Gen moun ki ka vle ranpli yon deklarasyon enpo - menm si yo pa oblije fè sa

Konsèy Fiskal IRS 2023-27, 2 Mas 2023

Gen kèk moun ki chwazi pa fè yon deklarasyon enpo paske legalman yo pa oblije deklare, men yo ka ap rate kredi enpo ranbousab oswa yon ranbousman enpo sou revni. Sa ka aplike pou yon moun si li:

  • Yo te prelve enpo federal sou salè li yo.
  • Te fè pèman enpo estime.
  • Kalifye pou reklame kredi enpo ranbousab.

Men kèk nan kredi enpo ki gen anpil valè moun ki kalifye yo ka reklame sou yon deklarasyon enpo

  • Kredi Enpo sou Revni w Touche – EITC a ede travayè yo ki te touche $59,187 oswa mwens lè yo soumèt deklarasyon enpo yo. Kontribyab yo ka sèvi ak Asistan EITC a sou IRS.gov pou tcheke kalifikasyon yo.
  • Kredi Enpo pou Timoun – Kontribyab yo ka reklame Kredi Enpo pou Timoun si yo gen yon timoun ki kalifye ki gen mwens pase 17 lane nan fen ane 2022 a.
  • Kredi pou Lòt Depandan yo – Kontribyab ki pa kalifye pou kredi enpo pou timoun yo ka kalifye pou Kredi pou Lòt Depandan yo. Sa gen ladann moun ki gen:
    • Timoun depandan ki gen 18 an oswa plis nan fen ane 2022 a.
    • Paran oswa lòt moun ki kalifye yo ap sipòte.
  • Kredi edikasyon yo (an anglè) – Depans pou edikasyon yo ka ogmante rapid, men gen de kredi edikasyon siperyè pou ede. Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an se pou depans edikasyon ki kalifye pou kat premye ane edikasyon siperyè yo. Kredi Aprantisaj Avi a se pou ekolaj kalifye ak depans yo peye pou elèv ki kalifye ki enskri nan yon enstitisyon edikasyonèl ki kalifye.

Asistan Enpo Entèaktif (an anglè) la ka ede moun yo lè y ap deside si se pou yo deklare

Asistan enpo entèaktif la se yon zouti ki bay repons pou anpil kesyon lwa fiskal ki komen ki baze sou sikonstans espesifik yon moun. Li ka ede yon moun deside si yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo ak si yo kalifye pou anpil kredi enpo ki komen yo.

Zouti a kenbe kontribyab la anonim. Enfòmasyon kontribyab la pa estoke epi asistan an itilize yo sèlman pou reponn kesyon kontribyab la. Asistan an p ap pataje, estoke oswa itilize enfòmasyon an nan okenn lòt fason, ni li pa ka idantifye moun ki ap sèvi ak li a. Sistèm nan pa kenbe enfòmasyon itilizatè a bay la lè yo sòti nan yon sijè.

Kontribyab yo ka deklare elektwonikman pou jwenn ranbousman yo a pi vit

Deklare elektwonikman epi chwazi depo dirèk, se fason ki pi rapid pou yon moun ka jwenn yon ranbousman. IRS la bay plis pase 9 ranbousman sou 10 pou deklarasyon pa vwa elektwonik yo nan mwens pase 21 jou.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)