IRS bay plis fòm, lèt ak piblikasyon nan plizyè lang ak fòma altènatif: Bray espanyòl disponib kounye a

IR-2022-58, 15 mas 2022

WACHINTONN — Nan yon efò pou bay kontribyab Ameriken yo sèvis yo merite a, Jodi a Sèvis Revni Entèn anonse dènye ekspansyon pwodwi miltileng li yo, Bray, tèks, odyo ak gwo lèt enprime yo disponib kounye a an espanyòl.

Ajans Sant Medya Altènatif (AMC) (Alternative Media Center) ap adapte Fòm 1040 IRS, Anèks prensipal li yo ak sis piblikasyon yo an Bray Espanyòl ak an gwo lèt. Anons sa a mete aksan sou angajman ajans lan pran pou mete dokiman fòma altènatif yo ak resous miltileng yo disponib pou tout moun ki bezwen yo.

IRS gen yon paj wèb tou ki disponib nan 20 lang (an anglè) pou ede kontribyab yo jwenn enfòmasyon debaz sou taks, tankou fason pou tcheke estati yon ranbousman, peye taks oswa fè yon deklarasyon taks federal.

Komisyonè IRS Chuck Rettig deklare "Li enpòtan pou IRS bay moun yo enfòmasyon nan plizyè lang ak fòma pou fasilite yo reponn ak obligasyon taks yo epi resevwa kredi taks enpòtan yo". "Sa a se yon lòt etap enpòtan nan efò kontinyèl nou pou elaji asistans nou an bay plis moun. Mwen trè fyè de gwo efò anplwaye nou yo ap fè ak gwo dezi yo genyen pou fè yon gwo diferans pozitif nan domèn sa a pandan plizyè ane ki sot pase yo, patnè nou yo nan kominote taks nasyon an te ede yo tou. Nou fyè pou nou kontinye konsantre sou domèn sa a."

Resous miltileng IRS adisyonèl yo

Resous medya altènatif disponib pou moun ki avèg, moun ki pa wè twò byen yo

Kontribyab yo ka telechaje fòm ak enstriksyon yo sou paj Fòm ak Piblikasyon aksesib (an anglè) yo sou sit IRS.gov la oswa rele 800-TAX-FORM (800-829-3676) pou mande kopi yo.

Fòm taks ak piblikasyon yo disponib nan yon varyete fòma tankou:

  • Tèks sèlman,
  • Fiche ki tou pare an bray
  • HTML ki ka ouvri nan nenpòt navigatè,
  • PDF ki asesib ak
  • Enpresyon an gwo lèt.

Dènye amelyorasyon nan sèvis daksè IRS yo

Kontribyab yo ka ranpli Fòm 9000, Preferans Medya Altènatif (an anglè) PDF, pou yo chwazi pou yo resevwa avi oswa lèt IRS yo an bray, gwo lèt, odyo ak fòma elektwonik. Kontribyab yo ka anekse fòm nan nan deklarasyon taks yo, poste li bay IRS antanke yon fòm otonòm oswa rele nan 800-829-1040 pou chwazi fòma yo pi pito a. Fòm 9000 disponib tou an bray espanyòl ak an gwo lèt.

Kontribyab yo ki deja resevwa yon avi oswa yon lèt nan fòma enprime epi ki prefere Bray, gwo lèt, odyo oswa tèks, epi ki pa gen yon deziyasyon medya altènatif nan dosye IRS la ka chwazi youn nan opsyon ki anba yo pou fè demann preferans yo.

  • Fakse avi yo ak yon fèy kouvèti bay AMC nan 855-473-2006. Fèy kouvèti a ta dwe gen ladan non, adrès, nimewo telefòn yo ak ki fòma ou vle nan dokiman an.
  • Poste avi yo oswa lèt yo ak yon nòt ki endike fòma prefere a bay:
    • IRS Alternative Media Center
      400 N. 8th St., Room G39
      Richmond, VA 23219
       
  • Rele Liy èd Aksè IRS la nan 833-690-0598 pou jwenn èd ak transkripsyon enfòmasyon yo.

Vizite paj Enfòmasyon sou Sant Medya Altènatif (an anglè) sou sit IRS.gov la pou plis detay.

Kouman pou jwenn repons sou sèvis aksè IRS yo

Si yon kontribyab gen kesyon sou sèvis aksè IRS, li ka kontakte Liy Asistans Aksè a nan 833-690-0598. Èd pou kontribyab ki pale plizyè lang disponib tou nan liy asistans lan atravè sèvis entèprèt nan telefòn. Liy asistans sa a pa gen aksè a kont IRS kontribyab yo. Moun ki bezwen èd ak lwa taks, ranbousman oswa lòt pwoblèm ki gen rapò ak kont yo, ta dwe ale sou paj Kite Nou Ede Ou la ki sou IRS.gov la.