Konsèy enpo IRS 2025-20, 25 mas 2025
Kontribyab yo ta dwe asire yo yo gen tout dokiman yo kii nesesè anvan yo ranpli yon deklarasyon enpo federal. Moun ki pa t resevwa yon W-2 oswa Fòm 1099 (an anglè) ta dwe kontakte anplwayè a, moun ki peye a oswa ajans ki bay fòm nan epi mande dokiman ki manke oswa ki korije yo.
Si yon kontribyab pa resevwa fòm ki manke oswa ki korije a alè pou li fè deklarasyon enpo li, li ka fè yon estimasyon salè oswa peman li te resevwa yo, ansanm ak nenpòt prelèvman enpo. Pou evite ranpli yon deklarasyon enkonplè, yo ka bezwen sèvi ak Fòm 4852, Ranplasan pou Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo , oswa Fòm 1099-R, Distribisyon Pansyon, Anwite, Plan Retrèt oswa Patisipasyon Pwofi, IRA, Kontra Asirans, Elatriye (an anglè).
Si yo resevwa Fòm W-2 oswa Fòm 1099-R ki manke oswa korije apre yo fin ranpli deklarasyon enpo yo epi enfòmasyon an diferan de estimasyon anvan yo, yo dwe ranpli Fòm 1040-X, Deklarasyon Modifye Enpo sou Revni Endividyèl Ozetazini (an anglè).
Pifò kontribyab ta dwe resevwa dokiman yo anvan 31 janvye. Dokiman sa yo ka enkli:
- Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo
- Fòm 1099-MISC, Revni Divès
- Fòm 1099-INT, Revni Enterè
- Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa Anplwaye
- Fòm 1099-G, Sèten Peman Gouvènman, tankou konpansasyon pou chomaj oswa ranbousman enpo leta
- Lèt 6419, 2021 Total Peman Davans Kredi Enpo pou Timoun
- Lèt 6475, Peman Enpak Ekonomik ane 2021 ou a
Fòm 1099-G ki pa kòrèk pou benefis chomaj
Kontribyab yo dwe rapòte konpansasyon pou chomaj yo nan deklarasyon enpo paske li se revni enpozab.
Kontribyab ki resevwa yon Fòm 1099-G ki pa kòrèk ta dwe kontakte ajans eta a pou mande yon Fòm 1099-G revize ki montre benefis kòrèk yo. Kontribyab yo ki pa kapab jwenn yon fòm alè, korije nan men eta yo ta dwe toujou ranpli yon deklarasyon enpo egzat, rapòte sèlman revni yo te resevwa.
Si kontribyab la pa t resevwa benefis chomaj men li te resevwa yon Fòm 1099-G pou konpansasyon chomaj, sa ka yon siy ke yo te vòlè idantite kontribyab la.