IRS mete aksan sou enpòtans Kredi Swen pou Timoun ak Depandan genyen; Fason li kapab ede fanmi yo ak lòt moun yo

IR-2022-54, 8 mas 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn te fè yon rapèl konsènan sezon deklarasyon taks la jodi a. Kontribyab ki fè depans pou okipe yon moun ki kalifye pandan yo al travay oswa al chèche travay gendwa kalifye pou yon bèl kredi taks.

Kredi Swen pou Timoun ak Depandan (an anglè) yo ogmante pou ane fiskal 2021 an. Sa vle di plis kontribyab pral kalifye ane sa a pase tou lòt ane yo, epi montan kredi yo ap vin pi plis. Kontribyab ki gen yon revni brit ajiste ki depase $438,000 pa kalifye pou kredi sa a.

Komisyonè IRS Chuck Rettig di, "Gen anpil bèl kredi taks ki disponib pou fanmi yo, epi nou pa ta vle pèsonn moun neglije kredi swen pou timoun ak depandan yo. "Nou ankouraje fanmi yo ak lòt moun ki ka kalifye pou kredi sa a pou yo pran san yo pou yo byen egzamine kritè yo pou yo asire yo yo resevwa kantite lajan maksimòm yo sipoze resevwa yo kòmsadwa. Nou ankouraje kominote pwofesyonèl taks yo ak lòt moun yo tou pou yo pataje enfòmasyon enpòtan sa a."

An fonksyon de revni kontribyab yo, yo gendwa benefisye yon kredi ki vo 50% nan depans yo fè pou okipe timoun yo (an anglè). Pou ane fiskal 2021 an, maksimòm depans ki kalifye pou kredi sa a se $8,000 lè se yon sèl moun ki kalifye epi $16,000 lè se de (2) oswa plis moun ki kalifye.

Nan kad kredi sa a, IRS baze sou kritè sa yo pou detèmine si yon moun kalifye.

  • Depandan kontribyab la gen 12 lane oswa pi piti lè li resevwa swen an (limit laj la pa aplikab si depandan an ta gen yon andikap).
     
  • Konjwen kontribyab la gen pwoblèm fizik oswa mantal ki anpeche li okipe tèt li, epi l ap viv ak kontribyab la pandan plis pase mwatye nan ane a.
     
  • Yon moun ki gen pwoblèm fizik oswa mantal ki anpeche li okipe tèt li epi k ap viv ak kontribyab la pandan sis mwa epi ki swa:
     
    1. depandan kontribyab la oswa
    2. li t ap ka konsidere antanke depandan kontribyab la eksepte akoz de youn nan pwen sa yo:
       
      • Moun ki kalifye a te resevwa yon revni brit $4,300 oswa pi plis
      • Moun ki kalifye a te reyalize yon deklarasyon konjwen
      • Yon lòt moun gendwa reklame kontribyab la oswa konjwen li antanke depandan, sizoka yo te reyalize yon deklarasyon konjwen.

Kontribyab yo ka itilize Asistan Taks Entèraktif la (an anglè) oswa gade Kesyon yo Poze Souvan (an anglè) yo sou sit IRS.gov la pou detèmine si yo kapab reklame kredi sa a. Pou patnè IRS yo, gen yon depliyan espesyal pou fè pwomosyon ki disponib (an anglè) PDF an.

IRS te mete aksan sou kredi sa a nan plizyè fason, tankou Konsèy taks, paj enfòmasyon (an anglè), kominike pou laprès epi tou atravè Twitter ak lòt rezo sosyal IRS yo ak chanèl sansiblizasyon yo. Sa fèt tou nan yon videyo espesyal IRS sou YouTube (an anglè).