Fason ki pi rapid e ki pi fasil pou peye IRS se fè yon peman enpo anliy. Si w prefere peye kach, founisè sèvis nou yo fè patenarya ak VanillaDirect pou yo ofri yon opsyon peman pou peye ak kach ki disponib pou kontribyab yo atravè magazen k ap patisipe yo.
Karakteristik ak avantaj pèman ak lajan kach atravè yon patnè ki vann an detay
Frè yo
- $1.50 pou chak pèman kach lè w sèvi avèk Peye ak Lajan Kach atravè ACI Payments, Inc. (an anglè)
- $1.50 pou chak pèman kach lè w sèvi avèk Peye ak Lajan Kach atravè Pay1040.com (an anglè)
Magazen k ap patisipe yo ki aksepte VanillaDirect
- Dollar General, Family Dollar, CVS Pharmacy, Walgreens, Pilot Travel Centers, 7-Eleven, Speedway, Kum & Go, Royal Farms, Go Mart, Rite Aid, Stripes LLC, TAA Operating LLC, Walmart, The Kroger Co, Circle K epi Kwik Trip
Kote yo sitiye
- Peye ak lajan kach lakay patnè k ap patisipe k ap vann an detay nan tout 50 eta yo ak Pòtoriko. Gade kat zòn k ap patisipe (an anglè) VanillaDirect yo.
Limit yo
- Jiska $500 pou chak peman.
- Pa gen limit sou kantite peman pa jou yo. Limit pa mwa, Ane ak lòt yo aplikab (an anglè).
- Kòdba peman yo ekspire 20 jou apre yo fin bay yo.
Sipò
- Si ou gen nenpòt pwoblèm pou fè peman ou, kontakte founisè peman ou te itilize a.
- Kontakte ACI Payments Inc nan customerservice@acipayonline.com oswa 877-754-4420 (Lendi - Vandredi, 7 a.m.-6 p.m. ET).
- Kontakte Link2Gov (Pay1040.com (an anglè)) atravè sèvis otomatik FAQ yo a oswa 888-658-5465 (24è pa jou, 7 jou nan yon semèn).
Kijan pou peye ak lajan kach
Asire w ke w kòmanse pwosesis sa a byen anvan dat limit peman w lan pou w evite enterè ak penalite.
Etap 1: Chwazi yon founisè peman
Vizite sit ACI Payments, Inc. (an anglè) an ($1.50 frè sèvis sou chak peman) oswa sit Pay1040.com (an anglè) an ($1.50 frè sèvis sou chak peman).
Etap 2: Antre enfòmasyon ki nesesè pou trete peman w lan
W ap bezwen chwazi an premye, fòmilè enpo a ak ane peman an pral aplike pou li a; apre, antre enfòmasyon kontribyab ou. Lè yo mande pou w chwazi yon metòd peman, chwazi "Peye Ak Lajan Kach." Y ap mande w pou w antre yon adrès imel pou w ka resevwa yon kòdba peman pou w pote bay revandè a.
Etap 3: Tcheke imel ou pou konfimasyon ak kòdba a
Yon fwa w fin ranpli pwosesis peman davans la, w ap resevwa yon imèl ki soti nan men founisè peman an, (customerservice@acipayonline.com oswa noreply@pay1040.com) ki konfime enfòmasyon ou antre yo. Apre sa IRS la pral verifye enfòmasyon ou yo.
Apre IRS la verifye enfòmasyon ou yo, founisè peman w lan (ACI Payments Inc. oswa Pay1040) ap voye yon dezyèm imèl ba ou ak yon lyen ki mennen nan kòd ba peman w ak enstriksyon yo.
Etap 4: Pran kòd ba peman ou a ak lajan ou bay yon detayan k ap patisipe
Swa ou enprime kòd ba peman an lakay ou oswa voye li nan telefòn entelijan ou. Pote kòd ba peman w lan ak peman w lan bay nenpòt machann k ap patisipe pou w fè peman w lan.
Magazen an pral ba w yon resi apre yo fin aksepte lajan w lan. Resi sa a se konfimasyon peman ou a epi w ta dwe konsève l pou dosye ou yo.