Kontribyab yo dwe gen kontwòl zafè enpo yo pandan tout ane a pou evite yon bòdwo enpo sipriz

Konsèy Fiskal IRS 2022-158, 17 oktòb 2022

Pwochenn sezon fiskal sanble lwen, men an reyalite sa se pi bon moman pou kontribyab yo gade prelèvman (an anglè) yo ak pèman estimasyon enpo yo. Pliske enpo federal yo se pou peye alalong, li enpòtan pou kontribyab yo fè prelèvman ki pa depase sou salè yo oswa peye ase nan estimasyon enpo. Si yo pa fè sa, yo riske genyen yon penalite.

Ajiste prelèvman taks

Pou anplwaye yo, prelèvman an se montan enpo sou revni federal yo pran sou salè yo a. Montan prelèvman enpo sou revni yon patwon fè sou salè òdinè yon anplwaye depann de 2 bagay:

  • Montan lajan anplwaye a touche.
  • Enfòmasyon anplwye a bay patwon an sou Fòm W-4 la.

Tout kontribyab ta dwe ekzaminen prelèvman federal yo chak ane pou rasire yo si yo pa fè ase oswa twòp prelèvman enpo.

Patikilye yo kapab itilize Estimatè Prelèvman Enpo IRS la pou ede yo deside si yo ta dwe fè yon chanjman nan prelèvman yo a. Zouti anliy sa oryante itilizatè yo, etap apre etap nan pwosesis pou verifye prelèvman yo a, epi bay rekòmandasyon konsènan prelèvman yo pou ede yo jwenn montan ranbousman yo dezire jwenn nan lè yo deklare lòt ane.

Kontribyab yo kapab verifye ansanm avèk anplwayè yo pou aktyalize prelèvman yo a oswa soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a.

Peye estimasyon yo

Kontribyab yo ka nan nesesite pou fè pèman estimasyon taks pa trimès nan kèk sikonstans:

  • Si montan prelèvman enpo sou revni ki fèt sou salè oswa pansyon yon kontribyab pa ase.
  • Si yo resevwa revni tankou enterè, dividann, pansyon, revni sou aktivite yo antreprann, gen kapital, prim ak rekonpans.
  • Si yo se antreprenè.

Kontribyab patikilye yo dwe peye estimasyon enpo yo nan dat 15 Avril, 15 Jen, 15 Sektanm ak 17 Janvye. Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè peman estimasyon enpo yo se pa mwayen elektwonik pandan w ap itilize Pèman Dirèk oswa Sistèm Pèmanman Enpo Federal Elektwonik. Kontribyab yo kapab vizite IRS.gov pou lòt opsyon pèman yo.

Plis enfòmasyon: