IRS fè pwogram Direct File la yon opsyon pèmanan pou ranpli deklarasyon enpo federal; aksè elaji pou plis kontribyab ka planifye sezon depoze 2025 la

IR-2024-151, 30 me 2024

WASHINGTON — Apre yon sezon siksè pwogram pilòt ranpli a ak fidbak yon varyete patnè, Sèvis Revni Entèn te anonse jodi a li pral fè pwogram Direct File (Ranpli Dirèk) la yon opsyon pèmanan pou ranpli deklarasyon enpo federal kòmanse nan sezon enpo 2025 lan.

Ajans la ap eksplore fason pou elaji Direct File pou fè plis kontribiyab elijib nan sezon ranpli 2025 la, ak pi alavni egzamine opsyon pou elaji disponiblite Direct File atravè nasyon an, tankou kouvri plis sitiyasyon fiskal ak envite tout eta yo fè patenarya ak Direct File ane pwochèn.

IRS planifye pou anonse plis detay sou ekspansyon 2025 la nan mwa kap vini yo.

Desizyon an se rezilta gwo siksè pwogram pilòt la, ki te limite pandan sezon ranpli 2024 la, kote 140 803 kontribyab nan 12 eta te ranpli enpo yo lè yo te itilize pwogram Direct File la. IRS te byen analize done yo kolekte pandan pwogram pilòt la, li te fè anpil reyinyon ak divès gwoup moun ki gen enterè epi li te rasanble fidbak nan men itilizatè pwogram Direct File la, ofisyèl eta yo ak reprezantan yo atravè sektè enpo a. IRS te tande dirèkteman plizyè santèn òganizasyon atravè peyi a, plis pase yon santèn manm Kongrè a ak lòt moun ki enterese sèvi ak pwogram Direct File nan alavni. IRS te tande tou yon kantite limite moun ki enterese, ki kwè aktyèl opsyon depoze elektwonik gratis tyès pati yo bay yo adekwa.

IRS pral kontinye analiz done ak angajman moun ki gen enterè yo pou idantifye amelyorasyon nan pwogram Direct File la; sepandan, premye analiz apre pwogram pilòt la te bay ase enfòmasyon pou desizyon fè pwogram Direct File la yon opsyon pou ranpli ki pèmanan. IRS te note yon desizyon bonè pou sezon 2025 lan enpòtan pou planifikasyon ak pwogramasyon ni pou IRS ni pou lòt eta yo antre nan pwogram nan. Komisyonè IRS Danny Werfel te rekòmande bay Sekretè Trezò a Janet L. Yellen pou fè pwogram Direct File la pèmanan. Li te site anpil satisfaksyon itilizatè yo te jwenn ak amelyore ki fè l te pi fasil pou moun ranpli enpo avèk pwogram nan pami rezon rekòmandasyon li a, Sekretè Yellen te aksepte.

Komisyonè IRS Danny Werfel te di, “Mesaj klè a se anpil kontribyab atravè nasyon an vle IRS ba yo plis pase yon opsyon san peye pou ranpli elektwonikman. Kidonk, apati sezon ranpli 2025 la, IRS pral fè pwogram Direct File la yon opsyon pèmanan pou ranpli deklarasyon enpo federal yo. Bay kontribyab yo opsyon adisyonèl ranfòse sistèm pou ranpli enpo yo. Epi ajoute pwogram Direct File nan meni opsyon depoze yo antre nan efò nou pou rann enpo pi fasil ke posib pou Ameriken yo, sa enkli ekonomize tan ak lajan.”

Eta ak kalifikasyon ekspansyon

Apati siksè pwogram pilòt limite a – kote kontribyab ki gen sitiyasyon enpo relativman senp nan 12 eta yo te elijib pou itilize pwogram Direct File la– IRS ap egzamine fason pou elaji kalifikasyon yo pou plis kontribyab atravè peyi a. Pou sezon ranpli 2025 la, IRS pral travay ak tout eta ki vle fè patenarya ak pwogram Direct File la, epi pap gen limit nan kantite eta ki ka patisipe nan ane k ap vini an. Ajans lan espere plizyè nouvo eta pral chwazi patisipe.

IRS ap eksplore tou fason pou elaji gradyèlman kantite sitiyasyon enpo pwogram Direct File la ka sipòte. Pandan ane k ap vini yo, objektif ajans lan se pou elaji pwogram Direct File la pou sipòte sitiyasyon enpo ki pi komen yo, ak yon konsantrasyon patikilye sou sitiyasyon ki afekte fanmi k ap travay yo. Prl gen snons sou nouvo patnè eta yo ak kalifikasyon elaji nan mwa kap vini yo.

"Eksperyans itilizatè - ni nan pwodwi yo ak entegrasyon sistèm enpo eta yo - ap kontinye kòm fondasyon pou pwogram Direct File la avanse," Werfel te deklare. "Nou pral konsantre, premyèman, sou kontinye pran bon desizyon. Presizyon ak itilizasyon konplè kredi enpo yo pral enkyetid prensipal pou asire n kontribyab yo ranpli yon deklarasyon ki kòrèk epi yo jwenn ranbousman yo gen dwa resevwa a. Epi North Star nou an pral amelyore eksperyans nan ranpli enpo poukont ou epi ede kontribyab yo satisfè obligasyon yo pi fasil e rapidman posib.”

Wòl pwogram Direct File la nan sistèm enpo a

Pandan revizyon ajans lan, anpil kontribyab te di IRS yo vle opsyon pou ranpli gratis. Plizyè milyon kontribyab ki pa t abite nan youn nan 12 eta pilòt la te vizite sitwèb pwogram Direct File la pou aprann plis sou opsyon sa a oswa mande asistan chat an dirèk pou fè Direct File disponib nan eta yo a.

