Kredi Fiskal sou Lajan ou Antre (EITC) a ede travayè ak fanmi ki gen revni fèb ou modere yo pran yon souf ak taks. Lè ou reklame kredi sa a, sa ka redui kantite lajan taks ou dwe peye epi ranbouse w plis lajan toujou.
Kijan Sa Mache:
Itilize kalkilatris sa a pou ka wè:
- Si ou kalifye pou w resevwa kredi EITC a
- Si gen nan pitit ou yo ak fanmi w ki kalifye pou kredi sa a
- Estimasyon kantite lajan kredi w la ye
- Kondisyon fiskal ou deklare taks
Kisa Ou ap Bezwen
Atestasyon revni ou tankou fòmilè W-2, ak 1099
Dokiman ki montre ki kantite lajan taks yo prelve sou ou oswa lajan ou touche
Nenpòt depans ak ajisteman ki fèt nan kantite lajan ou antre
Sekirite W ak Vi Prive W
Asistan EITC a pa mande w pou bay enfòmasyon konfidansyèl tankou non w, nimewo Sekirite Sosyal ou, adrès oswa nimewo kont bankè w.
Nou pa p sovgade ni sere enfòmasyon ou antre nan asistan an nan achiv nou.
IRS2Go se aplikasyon mobil ofisyèl IRS la
Ou ka itilize aplikasyon IRS2GO a pou w tcheke estati ranbousman w, fè peman, chèche jwenn èd preparasyon enpo ki gratis, enskri pou w jwenn konsèy enpo ki itil, ak lòt bagay ankò!
Lòt kredi ou ka kalifye
Si w kalifye pou EITC a, ou kapab kalifye tou pou lòt kredi enpo.