IRS la ap voye lèt bay plis pase 9 milyon fanmi ki potansyèlman elijib men ki pa t reklame peman estimilis yo, EITC, Kredi Taks pou Timoun ak lòt avantaj yo; Deklarasyon gratis la ap toujou disponib jiska 17 novanm

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2022-178, 13 oktòb, 2022

WASHINGTON - Apati de semèn sa a, Sèvis Revni Entèn ap voye lèt bay plis pase 9 milyon endividi ak fanmiy ki sanble kalifye pou divès avantaj fiskal enpòtan men ki pat reklame yo lè yo fè yon deklarasyon taks sou revni federal 2021. Anpil moun nan gwoup sa a gendwa kalifye pou reklame kèk oswa tout Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Taks Sou Revni ou Touche a ak lòt kredi taks yo an fonksyon de sitiyasyon pèsonèl yo oswa sityasyon fanmiy yo.

Lèt rapèl espesyal sa yo, k ap gen pou rive nan bwa lèt yo nan semèn k ap vini la yo, ap al jwenn moun ki sanble kalifye pou Kredi Taks pou Timoun nan (CTC), Kredi Ranbousman Rekiperasyon (RRC) oswa Kredi Taks sou Revni ou Touche (EITC) men ki potko fè deklarasyon taks 2021 pou reklame yo. Lèt sa yo enprime ni an anglè ni an espanyòl, yo bay yon ti rezime tou kout sou chak kredi sa yo.

IRS la vle raple moun ki potansyèlman elijib yo, espesyalman fanmi yo, yo gendwa kalifye pou kredi taks enpòtan sa yo,” se sa Komisyonè Chuck Rettig fè konnen. “Nou ankouraje moun sa yo ki potko fè deklarasyon taks yo pou 2021 an pou yo revize opsyon sa yo. Menm si yo pa t gen obligasyon pou yo fè yon deklarasyon taks, yo gen dwa toujou kalifyep ou plizyè nan kredi enpòtan sa yo. Nou pa vle moun yo neglije kredi taks sa yo, epi lèt yo ap raple yo de potansyèl kalifikasyon yo ak demach yo ka antreprann.”

Reklame kredi yo

Sa yo ak lòt avantaj fiskal yo te pwolonje nan kad Lwa Plan Sovtaj Ameriken ane pase a ak lòt lejislasyon resan. Malgre sa, sèl fason pou ou benefisye gwo avantaj sa yo se fè yon deklarasyon taks 2021.

Souvan, endividi yo ak fanmiiy yo kapab benefisye avantaj fiskal pwolonje sa yo (an anglè), menm delè yo ta gen ti revni oswa pa ta gen revni ditou ki soti nan yon anplwa oswa nan lòt sous. Sa vle di anpil moun ki, jeneralman, pa bezwen fè deklarasyon taks sipoze fè sa ane sa a, menm si yo pa t gen obligasyon pou fè deklarasyon taks nan ane ki sot pase la yo.

Pou lèt sa a, Biwo Trezò k ap fè Analiz Enpo idantifye endividi ki pa gen yon egzijans tipik pou yo fè yon deklarasyon taks paske yo sanble moun ki gen ti revni, sa chita sou Fòm W-2, 1099s ak lòt deklarasyon tyès ki disponib nan IRS la.

Lèt sa yo similè ak lèt espesyal IRS te voye an septanm 2020 yo kote li te ankouraje 9 milyon moun potansyèlman ki pa fè deklarsyon taks pou yo te soumèt youn pou te kapab benefisye premye Peman Enpak Ekonomik lan. Sa fè pati de yon efò an kontini pou ankouraje moun yo ki, jeneralman, pa gen egzijans pou fè deklarasyon yo pou tcheke avantaj potansyèl yo kapab benefisye yo daprè lalwa fiskal. Chak ane, moun yo konn neglije fè deklarasyon pandan yo gendwa gen yon kredi taks oswa yon ranbousman ki revyen yo de dwa.

Moun yo kapab fè yon deklarsyon taks menm si yo poko resevwa lèt pa yo. IRS la ap raple moun yo, pa gen okenn penalite poutèt ou reklame yon ranbousman nan yon deklarasyon taks ou fè aprè dat limit fiskal regilye avril 2022 an. Fason ki pi rapid e pi fasil pou resevwa yon ranbousman se lè ou fè yon deklarasyon taks ak done ki kòrèk epi ou chwazi depo dirèk.

Deklarasyon Gratis ap toujou rete disponib jiska 17 novanm

Pou ede moun yo reklame avantaj sa yo, san frè Deklarasyon Gratis ap rete disponib pou yon mwa siplemantè ane sa a, jiska 17 novanm 2022. Li disponib sèlman sou IRS.gov/freefile, Deklarasyon Gratis pèmèt moun revni yo egal a $73,000 oswa pi piti, pou fè yon deklarasyon anliy gratis lè yo itilize lojisyèl gi gen gwo renome. Se Free File Alliance ki finanse Deklarasyon Gratis la, nan kad yon patenarya ant IRS ak endistri lojisyèl taks yo.

