Pastan oswa biznis: Ki sa moun bezwen konnen si yo gen yon aktivite sou kote

Konsèy enpo IRS 2024-55, 5 jen 2024

Yo pa konsidere pastan ak biznis menm jan nan kesyon enpo. Pi gwo diferans ki genyen ant yo de a se biznis yo opere pou fè yon pwofi pandan alòske pastan yo se pou plezi oswa rekreyasyon.

Kit yon moun ap pran plezi nan yon pastan oswa l ap dirije yon biznis, si yo peye yo atravè aplikasyon peman pou machandiz ak sèvis pandan ane a, yo ka resevwa yon Fòm 1099-K IRS pou tranzaksyon sa yo. Peman sa yo se revni enpozab epi yo dwe rapòte yo nan deklarasyon enpo federal yo.

Gen kèk lòt bagay moun ta dwe konsidere lè yo deside si pwojè yo se yon plezi oswa biznis. Pa gen yon sèl bagay ki se faktè kle a. Kontribyab yo ta dwe gade tout faktè yo pou yo pran yon bon desizyon.

Ki jan kontribyab yo ka deside si se yon pastan oswa biznis

Kesyon sa yo ka ede kontribyab yo deside si yo gen yon pastan oswa yon biznis:

  • Èske tan ak efò yo mete nan aktivite a montre yo gen entansyon fè yon pwofi?
  • Èske aktivite a fè yon pwofi nan kèk ane, epi si wi, konbyen pwofi li fè?
  • Èske yo ka espere fè yon pwofi nan lavni nan apresyasyon byen yo itilize nan aktivite a?
  • Èske yo depann de revni nan aktivite a kòm mwayen pou yo viv?
  • Èske gen nenpòt pèt akòz sikonstans ki depase kontwòl yo oswa èske pèt yo nòmal pou faz demaraj nan kalite biznis la?
  • Èske yo chanje metòd operasyon yo pou amelyore rentabilité?
  • Èske yo fè aktivite a nan yon fason biznis epi kenbe liv kontabite ki konplè ak dosye ki egzat?
  • Èske kontribyab la ak konseye yo gen konesans ki nesesè pou fè aktivite a kòm yon biznis ki gen siksè?

Kit kontribyab yo gen yon pastan oswa y ap jere yon biznis, bon dosye (an anglè) pandan tout ane a pral ede lè yo ranpli enpo yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak konsèy enpo IRS (an anglè)