Konprann dwa kontribyab yo: Dwa pou finalite

Konsèy sou Taks IRS 2021-149, 7 Oktòb 2021

Kontribyab k ap entèraji ak IRS genyen dwa ak finalite.Taxpayers interacting with the IRS have the right to finality. Dwa sa se pou kontribyab ki nan yon odit. Kontribyab sa yo gen dwa pou yo konnen lè IRS la fini avèk odit la. Sa se yonn nan dis (10) dwa fondamantal — yo konnen yo tout sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab yo.

Men kisa kontribyab ki nan pwosesis yon odit ta dwe konnen konsènan dwa yo pou finalite:

  • Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen:
     
    • Delè maksimòm yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS la.
    • Delè maksimòm IRS la genyen pou li fè odit yon ane fiskal patikilye oswa fè kòlèk yon dèt fiskal. 
    • Lè IRS la fini ak yon odit.
       
  • Jeneralman, IRS la genyen twa (3) lane apati dat kontribyab yo depoze deklarasyon yo pou evalye tout enpo adisyonèl pou ane fiskal sa.
     
  • Genyen kèk esepsyon limite nan règleman 3 lane a, ansanm avèk lè kontribyab la pa fè deklarasyon enpo yo pou ane espesifik yo oswa fè fo deklarasyon enpo. Nan ka sa yo, IRS la genyen yon kantite tan ki ilimite pou li evalye enpo pou ane fiskal sa.
     
  • Jeneralman, IRS la genyen 10 lane apati dat evalyasyon an pou fè kòlèk enpo yo pa peye yo. Peryòd 10 lane a pa ka pwolonje, eksepte pou kontribyab ki antre nan plan vèsman yo oswa IRS la jwenn jijman tribinal yo.
     
  • Gen sikonstans ki lakoz peryòd kòlèk 10 lane a sispann. Sa ka rive lè IRS la pa ka fè kòlèk lajan akoz fayit kontribyab la oswa gen yon pwoseki kòlèk k ap fèt ki enplike kontribyab la.
     
  • Yon avi estati sou defisyans se yon lèt ki pwopoze enpo adisyonèl kontribyab la dwe. Avi sa dwe genyen delè pou depoze yon petisyon nan tribinal fiskal la pou konteste montan yo pwopoze a.
     
  • Jeneralman, yon kontribyab ap genyen yon odit sèlman pa ane fiskal. Men, IRS la ka relouvri yon odit pou ane fiskal ki pase deja, si IRS la twouve sa nesesè. Sa te ka rive pa egzanp, si kontribyab la depoze yon fo deklarasyon.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS la (an anglè