Tout moun gen dwa a yon rezolisyon definitif lè y ap travay avèk IRS la

Konsèy Fiskal IRS 2023-101, 15 Out 2023

Dapre lalwa, tout kontribyab yo gen dwa a yon rezolisyon definitif nan zafè fiskal yo. Pa egzanp, Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen lè IRS fin fè yon kontwòl. Sa a se youn nan 10 dwa fondamantal — tout moun konnen sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab la.

Men sa kontribyab yo ta dwe konnen sou dwa yo konsènan yon rezolisyon definitif:

  • Kontribyab yo genyen dwa pou yo konnen:
    • Kantite tan maksimòm yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS la.
    • Kantite tan maksimòm IRS la genyen pou odit yon ane fiskal an patikilye oswa kolekte yon dèt fiskal. 
    • Lè IRS la fini ak yon odit.
       
  • Jeneralman, IRS la gen twa (3) ane apati dat kontribyab yo te fè deklarasyon enpo yo a pou li evalye tout enpo siplemantè pou ane fiskal sa.
     
  • Gen kèk eksepsyon limite pou prensip twa (3) lane a, pami yo, lè kontribyab yo pa fè deklarasyon yo pou yon ane byen presi oswa fè fo deklarasyon oswa deklarasyon fwod. Nan ka sa yo, IRS la kapab evalye enpo pou ane fiskal sa a nenpòt kilè.
     
  • Jeneralman, IRS la gen dis (10) zan apati dat evalyasyon an pou li kolekte dèt enpo yo. IRS la pa kapab pwolonje peryòd 10 zan sa a sof si kontribyab la dakò pou pwolonje peryòd la nan kad yon akò vèsman pou peye dèt fiskal oswa yon jijman tribinal pèmèt IRS la kolekte enpo ki poko peye apre peryòd 10 zan an.
     
  • Gen sikonstans kote yo ka sispann peryòd koleksyon 10 zan an. Sa kapab rive lè IRS la pa kapab kolekte enpo ki poko peye akoz fayit kontribyab la oswa kontribyab la enplike nan yon pwosedi lakòlèk k ap fèt.
     
  • Yon avi ensifizans règlemantè se yon lèt ki pwopoze enpo siplemantè kontribyab la dwe peye. Avi sa a dwe gen ladan delè pou depoze yon petisyon devan tribinal fiskal la pou konteste montan ki pwopoze a.
     
  • Jeneralman, yon kontribyab ap pase nan yon odit yon fwa sèlman nan ane a. IRS la gendwa relouvri yon kontwòl pou yon ane fiskal ki pase, si IRS la twouve sa nesesè. Sa te ka rive, pa egzanp, si yon kontribyab soumèt yon deklarasyon ki gen fwod.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)