Ti Biznis yo gendwa Benefisye Kredi Taks Opòtinite Travay la

Konsèy Fiskal IRS 2022-70, 5 Me 2022

Kredi Taks Opòtinite Travay la (an anglè) se yon kredi taks federal ki disponib pou anplwayè ki anplwaye kèk gwoup byen espesifik (an anglè), ki souvan rankontre difikilte pou yo jwenn travay. Kredi sa a disponib sou salè kèk patikilye ki kòmanse travay 31 desanm 2025 oswa anvan, touche.

Men plis detay konsènan egzijans ki fèt pou bon jan kredi sa a.

Kredi taks opòtinite travay la egal ak 40% epi jiska $6,000 salè ki peye epi aplikab pou yon kredi $2,400 maksimòm pou yon anplwaye ki:

  • nan premye ane travay li.
  • sètifye li se manm yon gwoup ki elijib.
  • travay pou anpwlayè sa a pandan 400 èdtan pou pi piti.

Se yon kredi ki bay yon sèl fwa pou chak fwa anplwayè a anplwaye yon nouvo moun, epi tou li pa gen dwa reklame kredi sa a pou yon moun li anboche ki t ap travay pou li deja.

Yon to 25% aplikap pou salè patikilye ki travay ant 120 a 399 èd tan.

Nou gendwa teni kont de jiska $24,000 pou detèmine WOTC pou sèten gwoup byen espesifik veteran ki kalifye.

Kilès ki kalifye pou kredi a

Tout kalite antrepriz gendwa kalifye pou kredi opòtinite travay la lè yo anboche patikilye ki fè pati de gwoup ki kalifye yo ki rankontre gwo pwoblèm pou yo jwenn travay.

Ni anplwayè ki gen obligasyon ni sa ki pa gen obligasyon pou peye taks ki Ozetazini ak nan kèk tèritwa ameriken kapab reklame kredi sa a. Men kòman:

  • Si yon anplwayè gen obligasyon pou peye taks, li gendwa reklame kredi sa a nan deklarasyon taks li.
  • Si yon anplwayè elijib men li pa gen obligasyon pou peye taks, li gendwa reklame kredi sa a sèlman kont taks pewòl ak sèlman pou salè li peye manm gwoup espesifik veteran ki kalifye a.

Kijan pou reklame kredi a

Aplike pou kredi a byen senp.

Kredi a limite ak montan enpo sou revni antrepriz la oswa pati anplwayè a dwe sou taks sekirite sosyal la. Nenpòt kredi ki pa itilize ap swiv prensib nòmal la ki se rekile oswa avanse kredi a.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)