Somè Sekirite: PIN pou Pwoteksyon Idantite yo se yon bon zouti kont vòl idantite ki an rapò ak enpo yo

IR-2023-134, 25 Jiyè 2023

WASHINGTON — Nan dezyèm pati nan yon seri espesyal pandan ete a, patnè Somè Sekirite yo te raple pwofesyonèl fiskal yo ak kontribyab yo jodi a de Pwogram PIN Pwoteksyon Idantite IRS la (an anglè) PDF pou ede pwoteje moun yo kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo.

PIN Pwoteksyon Idantite yo, yo rele tou IP PIN, sèvi kòm yon gwo pwoteksyon kont vòlè idantite yo. IRS la, ajans fiskal etatik yo ak endistri fiskal nasyon an – ki ap travay men nan men ak Somè Sekirite (an anglè) – yo bezwen asistans nan men pwofesyonèl fiskal yo pou pèmèt kliyan yo konnen ke IP PIN yo disponib kounya pou tout moun ki kapab verifye idantite yo.

Komisyonè IRS Danny Werfel di, "Nimewo espesyal sa yo bay yon kouch sekirite siplemantè pou kontribiyab yo ki ap ranpli deklarasyon enpo yo. "Chif yo pwoteje enfòmasyon enpòtan sou deklarasyon enpo kontribyab la epi yo konplike efò pou vòlè idantite yo fè pou yo ranpli fo deklarsyon enpo. IRS la ak patnè Somè Sekirite yo ankouraje pwofesyonèl fiskal yo pou yo ankouraje kliyan yo pou yo pwoteje tèt yo atravè pwogram IP PIN nan.

Sa a se dezyèm kominike nan yon seri senk pati "Pwoteje Kliyan Ou yo; Pwoteje Tèt Ou" seri pandan ete a ki soti nan Somè Sekirite a, yon patenarya piblik-prive ki travay pou pwoteje sistèm fiskal la kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo ak fwod.

Seri piblikasyon kominike yo ak Fowòm Fiskal Nasyonal (an anglè) IRS la, ki vizite Atlanta semèn sa a, bay enfòmasyon enpòtan pou ede pwoteje done enpòtan kontribyab ke pwofesyonèl fiskal yo kenbe pandan y ap pwoteje biznis yo tou kont vòlè idantite yo. Sa a make uityèm ane ke patnè Somè Sekirite yo te travay pou ogmante konsyantizasyon sou pwoblèm sa yo atravè kanpay "Pwoteje Kliyan Ou yo; Pwoteje tèt ou".

Plis pase 8 milyon kontribyab te antreprann demach pou resevwa yon PIN IP. Pou jwenn yon IP PIN, kontribyab yo ka vizite zouti anliy IRS la, Jwenn yon IP PIN.

Komite Konsèy Administrasyon Fiskal Elektwonik lan, oswa ETAAC, te mete aksan, nan ane ki pase a, sou enpòtans IP PIN genyen pou kontriybab yo ak pwofesyonèl fiskal yo.

Gwoup konsèy endepandan IRS la te deklare nan rapò anyèl li bay Kongrè a: "PIN Pwoteksyon Idantite a se zouti sekirite nimewo en (1) ki disponib kounye a pou kontribyab yo nan IRS. "Zouti sa a se kle pou rann li pi difisil pou kriminèl yo fè fo deklarasyon enpo sou non kontribyab la. Selon konpreyansyon nou, avantaj nan itilizasyon PIN IP yo anpil."

Etandone fòs IP PIN yo, jwenn nimewo sa a kapab yon sib ki atiran pou vòlè idantite yo. Patnè somè yo te ankouraje kontribyab yo ak pwofesyonèl fiskal yo pou yo fè atansyon epi pwoteje IP PIN nan kont vòlè idantite yo, epi make konsèy kle sa yo:

  • Kontribyab yo ta sipoze pateje IP PIN yo sèlman ak Founisè sèvis preparasyon enpo yo fè konfyans yo.
  • Pwofesyonèl fiskal yo pa dwe janm anrejistre IP PIN kliyan yo sou sistèm òdinatè yo. Sa diminye risk pou kontribyab la si yon vòlè idantite oswa yon atak pirat entènèt konpwomèt sistèm Pwofesyonèl fiskal la.
  • IRS la p'ap janm rele, imèl oswa voye tèks bay ni kontribyab yo oswa pwofesyonèl fiskal yo pou mande IP PIN lan. Sa se yon siy nan yon anak.

