Konprann dwa kontribyab yo: Dwa pou jwenn bon jan enfòmasyon

Konsèy Fiskal IRS 2022-34, 3 mas 2022

Kontribyab yo gen dwa pou jwenn bon jan efòmasyon pou yo ka okouran de fason yo dwe aji pou kapab respekte lwa taks yo. Enfòmasyon sa yo sipoze disponib pandan tout ane a, se pa sèlman pandan sezon pou reyalize deklarasyon taks la.

Lè yon tranzaksyon fèt sou kont yon kontribyab, li gen dwa pou yo ba li detay sou tranzaksyon sa a. An reyalite, dwa sa a fè pati de goup dis dwa ki nan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo.

Dwa pou yo jwenn enfòmasyon vle di kontribyab yo gen dwa pou yo:

  • Jwenn enfòmasyon sou sa yo dwe fè pou kapab respekte lwa taks yo.
  • Jwenn bon jan eksplikasyon sou lwa ak pwosedi IRS yo nan tout fòm yo, enstriksyon yo, piblikasyon yo, avi yo ak korespondans yo.
  • Enfòme yo sou desizyon IRS pran ki gen rapò ak kont taks yo.
  • Jwenn bon jan eksplikasyon sou dezizyon IRS pran yo.

Pou IRS kapab asire li kontribyab y ap jwenn tout enfòmasyon nesesè yo, l ap:

  • Ekri nan sèten avi kantite taks, enterè, ak sèten penalite kontribyab la dwe yo.
  • Eksplike pou ki rezon kontribyab la gen nenpòt dèt taks.
  • Eksplike pou ki rezon yo te derefize bay kontribyab la yon ranbousman li te reklame.
  • Mete enfòmasyon yo disponib sou sit IRS.gov la pou kapab ede kontribyab yo konprann avi ak lèt IRS yo .
  • Voye yon lèt bay kontribyab la lè ajans lan ap fè evalyasyon yon taks. Lèt sa a sipoze gen ladan l:
    • Enfòmasyon sou fason kontribyab la ka fè apèl oswa pwoteste kont desizyon ki pran an.
    • Eksplikasyon sou tout pwosesis la soti nan odit jis rive nan koleksyon.
    • Detay sou fason Sèvis Defans Kontribyab yo kapab bay kout men.
  • Voye yon deklarasyon chak ane bay kontribyab yo ki antre nan yon plan peman. Deklarasyon an ap gen ladan l konbyen kòb kontribyab la:
    • Dwe nan kòmansman ane a.
    • Peye pandan ane a.
    • Toujou dwe nan fen ane a.
  • Mete fòm yo ak piblikasyon yo (an anglè) disponib sou IRS.gov la.
  • Sèvi ak medya sosyal yo (an anglè) pou bay yon valè kontribyab bon jan enfòmasyon ki gen pou wè ak taks

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)