Konprann kredi taks adopsyon an

Konsèy sou Taks IRS 2022-09, 18 janvye 2022

Kontribyab ki te adopte oswa ki te kòmanse pwosesis adopsyon an nan ane 2021 an ka kalifye pou kredi adopsyon an. Kredi sa a kapab aplike pou adopsyon entènasyonal, adopsyon nasyonal prive, epi pou adopsyon piblik nan fanmi akèy. Kontribyab ki adopte pitit mari oswa madanm yo pa kapab reklame kredi sa a.

Men kèk enfòmasyon de baz k ap ede moun yo konprann kredi sa a epi si kapab reklame li lè y ap depoze taks yo:

  • Maksimòm kredi pou adopsyon kontribyab yo kapab reklame sou deklarasyon taks 2021 yo se 14 440 dola pou chak timoun kalifye.
  • Genyen limit revni (an anglè) ki ka afekte montan kredi a
  • Kontribyab yo ta dwe ranpli Fòm 8839, Depans Adopsyon Kalifye (an anglè). Yo itilize fòm sa a pou kalkile konbyen kredi yo kapab reklame sou deklarasyon taks yo.
  • Yon timoun kalifye dwe genyen pi piti pase 18 lane. Si moun yo adopte a pi gran, ou pa ta dwe kapab pran swen tèt yo fizikman.
  • Kredi sa a pa ranbousab. Sa vle di, montan kredi a limite nan taks kontribyab la dwe pou ane 2021 an. Yo kapab repòte tout kredi ki rete sou taks yo dwe pou 2021 an pou jiska senk (5) lane pou pi plis.
  • Depans kalifye yo gen ladan yo:
    • Frè adopsyon ki nesesè epi rezonab.
    • Frè tribinal ak onorè avoka.
    • Depans vwayaj pou adopsyon tankou manje ak lojman.
    • Lòt depans ki an rapò dirèk avèk adopsyon legal yon timoun kalifye.
  • Nan kèk ka, yon patnè domestik ki anrejistre ka peye depan adopsyon yo. Si y ap viv nan yon eta ki pèmèt yon dezyèm paran ki gen menm sèks ak premye a oswa lòt paran adopte timoun patnè yo a, yo ka konsidere sa yo kòm depans kalifye tou.

Depans yo ka kalifye tou menm si kontribyab la peye yo anvan yo idantifye yon timoun kalifye. Pa egzanp, kèk paran ki pral fè adopsyon peye pou yon etid fwaye nan kòmansman pwosesis adopsyon an. Paran sa yo kapab reklame frè sa yo kòm depans pou adopsyon kalifye.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an angle)