Pwofesyonèl fiskal yo ki viktim yon vòl done kapab ede kliyan yo lè yo ankouraje yo pou yo fè demann yon IP PIN byen rapid. Menmsi yon vòlè gentan soumèt yon fo deklarasyon, yon IP PIN ap toujou ofri pwoteksyon pou ane annapre yo epi anpeche kontribyab yo kontinye viktim vòl idantite ki gen pou wè ak enpo.

Men kèk lòt bagay kontribyab yo ak pwofesyonèl fiskal yo ta dwe konnen sou IP PIN lan:

  • Se yon kòd sis (6) chif kontribyab la ak IRS la sèlman konnen.
  • Pwogram opt-in lan volontè.
  • Yo dwe mete IP PIN lan nan deklarasyon enpo elektwonik la lè lojisyèl la mande sa oswa nan yon deklarasyon sou papye akote liy siyati a.
  • IP PIN lan valab pou yon lane sivil; yo pwodwi yon nouvo IP PIN chak ane.
  • Se sèlman kontribyab yo ki kapab verifye idantite yo ki ka resevwa yon IP PIN.
  • Itilizatè IP PIN yo pa ta dwe janm pataje nimewo yo a ak pèsòn, sèlman bay IRS la ak founisè preparasyon enpo yo fè konfyans lan. IRS la p ap janm rele, voye imèl oswa mesaj tèks pou mande IP PIN nan.
  • Pwofesyonèl fiskal yo pa kapab resevwa yon PIN IP nan non kliyan yo. Se kontribyab yo sipoze resevwa pwòp PIN Pwoteksyon Idantite pa yo.

Pou resevwa yon IP PIN, meyè opsyon an se zouti anliy IRS la Jwenn yon IP PIN. Kontribyab yo dwe valide idantite yo atravè ID.me pou yon ka jwenn aksè ak zouti a ak IP PIN yo. Anvan w eseye pwosesis konplè sa a, gade Fason pou w Enskri pou Kèk Zouti pou Asistans Otomatik Anliy.

Si yon kontribyab pa ta an mezi pou li valide idantite li anliy epi revni li pi piti pase $73,000 pou yon patikilye oswa pi ba pase $146,000 pou yon koup ki marye ki fè deklarasyon konjwen, yo gendwa ranpli Fòm 15227, Aplikasyon pou yon Nimewo Idandifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè) PDF. IRS la ap sone nimewo telefòn kontribyab la te bay nan Fòm 15227 la pou valide idantite li. Depi verifikasyon an fin fèt, kontribyab la ap gen pou li resevwa yon IP PIN atravè Sèvis Sèvis Postal nan kat a sis semèn.

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy, oswa nan telefòn ak yon anplwaye IRS lè yo fin soumèt Fòm 15227 la, oswa ki pa kalifye pou soumèt yon Fòm 15227 gendwa sone IRS la pou kapab pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Yo pral bezwen pote yon dokiman idantifikasyon ki gen foto ak yon lòt dokiman idantifikasyon pou pwouve idantite yo. Depi verifikasyon an fin fèt, kontribyab la ap gen pou li resevwa yon IP PIN atravè Sèvis Postal Peyi Etazini nan twa (3) semèn.

Pwosesis IP PIN pou viktim vòl idantite yo konfime yo pa chanje. Viktim sa yo ap resevwa yon IP PIN otomatikman chak ane.

Resous adisyonèl

Pwofesyonèl fiskal yo tou kapab resevwa èd ki gen pou wè ak rekòmandasyon sou kesyon sekirite yo, lè yo gade Piblikasyon 4557, Pwoteksyon done kontribyab yo (an anglè) PDF, ak Enfòmasyon sou sekirite pou Ti Biznis: Fondamantal yo (an anglè) PDF, pa Enstiti Nasyonal Nòmalizasyon ak Teknoloji (National Institute of Standards and Technology)

Paj Santral vòl idantite IRS la gen bon jan enòmasyon tou pou pwofesyonèl fiskal yo, patikilye yo ak biznis yo.

Piblikasyon 5293, Gid Resous sou Sekirite Done pou Pwofesyonèl Fiskal yo (an anglè) PDF, bay yon ansanm enfòmasyon sou vòl done ki disponib sou IRS.gov. Epitou, pwofesyonèl fiskal yo ta dwe rete konekte ak IRS la atravè abònman nan Nouvèl elektwonik pou Pwofesyonèl Fiskal yo (an anglè) ak Rezo Sosyal li yo (an anglè). Pou plis enfòmasyon, ale sou IRS.gov.