Kòman endividi ki patwon tèt yo ak anplwayè domestik yo repeye enpo Sekirite Sosyal ki ranvwaye

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-96, 6 Jiyè 2021

Lwa sou Èd, sou Alèjman, ak Sekirite Ekonomik pou Kowonaviris la te pèmèt endividi ki patwon tèt yo ak anplwayè domestik yo ranvwaye pèman kèk enpo Sekirite Sosyal sou Fòm 1040 yo pou ane fiskal 2020 pandan de (2) lòt ane k ap vini yo. Mwatye enpo Sekirite Sosyal ranvwaye a dwe peye 31 desanm 2021 epi sa ki rete a dwe peye 31 desanm 2022.

Kòman endividi ka repeye enpo ranvwaye yo

Endividi yo kapab peye montan ranvwaye a nenpòt lè nan dat la oswa anvan dat la. Yo:

Endividi k ap fè pèman enpo Sekirite Sosyal yo nan EFTPS yo dwe seleksyone Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini 1040 ak enpo Sekirite Sosyal ranvwaye pou kalite pèman an. Yo dwe aplike pèman an nan ane fiskal 2020 kote yo te ranvwaye pèman an. Kontribyab yo kapab vizite EFTPS.gov (an anglè) pou detay yo.

Kisa endividi yo dwe fè si yo pa kapab peye tout lajan an nan dat vèsman an

Endividi ki pa kapab peye tout montan enpo ranvwaye a ta dwe peye nenpòt sa yo kapab la nan dat vèsman an pou yo ka limite pennalite yo ak enterè yo.

Si yo pa peye tout montan vèsman an, IRS ap voye yon avi balans ki dwe bay kontribyab la. Kontribyab yo dwe swiv enstriksyon ki sou avi a pou yo fè yon pèman oswa aplike pou yon plan pèman. Yo kapab viite tou, paj Peye Enpo Ou yo sou IRS.gov pou enfòmasypn adisyonèl sou mwayen yo kapab peye, sa pou yo fè lè yo pa kapab peye, ak gade kont fiskal yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)