IRS anonse òf travay pou 700 nouvo anplwaye atravè peyi a pou ede kontribyab yo an pèsonn

IR-2022-197, 9 novanm 2022

WASHINGTON — Mete sou plis pase 4,000 moun ki te anplwaye dènyeman an pou okipe pòs ki enpòtan nan sèvis kliyantèl la, Sèvis Revni Entèn nan ap chèche kounye a plis pase 700 nouvo anplwaye pou ede kontribyab yo nan Sant Asistans pou Kontribyab yo nan tout peyi a.

"Sa se yon priyorite enpòtan pou bay plis sèvis nan IRS la pandan sezon deklarasyon k ap vini an la," selon Ken Corbin, Responsab Eksperyans Kontribyab epi Komisè pou Salè ak Envestisman Sèvis la. "N ap travay pou nou mete plis pase 270 sit akèy k ap byen ekipe ak bon pèsonèl pou bay asistans kontribyab yo bezwen e merite. Se ap premye fwa nan dizan (10 lane) sit akèy nou yo ap ekipe ak yon pèsonèl konplè."

Ogmantasyon sa nan pèsonèl la se nan kad pi gwo amelyorasyon IRS la ki rive posib gras ak fon Lwa sou Rediksyon Enflasyon an ki te apwouve nan mwa dawout 2022 a, epi mizajou siplemantè sou mizannèv lejislasyon dizan (10 lane) istorik la ap disponib byento.

Anplwaye IRS yo pa sèlman sèvi ajans lan men yo endispansab pou adiministrasyon fiskal nasyon an, ki kolekte prèske 96% revni nasyon an ki nesesè pou finanse prèske tout pwogram gouvènman federal la. Travay n ap fè a kore majorite inisyativ vital nasyon an, soti nan sekirite enteryè ak defans Etazini pou rive nan Sekirite Sosyal ansanm avèk pwogram epi pwojè tankou pak ak forè, wout ak pon, bibliyotèk, mize, lekòl ak plis ankò.

Pou 700 òf sa yo, pòs teknik ki vid yo se Espesyalis Konsèy pou Kontribyab Endividyèl ki bay asistans fas-a-fas nan biwo TAC IRS yo epi Reprezantan Premye Asistans yo, ki responsab pou resevwa ak detèmine nesesite kontribyab k ap vizite biwo TAC yo.

Pòs enpòtan sa yo bay yon salè ki konpetitif ak avantaj tankou fòmasyon nan travay, posiblite pou avansman, asirans sante ak asirans vi, ak yon retrèt federal.

IRS ofri yon lye travay ak souplès pou ede anplwaye yo ekilibre karyè yo ak fanmi yo avèk 11 jou ferye ki peye, 13 jou vakans ak konje maladi. Lòt pwogram ekilib ant vi pwofesyonèl ak vi prive se souplès nan orè travay yo, Pwogram Sibvansyon pou Gad Timoun nan, Pwogram Asistans pou Anplwaye a, sèvis sante epi konje matènite ak konje patènite ki peye.

Anplis reprezantan fas-a-fas yo ak asistan nan telefòn yo, IRS la ap travay tou pou anplwaye plis moun nan ajans lan, pa sèlman nan domen sèvi kontribyab yo men tou nan pòs Teknoloji Enfòmasyon ak pou zafè respè prensip yo – tout sa se nan objektif pou amelyore travay IRS ap fè a.

IRS la se yon anplwayè ki bay tout moun menm opòtinite epi li anplwaye moun ki gen talan e ki devwe ki soti divès kote. IRS ankouraje sila yo k ap chèche yon nouvèl opòtinite oswa ki fenk ap travay pou yo panse ak yon karyè nan IRS.

Tout anplwaye yo dwe sitwayen ameriken epi pase yon kontwòl anprent dijital nan FBI, ak verifikasyon konfòmite fiskal yo. Ou pa oblije gen eksperyans travay nan gouvènman an deja. Kandida a ka genyen eksperyans nan sektè piblik la, sektè prive a oswa sèvis benevòl.

Nou ankouraje fiti anplwaye yo pou yo patisipe nan yon sesyon enfòmasyon sou Karyè nan IRS yo k ap gen pou fèt pou yo aprann plis konsènan pòs yo ak ekzijans yo, kòman yo kapab aplike, ak tout avantaj sèvis federal yo.

Enskri (an anglè) pou sesyon enfòmasyon sou anplwa nan dat 17 novanm nan a 1 è nan apremidi. Èdelès.

Pou konnen plis sou pòs sa yo, vizite USAJOBS (an anglè). Pou aprann plis sou lòt pòs ki vid nan IRS la, ale sou paj Karyè nan IRS (an anglè). Epitou, swiv IRS la sou LinkedIn (an anglè) ak sou Twitter sou @RecruitmentIRS (an anglè).

Plis Enfòmasyon: