Moun ki fè yon deklarasyon taks 2019 oswa 2020 anvan 30 sektanm 2022 ka kalifye pou alèjman penalite

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

6 sektanm 2022

Si w ap batay pou w soti apre sa ou sibi nan pandemi COVID-19 la, IRS la ap bay alèjman penalite pou majorite moun ki te depoze yon seri deklarasyon 2019 oswa 2020 an reta.

Nan fen sektanm 2022 a, ou ka youn pami plizyè milyon kontribyab ki pral resevwa otomatikman ranbousman oswa kredi pou penalite ou te peye yo.
Alèjman sa se pou penalite pou deklarasyon ki pa fèt. Nòmalman, IRS la evalye penalite a nan yon to 5% pa mwa, jiska 25% taks ki pa peye lè ou fè yon deklarasyon taks sou revni federal an reta. Li aplike pou fòm ki ni nan seri 1040 ak seri 1120 yo, ak lòt yo.

W ap jwenn tout detay yo nan Avi 2022-36 (an anglè) PDF sou IRS.gov.