Kontribiyab yo ta dwe evite erè komen sa yo lè yo ranpli deklarasyon enpo yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-07, 24 janvye 2023

Erè ki pi komen kontribiyab yo fè nan deklarasyon enpo yo, trè fasil pou evite. Lè yo regade deklarasyon enpo yo ak anpil atansyon, kontribiyab yo ka ekonomize tan ak efò pou yo oblije nan korije li aprè. Deklare anliy ede evite erè tou. Lojisyèl enpo a fè matematik la, siyale erè komen yo epi pouse kontribiyab yo ranpli enfòmasyon ki manke yo. Li ka ede kontribiyab yo reklame tou kredi ki gen anpil valè ak dediksyon yo. Kontribiyab ki elijib yo ka itilize Deklarasyon Gratis IRS lan pou ranpli deklarasyon yo anliy gratis.

Men kèk nan erè pou w evite:

  • Depoze deklarasyon an twò bonè. Pandan ke kontribiyab yo pa ta dwe depoze deklarasyon yo an reta, yo pa ta dwe ranpli deklarasyon yo twò bonè tou. Yo dwe tann jiskaske yo sèten yo resevwa tout dokiman pou deklarasyon enpo yo, sinon yo riske fè yon erè ki ka fè gen reta nan pwosesis la.
     
  • Nimewo sekirite sosyal ki manke oswa ki pa kòrèk. Chak SSN sou yon deklarasyon enpo dwe parèt menm jan li enprime sou kat Sekirite Sosyal la.
     
  • Non ki mal ekri yo. Non tout kontribiyab yo ak tout depandan yo ki nan deklarasyon an dwe koresponn ak non yo sou kat Sekirite Sosyal yo.
     
  • Enfòmasyon ki pa kòrèk. Kontribiyab yo ta dwe ranpli ak anpil atansyon montan tout salè, dividann, enterè labank, ak lòt revni yo te resevwa pou asire ke yo rapòte kantite kòrèk yo. Sa gen ladann tout enfòmasyon kontribiyab yo bezwen pou kalkile kredi ak dediksyon yo.
     
  • Estati depo ki pa kòrèk. Gen kèk kontribiyab ki chwazi move estati pou ranpli deklarasyon enpo yo. Piblikasyon 501 (an anglè) an gen enfòmasyon detaye sou estati pou ranpli deklarasyon enpo yo.
     
  • Erè matematik yo. Erè matematik yo pami erè ki pi komen yo. Yo soti nan senp adisyon ak soustraksyon ale nan kalkil ki pi konplike yo. Kontribiyab yo ta dwe toujou verifye kalkil yo. Pi bon toujou, lojisyèl preparasyon enpo a ap verifye li otomatikman.
     
  • Kalkile kredi yo oubyen dediksyon yo. Kontribiyab yo ka fè erè lè y ap kalkile bagay tankou kredi enpo sou revni yo, kredi pou gadri ak swen pou depandan yo (an anglè), ak kredi enpo pou timoun. Lojisyèl enpo a pral kalkile kredi ak dediksyon sa yo epi l ap mete tout fòmilè ak anèks yo mande yo.
     
  • Nimewo kont labank ki pa kòrèk yo. Kontribiyab ki bezwen resevwa yon ranbousman ta dwe chwazi depo dirèk. Se fason ki pi rapid pou yo jwenn lajan yo. Sepandan, kontribiyab yo ta dwe asire yo ke yo ap itilize wout ak nimewo kont ki kòrèk la sou deklarasyon enpo yo.
     
  • Fòmilè ki pa siyen yo. Yon deklarasyon enpo ki pa siyen pa valab. Nan pifò ka yo, moun ki marye, mari oswa madanm tou lè de dwe siyen yon deklarasyon enpo y ap fè ansanm. Eksepsyon yo ka aplike pou manm fòs lame yo (an anglè) oswa lòt kontribiyab ki gen yon pwokirasyon valab (an anglè).
     
  • Preparatè enpo ki pa bon. Kontribiyab yo ta dwe sonje ke yo, pa moun k ap prepare enpo la, responsab enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo yo. IRS gen resous pou ede kontribiyab yo jwenn yon moun pou prepare deklarasyon enpo yo. Gen kèk kontribiyab ki ka menm jwenn èd gratis nan men volontè IRS ki sètifye. Kontab piblik ki rekonèt yo, ajan ki enskri yo ( an anglè), oswa lòt pwofesyonèl nan enpo ka ede kontribiyab yo evite erè tou.

Abòne nan Konsèy IRS sou enpo (an anglè)