IR-2025-42, 8 avril 2025
WASHINGTON — Ak dat limit enpo 15 avril la k ap apwoche byen vit, Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo gen tan toujou pou ranpli fòm enpo federal elektwonikman epi mande depo dirèk pou nenpòt ranbousman.
Ranpli elektwonik diminye erè deklarasyon enpo yo paske lojisyèl enpo a fè kalkil yo, siyale erè komen yo epi fè kontribyab yo konnen enfòmasyon ki manke yo. Pifò kontribyab kalifye pou ranpli elektwonikman gratis epi, lè yo chwazi depo dirèk, anjeneral resevwa ranbousman yo nan 21 jou.
Opsyon pou ranpli elektwonik gratis
Kontribyab ki gen yon revni brit ajiste de $84 000 oswa mwens an 2024 ka sèvi ak lojisyèl enpo gide IRS Free File kounye a jiska 15 oktòb. IRS Free File Fòm Ranpli yo (an anglè), ki fè pati pwogram sa a, disponib gratis pou kontribyab nenpòt nivo revni epi li bay fòm nan elektwonik pou moun ranpli epi yo ka e-file deklarasyon yo pou kont yo.
IRS Direct File (an anglè) kounye a ouvri pou tout kontribyab ki elijib yo nan 25 eta pou ranpli deklarasyon enpo federal ane 2024 sou entènèt, gratis, dirèkteman bay IRS. Ale sou sitwèb Direct File pou plis enfòmasyon sou kalifikasyon Direct File (an anglè) ak 25 eta k ap patisipe yo.
Atravè yon rezo patenarya kominotè, pwogram Asistans Volontè Enpo sou Revni (VITA) ak Konsèy Enpo pou Moun Aje yo (TCE( (an angle) ofri preparasyon enpo gratis pou moun ki kalifye nan kominote a pa volontè IRS ki sètifye yo.
MilTax (an anglè), yon pwogram Depatman Defans, jeneralman ofri preparasyon enpo gratis ak lojisyèl ranpli elektwonik pou deklarasyon enpo sou revni federal ak jiska twa deklarasyon enpo sou revni leta pou tout manm militè yo, avèk kèk veteran, ki pa gen limit sou revni.
Sèvi ak Kote Ranbousman Mwen an? pou tcheke estati ranbousman
Zouti Kote Ranbousman Mwen an? anjeneral montre yon estati ranbousman nan 24 èdtan apre yon kontribyab e-file yon deklarasyon ane aktyèl la. Li pran apeprè kat semèn pou menm enfòmasyon yo disponib pou moun ki fè deklarasyon yo sou papye.
Kontribyab yo ka jwenn enfòmasyon ranbousman yo pou ane aktyèl la ak de ane ki sot pase yo. Zouti a disponib 24/7, epi li se yon fason rapid ak fasil pou jwenn enfòmasyon sou yon ranbousman san ou pa bezwen rele IRS. Pou sèvi ak zouti a, kontribyab yo bezwen nimewo Sekirite Sosyal yo, estati dosye yo ak kantite lajan ranbousman egzak yo. Zouti a mete ajou yon sel fwa pa jou, kidonk moun pa bezwen tcheke l pi souvan.
Kontribyab yo ka tcheke tou Kote Ranbousman Mwen an? Lè yo telechaje aplikasyon mobil gratis IRS, IRS2Go, nan yon aparèy iPhone oswa Android.
Kontribyab ki dwe sou deklarasyon enpo yo
IRS raple moun yo ka evite peye enterè ak kèk penalite lè yo ranpli deklarasyon enpo yo epi, si yo gen yon balans yo dwe, yo peye montan total ki dwe a nan dat limit enpo 15 avril la.
Opsyon peman pou moun
IRS ofri plizyè opsyon pou kontribyab k ap fè peman enpo:
- Direct Pay – Fè yon peman dirèkteman nan yon kont chèk oswa kont epay san okenn frè oswa enskripsyon.
- Kont Entènèt Endividyèl IRS – Fè yon peman dirèkteman nan yon kont chèk oswa kont epay epi gade kantite lajan ou dwe, detay plan peman, istwa peman ak peman pwograme yo. Pou kreye yon kont oswa pou jwenn plis enfòmasyon, kontribyab yo ka vizite paj kont sou entènèt la sou IRS.gov.
- Peye enpo avèk kat debi, kat kredi oswa bous dijital – Fè yon peman dirèkteman ak yon kat debi, kat kredi oswa bous dijital. Yo peye frè bay pwocesè peman yo. IRS pa resevwa okenn frè pou peman sa yo. Pwosesè peman ki apwouve yo ak nimewo telefòn yo disponib sou IRS.gov.
