Sa kontribyab yo bezwen konnen konsènan fè paman enpo kalkile pou 2021

IRS Tax Tip 2021-118, 12 dawou 2021

Pwopriyetè ti biznis yo, moun k ap travay ak tèt yo, ak salarye yo ta dwe mande tèt yo si yo pa ta dwe fè peman enpo kalkile pou ane sa a. Lè yo fè sa, sa kapab ede yo evite yon bil fiskal yo pa t atann ak yon pennalite ki posib lè yo deklare lòt ane.

Kontribyab ki gen chèk k ap antre yo gen anplwayè yo ki fè prelèvman taks sou chèk yo. Sa ede kouvri taks anplwaye a dwe yo. Yon lòt kote, kèk kontribyab gen revni prelèvman pa ka fèt sou li. Pou pwopriyetè ti biznis yo ak moun k ap travay ak tèt yo, sa konn vle di pou yo fè peman enpo kalkile chak trimès.

Men kèk detay konsènan peman enpo kalkile yo:

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)