IRS ap voye plis pase 2.8 milyon ranbousman bay sila yo ki te deja peye enpo sou konpansasyon chomaj 2020 an

IR-2021-123, June 4, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ap voye plis pase 2.8 milyon ranbousman nan semenn sa bay kontribyab ki te deja peye enpo sou konpansasyon chomaj yo, nouvo lwa a retire kòm revni kounya.

Efò IRS yo pou korije eksè peman konpansasyon chomaj yo ap ede majorite kontribyab ki afekte yo evite fè yon deklarasyon enpo amande. Jiskaprezan, IRS la idantifye deja 13 milyon kontribyab ki ka kalifye pou ajisteman an. Gen ladan yo k ap resevwa ranbousman, yo pral bay tanzantan, epi kèk ap genyen eksè peman yo aplike sou enpo yo dwe oswa lòt dèt. Pou kèk, p ap genyen okenn chanjman.

Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an (ARPA - American Rescue Plan Act) te retire jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj pou chak kontribyab yo peye nan 2020 an. $10 200 a se montan maksimòm yo ka retire lè y ap kalkile revni ki taksab yo; se pa montan renbousman yo.

Pi bonè nan mwa sa a, IRS te kòmanse ak ekzamen pwogramasyon deklarasyon enpo ki te fèt anvan pwomilgasyon ARPA a pou idantifye konpansasyon chomaj ki ka eskli a. IRS la ap fè koreksyon pou Kredi Enpo sou Revni yo, Kredi Enpo Prim ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon esklizyon an afekte a.

Kontribyab ki genyen timoun kalifye yo epi ki vin kalifye pou EITC (Earned Income Tax Credit - Kredi Enpo sou Revni) apre esklizyon fin kalkile ka genyen pou yo fè yon deklarasyon amande pou reklame nenpòt nouvo avantaj. IRS la ka ajiste deklarasyon enpo yo pou sila yo ki selibatè ki pa genyen timoun epi ki vin kalifye pou EITC a. IRS la ka ajiste tou, deklarasyon enpo kote yo reklame EITC a ak timoun kalifye ki idantifye.

Jis jodia, IRS ekzaminen deja plis pase 3.1 milyon deklarasyon, avèk plis pase 2.8 milyon ranbousman y ap resevwa.

IRS la planifye pou bay pwochen ranbousman yo nan mitan mwa Jen an. Ekzamen deklarasyon yo ak koreksyon nan tretman yo ap kontinye pandan sezon lete a pandan IRS la ap kontinye ekzaminen deklarasyon ki pi senp yo pou li pran sa ki pi konplèks yo annapre.

IRS ap voye lèt bay kontribyab yo, jeneralman nan 30 jou apre ajisteman an, pou enfòme yo sou ki kalite ajisteman ki te fèt (tankou ranbousman, peman dèt IRS oswa konpansasyon peman pou lòt dèt yo otorize) ak montan ajisteman an.