèk IRS la nan non yo. Pafwa, moun sa a se yon manm fanmi yo pa peye oswa yon zanmi, epi pafwa se yon pwofesyonèl fiskal kontribyab la anboche. Diferan kalite reprezantan yo bezwen otorizasyon diferan anvan yo ka reprezante kontribyab la nan IRS la.

Kontribyab ki swete yon tyès reprezante yo sipoze ba li pèmisyon fòmèl pou li fè sa.

Men divès kalite otorizasyon pou tyès yo:

  • Manda (an anglè) – Bay yon moun otorizasyon pou li reprezante yon kontribyab nan zafè enpo devan IRS la. Reprezantan an sipoze yon moun ki gen otorizasyon pou li egzèse devan IRS la (an anglè).
  • Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Enpo (an anglè) – pèmèt ou chwazi nenpòt ki moun pou resevwa enfòmasyon fiskal konfidansyèl yon kontribyab pou yon kalite enpo pou yon peryòd espesifik.
  • Tyès Deziyen (an anglè) – Deziyen yon moun nan fòm fiskal kontribyab la pou diskite deklarasyon enpo espesifik sa a ak ane fiskal la ak IRS la.
  • Divilgasyon Aloral (an anglè) – Otorize IRS la pou li divilge enfòmasyon fiskal kontribyab la bay yon moun kontribyab la fè pale ak IRS la nan telefòn oswa nan yon rankont konsènan yon dosye enpo byen espesifik. 

Anile otorizasyon yon tyès

Yon kontribyab ka chwazi revoke nenpòt otorizasyon nenpòt ki lè.

Tyès Deziyen yo ak Divilgasyon Oral yo ekspire otomatikman. Yon Otorizasyon Divilgasyon Oral ka ekspire nan fen konvèsasyon an, men yo ka akòde l tou pou yon peryòd tan pi long si kontribyab la vle IRS gen yon konvèsasyon k ap kontinye ak tyès deziyen an jiskaske pwoblèm fiskal la rezoud. Yon otorizasyon pou Tyès Deziyen ap fini yon lane apati dat delè deklarasyon enpo ki konsène an.

Manda ak Otorizasyon Enfòmasyon sou enpo rete an vigè jiskaske kontribyab la anile otorizasyon an oswa reprezantan an retire li. Gen de (2) fason pou yon kontribyab anile youn nan otorizasyon sa yo:

  1. Otorize yon nouvo reprezantan. Si yon kontribyab otorize yon nouvo reprezantan pou menm zafè enpo ak peryòd/ane yo, nouvo otorizasyon an pral otomatikman revoke otorizasyon anvan an sof si kontribyab la chwazi kenbe reprezantan anvan an lè l tcheke kare a pou konsève epi ajoute premye kopi nenpòt otorizasyon yo vle pou rete an vigè.
  2. Voye yon revokasyon bay IRS la. Kontribyab yo ka swiv enstriksyon sou revokasyon yo nan Fòm 2848, Manda ak Deklarasyon Reprezantan (an anglè) pou Manda. Pou Enfòmasyon Otorizasyon sou Enpo yo, yo ta dwe swiv enstriksyon sou revokasyon yo pouFòm 8821, Enfòmasyon Otorizasyon sou Enpo yo (an anglè).

Se kontribyab la ki gen responsablite final la pou li reponn obligasyon fiskal li menm lè li ta gen yon tyès k ap reprezante li.

Reprezantasyon pou moun ki pa gen gwo revni

Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo (LITCs) (an anglè) pa depann de Sèvis Revni Entèn ak Sèvis Defans Kontribyab la. LITC yo reprezante sitwayen ki gen revni ki ba pase yon sèten nivo epi ki bezwen rezoud pwoblèm fiskal yo ak IRS la. Sant sa yo kapab reprezante kontribyab yo nan odit yo, apèl yo, ak litij koleksyon enpo yo devan IRS la ak nan tribinal. Anplis de sa, LITC yo ka bay enfòmasyon sou dwa kontribyab yo ak responsabilite yo nan plizyè lang. Sèvis yo gratis oswa yo gendwa koute yon ti frè tou piti.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)