Kontribyab taks yo dwe renouvle ITIN yo bonè pou yo ka evite reta nan ranbousman yo nan ane k ap vini an

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-110, 27 Dawou 2020

Se kontribyab taks yo ki gen pou fè deklarasyon taks oubyen obligasyon pèman daprè lwa Ameriken yo ki tilizenimewo idantifikasyon kontribyab taks endividyèl . Moun yo ki gen nimewo idantifikasyon kontribyab taks endividyèl yo ki pral ekspire ta dwe renouvle yo Pi Vit Yo Kapbab. Sa ap evite w pran reta ki pa nesesè lè pou yo jwenn ranbousman lajan taks yo nan ane k ap vini an.

Ki ITIN sa yo k ap ekspire ane sila a

  • ITIN sa yo gen pou ekspire 31 Desanm 2020
    • Nimewo ki gen chif 88 nan mitan yo
    • Sila yo ki gen chif mitan yo 90, 91, 92, 94, 95, 96, 97, 98 oswa 99, si yo te livre anvan 2013 epi si yo poko renouvle.

IRS te voye Avi CP48 (an anglè) la byen tan nan lete a bay kontribyab taks ki afekte yo. Avi sa a di konsa kiaksyon yon kontribyab taks ap bezwen poze pou l renouvle ITIN nan si l ap bezwen l pou yo antre l nan deklarasyon taks 2021 Etazini an. Si yon kontribyab taks genyen yon nimewo ITIN ki gentan ekspire epi li konnen li pral bezwen fè deklarasyon taks li nan 2021 an, yo ka renouvle nenpòt lè.

Kontribyab taks ki gen yon ITIN ki ekspire gen opsyon pou yo renouvle yo pou tout fanmi yo an menm tan, si yo resevwa yon lèt renouvèlman IRS voye. Manm fanmi yo se deklaran taks la, mari oubyen madanm li, ak nenpòt ki lòt moun yo mete sou papye deklarasyon yo pou di se depandan pa yo yo ye.

Kòman pou w renouvle yon ITIN

Pou w renouvle yon ITIN, yon kontribyab taks dwe ranpli Fòmilè W-7 epi soumèt tout dokiman ki obligatwa yo. Kontribyab taks yo ki soumèt Fòmilè W-7 yo pa anba obligasyon pou yo voye ansanm ak li dokiman deklarasyon pou taks federal. Men tou, fò yo voye yon nòt kanmenm pou di rezon ki fè yo bezwen yon ITIN nan W-7 la. Mari oswa madanm yo ak depandan yo ka renouvle ITIN yo lè yo deklare taks sou revni endividyèl yo, oswa lè yon lòt moun fè yon deklarasyon taks epi l deklare yo kòm depandan pou li ka jwenn benefis taks sou tèt yo. Pa egzanp, yon paran depandan ki vin pèmèt kontribyab taks prensipal la vin gen privilèj pou deklare tèt li kòm moun ki antèt kay la. Kontribyab taks yo dwe revize enstriksyon sou Fòmilè W-7 yo (an anglè) PDF anvan pou yo ranpli fòmilè a.

Gen twa fason pou soumèt pake aplikasyon Fòmilè W-7 la. Kontribyab taks yo ka:

Men èrè moun fè tout tan ou bezwen evite lè w ap renouvle yon ITIN

  • Poste yon dokiman idantifikasyon san yon Fòmilè W-7
  • Enfòmasyon ki manke nan Fòmilè W-7 la
  • Dokiman pou apiye demann nan pa ase, tankou prèv rezidans ou Ozetazini, oswa dokiman ki pou bay prèv yon chanjman kèlkonk nan non yon moun.

IRS kontinye ap fè efò pou edike nasyon an pataje enfòmasyon sa yo ak moun ITIN yo. Pou l ka ede, IRS ofri yon dividal materyèl pou enfòme moun (an anglè) PDF, ki disponib ata nan sèt lang menm.

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)