Gade devan: Kòman Plan Sovtaj Ameriken an afekte taks yo nan 2021 an, pati 1

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-78, June 2, 2021

Sa se dezyèm nan de (2) konsèy sou taks ki bay yon apèsi sou fason Plan Sovtaj Ameriken an ka afekte taks kèk endividi nan 2021 an.

Kredi swen depandan ak timoun nan te ogmante pou 2021 an sèlman

Nouvo lwa a ogmante montan kredi a ak pousantaj depans ki lye ak travay yo pou swen disponib yo te konsidere nan kalkil kredi a, modifye sipresyon pwogresiv kredi a pou moun ki gen gwo rantre yo. epi rann li ranbousab pou kontribyab kalifye yo.

Pou 2021 an kontribyab kalifye yo ka reklame depans ki lye ak travay yo jiska:

  • $8 000 pou yon endividi kalifye, li te $3 000 nan lane anvan yo, oswa
  • $16 000 pou de (2) oswa plizyè endividi kalifye, li te $6 000 anvan.

Kredi maksimòm nan pou 2021 an te ogmante a 50% depans kontribyab yo ki lye ak travay, sa ki egal a $4 000 pou yon endividi kalifye, oswa $8 000 pou de (2) oswa plizyè endividi kalifye. Nan kalkil kredi a, yon kontribyab dwe retire prestasyon pou gad depandan ki sou kont anplwayè a, tankou sila yo founi atravè yon kont depans ki fleksib, apati depans total ki lye ak travay yo.

Yon endividi kalifye se yon depandan ki genyen pi piti pase 13 lane, oswa yon depandan nan nenpòt laj oswa yon konjwen ki pa kapab pran swen tèt li poukont li epi ki ap viv avèk kontribyab li pandan plis pase mwatye ane a.

Menm jan ak anvan, plis kontribyab la rantre, se mwens pousantaj depans ki lye ak travay y ap konsidere pou detèminen kredi a. Sepandan, dapre nouvo lwa a, plis endividi ap kalifye pou nouvo 50% maksimòm tarif pousantaj kredi pou depans ki lye ak travay la. Sa se paske nivo revni brit ajiste kote pousantaj kredi a kòmanse siprime a elve a $125 000. Piwo $125 000, 50% pousantaj kredi a bese pandan revni a ap monte. Li pa disponib ditou pou kontribyab ki gen revni brit ajiste ki depase $438 000.

Tout kredi a totalman ranbousab pou premye fwa nan 2021 an. Sa vle di yon kontribyab kalifye ka resevwa li, menmsi li pa dwe enpo sou revni enpo federal. Pou w kalifye pou pòsyon ranbousab kredi a, yon kontribyab, oswa konjwen kontribyab la si yo fè deklarasyon konjwen, dwe rezide Ozetazini pandan mwatye ane a pou pi piti.

Travayè yo kapab ekonomize plis nan FSA (Flexible Spending Account - Kont Depans Fleksib) pou gad depandan

Pou 2021 an, montan maksimòm prestasyon pou gad depandan yo sou kont anplwayè yo ki san taks te ogmante a $10 500. Sa vle di yon anplwaye ka mete sou kote $10 500 nan yon kont depans fleksib pou gad depandan, olye $5 000 abityèl la.

Travayè yo ka fè sa sèlman si anplwayè a adopte chanjman sa a. Anplwaye yo ta dwe kontakte anplwayè yo pou detay yo.

EITC san timoun nan elaji pou 2021 an

Pou 2021 an sèlman, plis travayè san timoun kalifye ka kalifye pou kredi enpo sou revni an, yon avantaj fiskal ki konplètman ranbousab ki ede anpil travayè ak fanmi ki gen revni fèb ak modere. Sa se paske kredi maksimòm nan prèske triple pou kontribyab sa yo epi se premye fwa li disponib pou jwenn travayè yo; epi li pa genyen limit laj.

Pou 2021 an, EITC a disponib jeneralman pou deklaran san timoun kalifye ki genyen pou pi piti 19 lane avèk yon revni pi ba $21 430; $27 380 pou konjwen ki fè yon deklarasyon konjwen. EITC maksimòm pou kontribyab ki pa gen timoun kalifye yo se $1 502.

Yon lòt chanjman pou 2021 an, pèmèt endividi yo itilize revni 2019 la pou kalkile EITC a si li te plis pase revni 2021 an. Nan kèk ka, opsyon sa ap ba ou yon pi gwo kredi.