Moun yo ka vizite ChildTaxCredit.gov/file pou yo kapab fè yon deklarasyon enpo sou revni 2021. Moun ki gen revni yo pi piti pase $12,500 ak koup yo ki gen revni yo pi piti pase $25,000 gendwa otorize pou fè yon deklarasyon taks senp pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an - Ki kouvri nenpòt montan pèman estimilis 2021 ki te gendwa manke - ak Kredi Taks pou Timoun nan. Endividi yo pa bezwen gen timoun pou yo kapab itilize Jwenn Kredi Enpo pou Timoun Ou pou yo kapab jwenn solisyon deklarasyon ki konpatib ak yo an.

Plis detay sou avantaj fiskal elaji sa yo

Twa kredi sa yo enkli:

  • Yon Kredi Enpo pou Timoun ki elaji: Fanmi yo kapab reklame kredi sa a, menm si yo ta resevwa yon avans pèman mansyèl pandan dènye mwatye 2021 an. Total kredi sa a kapab rive jis ka $3,600 pa timoun.
  • Yon Kredi Taks sou Revni ou Rantre ki pi jenere: Lalwa ogmante EITC pou travayè ki pa gen timoun yo. Gen chanjman tou ki kapab ede fanmi ki pa gen gwo revni ak sa ki gen revni modere yo ki gen timoun yo. Kredi a kapab rive jis ka $1,502 pou travayè yo ki pa gen timoun ki kalifye yo, $3,618 pou sa ki gen yon timoun yo, $5,980 pou sa ki gen de timoun yo ak $6,728 pou sa ki gen twa timoun pou pi piti yo.
  • Kredi Ranbousman Rekiperasyon an: Moun ki te rate twazyèm tranch peman enpak ekonomik (IEIP3) a, gendwa elijib pou reklame RRC a. Yo souvan rele li pèman estimilis, kredi sa a kapab ede moun ki elijib yo ki te gen yon EIP3 ki te pi piti pase montan konplè a, sa gen nan li tou moun ki te akeyi yon timoun an 2021 an. Kredi maksimòm nan se $1,400 pou chak granmoun ki kalifye, plis $1,400 pou chak timoun ki kalifye oswa granmoun ki depandan.

Aprè twa kredi sa yo, anpil moun ki fè deklarasyon gendwa kalifye tou pou de lòt avantaj taks yo ak yon deklarasyon taks ki fèt pou 2021:

  • Yon ogmantasyon Kredi Swen pou Depandan ak Timoun nan (an anglè) Fanmi ki depanse pou okipe moun yon fason pou yo kapab ale travay oswa al chache travay gendwa resevwa yon kredi taks ki evalye a $4,000 dola pou yon moun ki kalifye oswa $8,000 dola pou de (2) oswa plis moun ki kalifye.
  • Yon dediksyon pou don nan charite: Majorite kontribyab yo ki pran dediksyon estanda a gendwa dedwi kontribisyon lajan likid ki elijib yo te fè pou charite an 2021. Koup ki marye ki fè deklarasyon konjwen gendwa dedwi 600 dola nan don ki fèt ak lajan likid epi kontribyab endividyèl yo kapab dedwi 300 dola nan don yo te fè. Anplis de sa, detayan ki fè gwo don lajan likid yo souvan kalifye pou yo dedwi tount montan an okonplè nan 2021 an.

Plis detay sou tout avantaj sa yo disponib sou fich teknik FS-2022-10 (an anglè) ki te pibliye sou paj IRS.gov la nan kòmansman ane sa a.

Rapèl itil

IRS la ankouraje tout moun pou yo asire yo, yo gen tout deklarasyon fendane 2021 yo nan men yo anvan menm yo fè deklarasyon 2021 yo a. Akote tout W-2 yo ak 1099 yo, sa gen ladan de (2) deklarasyon IRS pibliye – Lèt 6419 (an anglè), afiche montan total avans peman kredi taks pou tiimoun nan, ak Lèt 6475 (an anglè), montre montan total pèman EIP3 yo. Moun yo kapab itilize Kont Anliy IRS yo pou yo kapab wè montan total twazyèm tranch Pèman Enpak Ekonomik lan oswa Pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan. Moun ki marye ki resevwa pèman konjwen ap gen pou yo monte sou kont pèsonèl yo separeman pou yo kapab verifye montan ki vin pou yo chak la.

Kèlkeswa yo ta ilize deklarasyon gratis ou pa, nenpòt moun kapab jwenn repons kesyon fiskal yo, fòm ak enstriksyon yo, ak zouti ki fasil pou itilize sou sit IRS.gov la. Yo kapab itilize resous sa yo pou resevwa èd lè yo gen bezwen lakay yo, nan travay oswa nan deplasman yo.

Reklame kredi sa yo pa gen okenn efè sou abilite yon moun genyen pou li elijib pou avantaj federal yo tankou Revni Sekirite Siplemantè (SSI), Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP), Asistans Tanporè pou Fanmiy ki nan Bezwen yo (TANF), ak Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Ti bebe ak Timoun (WIC) a. Reklame kredi sa yo pa gen oken efè sou estati imigrasyon yon edividi oswa abilite yo pou yo resevwa yon green card oswa avantaj imigrasyon