Kontribyab yo ka jwenn èd taks nan plizyè lang sou sit IRS.gov la

Konsèy Fiskal IRS 2022-41, 16 mas 2022

Sit IRS.gov la bay enfòmasyon itil pou kontribyab yo epi li se pi bon kote pou yo kòmanse ak kesyon taks yo. Gen anpil pwodwi ak sèvis ki ofri nan plizyè lang etranjè.

Pou rive jwenn enfòmasyon nan nenpòt nan sèt lang IRS fè tradiksyon li yo pou moman an, kontribyab yo ka klike sou bouton dewoulman anglè ki nan ba meni an nan tèt paj prensipal sit IRS.gov la. Dewoulman an pemèt ou wè lis lòt lang yon kontribyab ka chwazi pou li paj IRS.gov yo.

Enfòmasyon sou taks yo disponib an espanyòl pou ni moun ni biznis. Sa gen ladann opsyon Deklarasyon Gratis IRS yo ak zouti itil tankou ¿Dónde está mi reembolso (Kote Ranbousman Mwen an)? ak Asistente (Èd) EITC. Èd disponib tou nan lang:

Men kèk nan resous miltileng ki disponib yo:

  • Dwa kontribyab yo. Deklarasyon Dwa Kontribyab yo disponib nan sèt lang, ki afiche nan tèt paj la.
     
  • Èd pou kontribiyab yo ak pwofesyonèl taks yo: Alèt espesyal pou sezon deklarasyon taks yo. Disponib nan sèt lang, paj espesyal sa a sou sit IRS.gov la gen ladann dènye mizajou sezon deklarasyon taks yo ak detay sou efò kontinyèl ajans lan ap fè pou fè envantè deklarasyon taks ki te fèt deja yo.
     
  • Resous deklarasyon elektwonik. Si kontribyab yo toujou gen nesesite pou fè deklarasyon taks 2021 yo, yo ta sipoze chwazi deklarasyon elektwonik. Li disponib jiska mitan mwa oktòb la.
     
  • Fòm ak piblikasyon yo. Kontribyab yo ka wè epi telechaje anpil fòm taks ak piblikasyon (an anglè) an anglè ak an espanyòl.
     
  • IRS2Go. Aplikasyon IRS2Go gratis la disponib tou an espanyòl. Enstale li sou yon iPhone, iPad oswa Android. Nan aplikasyon an, kontribyab yo ka:
    • Jwenn estati ranbousman yo
    • Fè yon peman
    • Jwenn asistans gratis pou preparasyon taks
    • Gade videyo YouTube IRS yo
    • Jwenn mizajou nouvèl taks yo
       
  • Sèvis entèprèt. Kontribyab yo ka benefisye sèvis entèprèt nan plis pase 350 lang lè y ap kominike fasafas oswa nan telefòn ak anplwaye IRS yo.
     
  • Zouti sou entènèt. Zouti sa yo bay enstriksyon etap pa etap nan plizyè lang:
  • Twitter. Nenpòt moun ka jwenn dènye nouvèl ak enfòmasyon taks IRS yo nan sèt (7) lang atravè kont Twitter @IRSnews la (an angle).

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an angle)