Kòm yon opsyon pou ranpli pèmanan, pwogram Direct File la ap kontinye yon opsyon kontribyab yo ka chwazi. Li pa la pou ranplase lòt opsyon enpòtan pwofesyonèl enpo oswa founisè lojisyèl komèsyal yo, ki se patnè enpòtan avèk IRS nan delivre yon sistèm enpo ki gen siksè pou nasyon an. IRS tou rete angaje nan relasyon kontinyèl avèk Free File Inc., ki te sèvi kontribyab yo pou ven ane nan efò yo fè ansanm pou bay sèvis lojisyèl komèsyal gratis. Byen bonè nan mwa sa a, IRS te siyen yon ekstansyon senk ane ak endistri a pou kontinye pwogram Free File la.

Pandan IRS ap travay pou elaji pwogram Direct File, l ap travay tou pou ranfòse tout opsyon pou ranpli gratis pou kontribyab yo, tankou Free File, Pwogram Volontè k ap bay Asistans enpo sou Revni (VITA) ak Pwogram Konsèy enpo pou moun aje (TCE).

Analiz pwogram pilòt la ak fidbak

Nan sis semèn ki vini apre fen pwogram pilòt Direct File la, IRS te byen analize done pilòt la epi li te rasanble fidbak li jwenn nan men divès gwoup moun ki gen enterè, sa enkli itilizatè pwogram Direct File la, ofisyèl eta yo ak reprezantan atravè kominote fiskal peyi a.

Pandan analiz done ak angajman patnè yo ap kontinye, rezilta analiz apre pilòt IRS la pèmèt twa konklizyon ki sipòte fè pwogram Direct File la yon solisyon pèmanan pou ranpli enpo yo:

1. Kontribyab yo te renmen itilize pwogram Direct File la

Jan sa detaye nan Pilòt Direct File IRS la: Rapò aksyon sezon ranpli 2024 PDFla (an anglè) PDF, plis pase 15 000 itilizatè Direct File te patisipe nan sondaj Pwen-kontak Administrasyon Sèvis Jeneral la, ki kolekte kòmantè konplè itilizatè yo sou sistèm gouvènman an:

  • 90% nan moun ki repond yo klase eksperyans yo kòm Ekselan oswa Pi bon pase Mwayèn.
  • Lè yo te mande sa yo te renmen patikilyèman, moun ki reponn yo te di li fasil pou itilize Direct File, yo fè l konfyans ak li gratis.
  • Anplis de sa, 86% nan moun ki reponn yo te di ke eksperyans yo ak Direct File ogmante konfyans yo nan IRS.
  • 90% nan moun ki reponn sondaj la ki te itilize sipò kliyan yo evalye eksperyans sa a kòm Ekselan oswa Pi bon pase Mwayèn.

Pou mezi kantitatif prensipal opinyon kontribyab yo sou Direct File, IRS te chwazi mezi santiman kliyan Net Promoter Score (NPS), ki mande itilizatè yo, “Nan yon echèl ant 0 a 10, ki chans ki genyen pou w rekòmande Direct File bay yon zanmi oswa manm fanmi an?” Nòt NPS yo varye ant -100-+100. Direct File gen yon NPS +74. Si yo konpare l ak nòt referans nan konpayi sèvis finansye, Direct File ta mennen nan uit nan nèf kategori yo.

2. Direct File te fè eksperyans depoze enpo la pi fasil

Itilizatè Direct File yo rapòte yo ekonomize tan: An jeneral, ranpli enpo yo ak Direct File te pran mwens pase inèdtan, e anpil moun te rapòte yo te ranpli yo nan 30 minit. Prèske mwatye nan itilizatè Direct File rapòte yo te peye pou preparasyon enpo ane anvan an, epi Depatman Trezò a estime itilizatè Direct File te ekonomize $5,6 milyon dola nan frè preparasyon enpo nan sezon depoze sa a.

3. Direct File ede katalize transfòmasyon dijital IRS la

Pou konstwi Direct File, IRS te rasanble yon ekip ekspè enpo ki gen eksperyans, espesyalis pwodwi dijital, enjenyè ak syantis ki te soti atravè gouvènman federal la. Ajans lan te fè patenarya ak Sèvis Dijital Etazini ak 18F GSA a, ansanm ak patnè sektè prive yo, ki tout te kontribye ekspètiz enpòtan nan teknoloji ajil. Travay kòt a kòt nan katye jeneral IRS ak kolabore avèk manm ekip adistans atravè peyi a, ekip Direct File la te devlope epi delivre yon pwodwi teknoloji ki fò.

Pwogram pilòt Direct File la tou te bay IRS chans pou teste inovasyon sèvis kliyan yo sou yon gwo echèl.

Sèvis kliyantèl an dirèk (Live Chat) te sèvi kòm kanal prensipal sipò kliyan Direct File paske li ta ka entegre dirèkteman nan pwodwi a. Sa pèmèt sipò kliyan yo elaji tikras pa tikras nan kantite itilizatè nan chak faz nan pwogram pilòt la. IRS ap eksplore fason apwòch sa a kapab afekte sèvis kontribyab an jeneral pandan ajans lan ap travay pou bay kontribyab yo plis chwa nan fason yo ka kominike avèk IRS.

"Nou sonje desizyon ki pi enpòtan nou te pran pandan pwogram pilòt la se te konsantre sou sètitid egzekisyon," Werfel te di. "Nou te pran tan pou nou fè li byen. Nou te jwenn pi bon premye etap pou teste demann lan ak eksperyans itilizatè yo, epi bati yon pwodwi solid. Nou pral aplike menm leson enpòtan sa a pou ane pwochèn pandan n ap pran yon apwòch estratejik pou ogmante disponiblite ak kapasite Direct File.”