- Sistèm Elektwonik Peman Enpo Federal (EFTPS) – Sèvis gratis sa a bay kontribyab yo yon fason an sekirite epi pratik pou peye enpo endividyèl ak biznis yo pa telefòn oswa sou entènèt. Pou enskri ak pou plis enfòmasyon, kontribyab yo ka vizite eftps.gov (an anglè) oswa rele 800-555-4477.
- Retrè Lajan Elektwonik (EFW) (an anglè) – Kontribyab yo ka ranpli ak peye elektwonikman nan kont labank yo lè yo sèvi ak lojisyèl preparasyon enpo oswa yon pwofesyonèl enpo. Opsyon sa a gratis epi li disponib sèlman lè w ap ranpli yon deklarasyon enpo elektwonikman.
- Chèk oswa manda lajan – Peman ki fèt pa chèk oswa manda lajan yo ta dwe fèt peyab a “United States Treasury”.
- Lajan Kach – Fè yon peman lajan kach atravè yon patnè biznis oswa lòt mwayen. IRS ankouraje kontribyab ki chwazi opsyon sa a pou yo kòmanse bonè paske li enplike yon pwosesis kat etap. Ou ka jwenn enfòmasyon detaye, ki gen ladan repons pou kesyon yo poze souvan, nan paj IRS.gov la sou fason pou Peye ak Lajan Kach nan yon Patnè Biznis.
Opsyon peman pou moun ki pa kapab peye tout enpo yo
Kontribyab ki pa ka peye tout enpo yo nan dat limit enpo la ta dwe peye sa yo kapab kounye a epi aplike pou yon plan peman sou entènèt. Aplikan ki aplike sou entènèt pral konnen imedyatman si yo aksepte oswa refize demann yo pou yon plan peman san yo pa rele oswa ekri IRS.
Opsyon plan peman sou entènèt yo enkli:
- Plan peman kout tèm – Balans total ou dwe mwens pase $100 000 nan enpo konbine, penalite ak enterè. Tan adisyonèl ki rive jiska 180 jou pou peye balans lan konplè.
- Plan peman alontèm – Nouvo kritè Plan Peman Senp fè li pi fasil ak pi aksesib pou antre nan yon plan peman alontèm lè total balans ou dwe mwens pase $50 000 nan enpo konbine, penalite ak enterè. Kontribyab yo ka fè peman chak mwa jiska dat limit koleksyon an, anjeneral, dizan. Peman yo ka fèt pa debi dirèk (retrè otomatik labank), sa ki evite bezwen pou fè yon peman chak mwa, ekonomize sou depans poste ak diminye risk pou defo peman.
Malgre ke enterè ak penalite pou peman an reta yo kontinye ogmante sou enpo ki poko peye apre 15 avril, penalite pou echèk peye a redwi a mwatye toutotan yon akò peman an anvigè. Jwenn plis enfòmasyon sou depans plan peman yo nan paj wèb IRS Lòt Enfòmasyon sou Plan Peman yo.
Ou pa kapab ranpli nan dat limit 15 avril la?
Moun ki pa kapab ranpli deklarasyon enpo yo nan dat limit enpo la ka aplike pou yon pwolongasyon pou ranpli enpo nan fason sa yo:
- Moun k ap fè enpo endividyèl yo, kèlkeswa revni, yo ka mande elektwonikman yon pwolongasyon otomatik pou ranpli enpo atravè IRS Free File lè yo ranpli yon Fòm 4868, Aplikasyon pou Pwolonjman Otomatik Tan pou Ranpli Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini (an anglè).
- Fè yon peman elektwonik lè l sèvi avèk Direct Pay, kat debi, kat kredi oswa bous dijital epi endike peman an se pou yon pwolongasyon.
- Poste Fòm 4868 anvan dat limit enpo la.
Jwenn yon pwolongasyon
Bagay kontribyab yo ta dwe konnen lè yo mande yon pwolongasyon pou ranpli enpo, tankou:
- Demann pwolongasyon pou ranpli enpo yo dwe nan dat limit enpo a, epi li pa bay yon pwolongasyon tan pou peye enpo yo.
- Evite kèk penalite lè w estime epi peye enpo ki dwe nan dat limit enpo la.
- Règ espesyal pou dat limit enpo ak pwolongasyon otomatik pou ranpli enpo yo ka aplike pou kontribyab k ap sèvi nan yon zòn konba oswa zòn ki kalifye pou sèvis danjere (an anglè), moun k ap viv andeyò Etazini (an anglè), ak moun k ap viv nan sèten zòn dezas. Yo ka pa bezwen soumèt yon pwolongasyon pou ranpli enpo; sepandan, moun sa yo dwe tcheke pou wè si yo kalifye anvan dat limit enpo la.
Sèvi ak IRS.gov pou jwenn enfòmasyon w pi rapid ak pi fasil
Kontribyab yo ka vizite IRS.gov 24 sou 24 pou jwenn repons pou kesyon enpo (an anglè), plis konsèy ak resous lè yo vizite paj Kite nou ede w la.