Sa kontribyab yo bezwen konnen konsènan fè pèman estimasyon taks an 2022

Konsèy Fiskal IRS 2022-90, 13 Jen 2022

Dapre lalwa, tout moun dwe peye taks menm jan yo genyen revni an. Jeneralman, kontribyab yo dwe peye omwen 90 pousan taks yo nan ane a atravè prelèvman, estimasyon oswa pèman taks adisyonèl yo oswa yon konbinezon toude (2). Nan ka kontrè a, yo ka dwe yon penalite pou estimasyon taks lè yo deklare. Gen kontribyab ki gen revni ki pa gen prelèvman sou yo. Pou pwopriyetè ti biznis yo ak moun k ap travay ak tèt yo, dabitid sa vle di fè pèman estimasyon taks chak trimès.

Men kèk bagay enpòtan pou ede kontribyab yo konnen si yo bezwen fè pèman estimasyon taks yo:

  • Jeneralman, kontribyab yo bezwen fè pèman estimasyon taks yo si yo espere dwe $1000 oswa plis lè yo depoze deklarasyon taks 2022 yo a, apre ajisteman pou tout prelèvman.
  • IRS la ankouraje tout moun ki nan sitiyasyon sa a pou yo verifye prelèvman yo avèk Estimatè Prelèvman Taks la sou IRS.gov. Si estimatè a sijere yon chanjman, kontribyab la kapab soumèt yon nouvo Fòm W-4  PDF(an anglè) bay patwon travay li a.
  • Mete apa pwopriyetè biznis yo ak moun k ap travay ak tèt yo, lòt moun ki bezwen fè pèman estimasyon taks yo se pwopriyetè ki posede antrepriz yo poukont yo, patenarya yo ak aksyonè nan sosyete S yo. W ap souvan jwenn ladan tou, moun ki enplike nan ekonomi pataj la.
  • Jeneralman, sosyete yo dwe fè pèman sa yo si yo espere dwe $500 oswa plis sou deklarasyon taks 2022 yo a.
  • Mete apa taks sou revni, kontribyab yo kapab peye lòt taks atravè pèman estimasyon taks yo. Sa gen ladan taks pou travay endepandan ak taks minimòm altènativ la.
  • Dat limit ki rete pou peye estimasyon taks trimès 2022 yo se: 15 Jen, 15 Septanm, ak 17 Janvye 2023.
  • Kontribyab yo kapab verifye fòm sa yo pou detay sou kòman pou yo kalkile pèman yo:
  • Kontribyab yo kapab vizite IRS.gov pou yo jwenn opsyon k ap pèmèt yo peye estimasyon taks yo. Sa yo enplike:
  • Tout moun ki peye twò piti taks  PDF(an anglè)atravè prelèvman, pèman estimasyon taks, oswa yon konbinezon de (2) a ka dwe yon penalite. Nan kèk ka, penalite a ka aplike si pèman estimasyon taks yo an reta. Penalite a ka aplike menm si nou dwe kontribyab la yon ranbousman.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)