Ajan akseptasyon ITIN | Internal Revenue Service

Ou ka jwenn èd pou aplike pou yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) avèk yon Ajan Akseptasyon IRS apwouve nan peyi Etazini ak aletranje. Frè pou sèvis yo ka varye.

Konpare kalite ajan yo

Sètifikasyon ajan akseptasyon Ajan akseptasyon*
  • Ede ranpli Fòm W-7
     
  • Otantifye dokiman sipò yo (an anglè), eksepte kat idantite militè etranje ak nenpòt dokiman pou depandan ki pa paspò ak batistè.
     
  • Retounen dokiman otantifye yo imedyatman
     
  • Poste pake aplikasyon ITIN la pa lapòs bay IRS pou trete l
     
  • Ka travay ak IRS pou rezoud nenpòt pwoblèm ak aplikasyon ITIN yo
     
  • Resevwa kopi avi ITIN kliyan yo
     
  • Prepare deklarasyon enpo w si yo ofri sèvis sa a

     

  • Ede ranpli Fòm W-7
     
  • Revize ak poste dokiman sipò yo (an anglè)
     
  • Poste pake aplikasyon ITIN la bay IRS pou trete l
     
  • Ka travay ak IRS pou rezoud nenpòt pwoblèm ak aplikasyon ITIN yo
     
  • Prepare deklarasyon enpo w si yo ofri sèvis sa a

**Yo make ajan akseptasyon yo sou lis la ak yon zetwal.

Chèche lis la

Jwenn yon ajan IRS apwouve toupre w.

Konpayi sa yo gen ajan IRS apwouve nan peyi Etazini ak aletranje:

  • Deloitte and Touche, LLP
  • Ernst & Young LLP
  • KPMG LLP
  • PricewaterhouseCoopers LLP
  • BDO

Chèche sou entènèt yon kote ki toupre w.